Psalms 127

Se yon chante Salomon pou yo chante lè y'ap moute lavil Jerizalèm. Si se pa Seyè a ki bati kay la, travay moun k'ap bati yo pa vo anyen. Si se pa Seyè a k'ap pwoteje lavil la, travay moun k'ap veye yo pa vo anyen.
שיר המעלות לשלמה אם יהוה לא יבנה בית שוא עמלו בוניו בו אם יהוה לא ישמר עיר שוא שקד שומר׃
Sa pa vo lapenn pou nou leve granmaten, pou nou kouche ta, pou nou travay di pou n' ka manje, paske, lè Bondye renmen yon moun, li ba li tout bagay pandan l'ap dòmi.
שוא לכם משכימי קום מאחרי שבת אכלי לחם העצבים כן יתן לידידו שנא׃
Pitit se kado Bondye bay, se yon rekonpans pou manman ak papa.
הנה נחלת יהוה בנים שכר פרי הבטן׃
Menm jan yon sòlda santi li gen kouraj lè l' gen zam li nan men l', se menm jan an tou pou yon moun ki fè pitit gason depi lè l' te jenn.
כחצים ביד גבור כן בני הנעורים׃
Ala bon sa bon pou moun ki gen anpil zam konsa! Li p'ap janm wont lè li kanpe nan pòtay lavil la pou l' diskite ak moun k'ap chache l' kont.
אשרי הגבר אשר מלא את אשפתו מהם לא יבשו כי ידברו את אויבים בשער׃