Malachi 4

Gade! Jou a ap vini: Pral fè cho anpil tankou nan yon fou. Tout awogan yo ansanm ak tout mechan yo pral boule tankou pay chèch. Se Seyè a menm ki di sa. Wi, jou sa a, y'ap boule nèt san kite tras.
כי הנה היום בא בער כתנור והיו כל זדים וכל עשה רשעה קש ולהט אתם היום הבא אמר יהוה צבאות אשר לא יעזב להם שרש וענף׃
Men, pou moun k'ap sèvi m' yo, pouvwa mwen ki la pou delivre yo a ap leve tankou yon bèl solèy byen klere. Yo pral sote ponpe tankou jenn ti towo gra ki lage nan savann.
וזרחה לכם יראי שמי שמש צדקה ומרפא בכנפיה ויצאתם ופשתם כעגלי מרבק׃
Nou pral pilonnen mechan yo, yo pral tankou sann dife anba pye nou, jou m'a deside pou m' aji a. Se Seyè ki gen tout pouvwa a ki di sa.
ועסותם רשעים כי יהיו אפר תחת כפות רגליכם ביום אשר אני עשה אמר יהוה צבאות׃
Pa bliye sa Moyiz, sèvitè m' lan, te moutre nou, tout lòd ak tout regleman mwen te ba li sou mòn Orèb la pou tout pèp Izrayèl la.
זכרו תורת משה עבדי אשר צויתי אותו בחרב על כל ישראל חקים ומשפטים׃
Jou m' lan pral yon gwo jou, yon jou ki pral fè moun tranble. Men, anvan li rive, mwen gen pou m' voye pwofèt Eli.
הנה אנכי שלח לכם את אליה הנביא לפני בוא יום יהוה הגדול והנורא׃
Li gen pou l' fè papa byen ankò ak pitit, pitit vin byen ankò ak papa. Si se pa sa, m'ap vini, m'ap detwi peyi nou an nèt ale.
והשיב לב אבות על בנים ולב בנים על אבותם פן אבוא והכיתי את הארץ חרם׃