Psalms 103

Se yon sòm David. Kite m' di Seyè a mèsi! Kite m' di Seyè ki pa tankou tout moun lan mèsi ak tout nanm mwen!
לדוד ברכי נפשי את יהוה וכל קרבי את שם קדשו׃
Wi, kite m' di Seyè a mèsi. Mwen pa dwe janm bliye tout byen li fè pou mwen.
ברכי נפשי את יהוה ואל תשכחי כל גמוליו׃
Li padonnen tout peche m' yo, li geri tout maladi m' yo.
הסלח לכל עונכי הרפא לכל תחלאיכי׃
Li wete m' nan bouch twou a. Li beni m', li fè m' wè jan li renmen m', jan li gen pitye pou mwen.
הגואל משחת חייכי המעטרכי חסד ורחמים׃
Li kouvri m' ak benediksyon pandan tout lavi m', li fè m' rete jenn ak tout fòs mwen, tankou malfini.
המשביע בטוב עדיך תתחדש כנשר נעוריכי׃
Seyè a pa nan patipri. Li rann jistis an favè tout moun k'ap sibi lenjistis.
עשה צדקות יהוה ומשפטים לכל עשוקים׃
Li fè Moyiz konnen sa l' te gen nan tèt li, li fè pitit Izrayèl yo wè mèvèy li yo.
יודיע דרכיו למשה לבני ישראל עלילותיו׃
Seyè a gen kè sansib, li gen bon kè. Li pa fè kòlè fasil, li p'ap janm sispann renmen nou.
רחום וחנון יהוה ארך אפים ורב חסד׃
Li p'ap pase tout tan l' ap pini nou, li pa ankòlè pou lontan.
לא לנצח יריב ולא לעולם יטור׃
Li pa aji ak nou jan nou ta merite l' la, li pa pini nou jan l' ta dwe pini nou.
לא כחטאינו עשה לנו ולא כעונתינו גמל עלינו׃
Menm jan syèl la byen lwen anwo tè a, se konsa Seyè a renmen moun ki gen krentif pou li.
כי כגבה שמים על הארץ גבר חסדו על יראיו׃
Menm jan kote solèy leve a byen lwen ak kote solèy kouche a, se konsa li wete peche nou yo, li voye yo jete byen lwen nou.
כרחק מזרח ממערב הרחיק ממנו את פשעינו׃
Menm jan yon papa sansib pou pitit li, se konsa Seyè a sansib pou moun ki gen krentif pou li.
כרחם אב על בנים רחם יהוה על יראיו׃
Li konnen ak kisa nou fèt, li chonje se pousyè tè nou ye.
כי הוא ידע יצרנו זכור כי עפר אנחנו׃
Lèzòm menm, lavi yo tankou zèb. Yo grandi, yo fleri tankou flè savann.
אנוש כחציר ימיו כציץ השדה כן יציץ׃
Kou van soufle sou yo, yo disparèt. Pesonn pa rekonèt kote yo te ye a.
כי רוח עברה בו ואיננו ולא יכירנו עוד מקומו׃
Men renmen Bondye pou moun ki gen krentif pou li yo, se bagay ki la pou tout tan. L'ap gen pitye pou pitit pitit yo,
וחסד יהוה מעולם ועד עולם על יראיו וצדקתו לבני בנים׃
pou moun ki kenbe pawòl yo ak li, pou moun ki chonje kòmandman li yo pou obeyi yo.
לשמרי בריתו ולזכרי פקדיו לעשותם׃
Seyè a mete fotèy li anwo nan syèl la, l'ap gouvènen tout bagay.
יהוה בשמים הכין כסאו ומלכותו בכל משלה׃
Nou menm zanj li yo ki vanyan, ki gen fòs, nou menm k'ap fè tou sa li mande nou fè, nou menm k'ap koute sa l'ap di nou, fè lwanj Seyè a!
ברכו יהוה מלאכיו גברי כח עשי דברו לשמע בקול דברו׃
Nou tout ki fè pati lame ki nan syèl la, nou tout k'ap sèvi l', k'ap fè volonte li, di Seyè a mèsi!
ברכו יהוה כל צבאיו משרתיו עשי רצונו׃
Nou tout kreyati Bondye, nou tout ki toupatou kote l'ap gouvènen, di Seyè a mèsi! Wi, kite m' di Seyè a mèsi!
ברכו יהוה כל מעשיו בכל מקמות ממשלתו ברכי נפשי את יהוה׃