Psalms 130

Se yon chante pou yo chante lè y'ap moute lavil Jerizalèm. Nan mizè mwen ye a, Seyè, m'ap rele nan pye ou.
שיר המעלות ממעמקים קראתיך יהוה׃
Seyè, koute m' non! Panche zòrèy ou pou ou tande jan m'ap lapriyè nan pye ou.
אדני שמעה בקולי תהיינה אזניך קשבות לקול תחנוני׃
Si ou t'ap make tout zak nou fè, Seyè, ki moun ki ta ka leve tèt devan ou?
אם עונות תשמר יה אדני מי יעמד׃
Men, ou padonnen nou, pou n' ka respekte ou.
כי עמך הסליחה למען תורא׃
Mwen mete tout espwa m' nan Seyè a, mwen mete espwa m' nan sa li di.
קויתי יהוה קותה נפשי ולדברו הוחלתי׃
N'ap tann Seyè a, tankou faksyonnè k'ap tann solèy leve, wi, tankou faksyonnè k'ap tann solèy leve!
נפשי לאדני משמרים לבקר שמרים לבקר׃
Nou menm pèp Izrayèl, mete tout espwa nou nan Seyè a, paske li renmen nou anpil. Li toujou pare pou delivre.
יחל ישראל אל יהוה כי עם יהוה החסד והרבה עמו פדות׃
Se li menm ki va delivre pèp Izrayèl la anba tout mechanste yo fè yo.
והוא יפדה את ישראל מכל עונתיו׃