Psalms 140

Pou chèf sanba yo. Se yon sòm David.
למנצח מזמור לדוד חלצני יהוה מאדם רע מאיש חמסים תנצרני׃
Seyè, delivre m' anba mechan yo non! Pwoteje m' anba ansasen yo non,
אשר חשבו רעות בלב כל יום יגורו מלחמות׃
anba moun k'ap kalkile move lide nan tèt yo, ki tout tan ap pouse dife.
שננו לשונם כמו נחש חמת עכשוב תחת שפתימו סלה׃
Lang yo se razwa. Pawòl nan bouch yo se pwazon, ou ta di venen sèpan aspik.
שמרני יהוה מידי רשע מאיש חמסים תנצרני אשר חשבו לדחות פעמי׃
Seyè, pa kite m' tonbe anba men mechan yo, pwoteje m' anba ansasen yo k'ap chache jan pou yo fè m' tonbe.
טמנו גאים פח לי וחבלים פרשו רשת ליד מעגל מקשים שתו לי סלה׃
Awogan yo pare yon pèlen pou mwen, yo tann pèlen kòd pou mwen, yo mete moun veye m' sou tout chemen mwen.
אמרתי ליהוה אלי אתה האזינה יהוה קול תחנוני׃
Mwen di Seyè a: -Se ou ki Bondye mwen. Koute m' non, Seyè, lè m'ap rele nan pye ou.
יהוה אדני עז ישועתי סכתה לראשי ביום נשק׃
Seyè, Bondye mwen, ou se fòs ki pou sove m' lan. W'ap pwoteje m' lè batay la mare.
אל תתן יהוה מאויי רשע זממו אל תפק ירומו סלה׃
Seyè, pa kite mechan yo fè sa yo gen lide fè a! Pa kite sa yo vle fè a rive!
ראש מסבי עמל שפתימו יכסומו׃
Pa kite moun ki pa vle wè m' yo dominen sou mwen. Se pou mechanste ki nan bouch yo a tonbe sou yo!
ימיטו עליהם גחלים באש יפלם במהמרות בל יקומו׃
Se pou Bondye grennen chabon dife sou yo tankou lapli. Se pou l' fè yo tonbe nan gwo twou byen fon kote yo p'ap janm ka leve sòti.
איש לשון בל יכון בארץ איש חמס רע יצודנו למדחפת׃
Se pou moun k'ap pale moun mal yo pèdi pye nan peyi a. Se pou malè tonbe sou ansasen yo pou l' touye yo.
ידעת כי יעשה יהוה דין עני משפט אבינים׃
Mwen konnen Seyè a va fè pòv yo jistis. L'a defann kòz moun ki san sekou yo. Wi, moun k'ap mache dwat yo va fè lwanj li. Moun ki obeyi l' yo va toujou viv devan l'.
אך צדיקים יודו לשמך ישבו ישרים את פניך׃