Psalms 138

Se yon sòm David. Seyè, m'ap di ou mèsi ak tout kè m'. La, devan lòt bondye yo, m'ap chante, m'ap jwe gita pou ou!
לדוד אודך בכל לבי נגד אלהים אזמרך׃
M'ap mete ajenou devan kay ki apa pou ou a, m'ap fè lwanj ou, paske ou gen bon kè, paske ou toujou kenbe pawòl ou, paske ou fè sa ou te pwomèt la. Se tout moun k'ap nonmen non ou koulye a.
אשתחוה אל היכל קדשך ואודה את שמך על חסדך ועל אמתך כי הגדלת על כל שמך אמרתך׃
Lè m' te rele ou, ou te reponn mwen, ou te ban m' plis kouraj.
ביום קראתי ותענני תרהבני בנפשי עז׃
Tout moun ki sou latè va fè lwanj ou, Seyè, lè y'a vin konnen pawòl ki soti nan bouch ou.
יודוך יהוה כל מלכי ארץ כי שמעו אמרי פיך׃
Y'a chante pou sa Seyè a te fè, y'a di: Ala gwo pouvwa Seyè a genyen!
וישירו בדרכי יהוה כי גדול כבוד יהוה׃
Wi, Seyè a anwo nan syèl la. Men, li wè moun ki soumèt devan li. Li rete byen lwen, li rekonèt moun k'ap fè grandizè yo.
כי רם יהוה ושפל יראה וגבה ממרחק יידע׃
Menm lè mwen nan gwo tèt chaje, ou pa kite m' mouri. Ou leve men ou pou rete lènmi m' yo ki ankòlè. Ou sove m' avèk fòs ponyèt ou.
אם אלך בקרב צרה תחיני על אף איבי תשלח ידך ותושיעני ימינך׃
W'a fin fè sa ou te konmanse fè pou mwen an. Seyè, ou p'ap janm sispann renmen nou. Pa vire do ou kite travay ou konmanse fè a!
יהוה יגמר בעדי יהוה חסדך לעולם מעשי ידיך אל תרף׃