Proverbs 13

Yon pitit gason ki gen bon konprann ap koute lè papa l' ap rale zòrèy li. Men, moun k'ap pase moun nan betiz p'ap janm koute lè y'ap fè l' obsèvasyon pou korije l'.
בן חכם מוסר אב ולץ לא שמע גערה׃
Rekonpans yon moun chita sou sa li di ak bouch li. Men, moun ki ipokrit renmen fè mechanste.
מפרי פי איש יאכל טוב ונפש בגדים חמס׃
Veye pawòl ki soti nan bouch ou, w'a pwoteje lavi ou. Moun k'ap prese louvri bouch yo pale ap detwi pwòp tèt yo.
נצר פיו שמר נפשו פשק שפתיו מחתה לו׃
Parese p'ap janm jwenn sa yo ta renmen genyen. Men, moun k'ap travay di ap jwenn tou sa yo ta renmen genyen.
מתאוה ואין נפשו עצל ונפש חרצים תדשן׃
Moun k'ap mache dwat pa vle wè moun k'ap bay manti. Men, sa mechan yo ap fè a se yon wont, se yon dezonè pou tèt yo.
דבר שקר ישנא צדיק ורשע יבאיש ויחפיר׃
Lè ou toujou fè sa ki byen, lajistis ap pwoteje ou. Men, peche lakòz mechan yo disparèt.
צדקה תצר תם דרך ורשעה תסלף חטאת׃
Gen moun ki pa gen anyen men ki pran pòz moun rich yo. Gen moun ki pran pòz moun pòv yo, epi se yo ki gen fòtin.
יש מתעשר ואין כל מתרושש והון רב׃
Yon moun rich sèvi ak lajan l' pou l' sove lavi l'. Moun ki pòv pa vle tande lè w'ap rele dèyè l'.
כפר נפש איש עשרו ורש לא שמע גערה׃
Moun k'ap mache dwat yo tankou lanp k'ap klere byen klere. Men, mechan yo tankou yon lanp ki prèt pou mouri.
אור צדיקים ישמח ונר רשעים ידעך׃
Moun awogan yo toujou ap pouse dife. Men, moun ki koute konsèy, se moun ki gen bon konprann.
רק בזדון יתן מצה ואת נועצים חכמה׃
Lajan ou fè fasil pa lwen fini. Lajan ou fè nan di ap toujou fè pitit.
הון מהבל ימעט וקבץ על יד ירבה׃
Lè ou pa jwenn sa ou t'ap tann lan, se bagay ki pou fè ou malad. Men, lè ou jwenn sa ou te anvi a, se lavi pou ou.
תוחלת ממשכה מחלה לב ועץ חיים תאוה באה׃
Lè ou pa respekte pawòl ki nan lalwa Bondye a, se dèt ou fè. Men, moun ki fè sa lalwa mande yo fè a ap jwenn rekonpans yo.
בז לדבר יחבל לו וירא מצוה הוא ישלם׃
Sa moun ki gen bon konprann ap moutre a bay lavi. L'ap ede ou pou ou pa tonbe lè lavi ou an danje.
תורת חכם מקור חיים לסור ממקשי מות׃
Lè ou gen bon konprann, sa fè moun renmen ou. Men, lè moun pa ka fè ou konfyans, ou nan di.
שכל טוב יתן חן ודרך בגדים איתן׃
Tout moun ki gen konprann kalkile byen anvan yo fè yon bagay. Men, moun san konprann yo ap fè ou wè jan yo sòt.
כל ערום יעשה בדעת וכסיל יפרש אולת׃
Yon move komisyonè ap mete moun nan ka. Men, yon komisyonè serye ap bay moun kè poze.
מלאך רשע יפל ברע וציר אמונים מרפא׃
Yon moun ki refize aprann ap toujou pòv, l'ap toujou wont. Men, y'ap respekte moun ki koute lè yo rale zòrèy yo.
ריש וקלון פורע מוסר ושומר תוכחת יכבד׃
Ala bon sa bon lè ou jwenn sa ou te anvi a! Moun san konprann derefize kite move chemen yo pran an.
תאוה נהיה תערב לנפש ותועבת כסילים סור מרע׃
Fè zanmi ak moun ki gen konesans, ou menm tou w'a vin gen konesans. Fè zanmi ak moun ki san konprann, ou nan pwoblèm.
הלוך את חכמים וחכם ורעה כסילים ירוע׃
Malè ap pousib moun k'ap fè sa ki mal. Men, moun ki mache dwat ap jwenn bon rekonpans.
חטאים תרדף רעה ואת צדיקים ישלם טוב׃
Yon moun ki gen bon kè ap kite byen pou pitit pitit li. Men, richès moun k'ap fè sa ki mal, se moun ki mache dwat yo k'ap jwi li.
טוב ינחיל בני בנים וצפון לצדיק חיל חוטא׃
Jaden malere bay kont manje. Men, lenjistis fè l' mouri grangou.
רב אכל ניר ראשים ויש נספה בלא משפט׃
Si ou pè bat pitit gason ou, ou pa renmen l'. Si ou renmen l', se pou ou korije l'.
חושך שבטו שונא בנו ואהבו שחרו מוסר׃
Moun k'ap mache dwat toujou gen ase pou yo manje. Men, vant mechan yo pa janm plen.
צדיק אכל לשבע נפשו ובטן רשעים תחסר׃