Job 30

Men koulye a, moun ki pi jenn pase m' yo ap pase m' nan rizib. Papa yo se moun mwen pa t' pran pou anyen, moun mwen pa ta menm mete ak chen m' pou gade mouton.
ועתה שחקו עלי צעירים ממני לימים אשר מאסתי אבותם לשית עם כלבי צאני׃
Epitou, yo te twò fèb pou fè anyen pou mwen. Se te yon bann gason san kouraj.
גם כח ידיהם למה לי עלימו אבד כלח׃
Mizè ak grangou te fini ak yo. Lannwit se grenn bwa yo te konn al souse nan savann kote moun pa rete.
בחסר ובכפן גלמוד הערקים ציה אמש שואה ומשאה׃
Yo pran fèy raje pou yo manje. Ata rasin bayawonn pase.
הקטפים מלוח עלי שיח ושרש רתמים לחמם׃
Kote yo pase moun mete yo deyò, yo rele bare dèyè yo tankou vòlè.
מן גו יגרשו יריעו עלימו כגנב׃
Yo te blije al rete nan twou wòch, nan twou tè sou bò ravin yo.
בערוץ נחלים לשכן חרי עפר וכפים׃
Y'ap rele tankou bèt mawon nan raje a. Yo fè pil sou pil nan savann lan.
בין שיחים ינהקו תחת חרול יספחו׃
Se te yon bann sanzave ki pa t' menm gen non. Yo te mete yo deyò nan peyi a.
בני נבל גם בני בלי שם נכאו מן הארץ׃
Koulye a, y'ap fè chante sou mwen. Y'ap bay istwa sou do m'.
ועתה נגינתם הייתי ואהי להם למלה׃
Yo pè pwoche bò kote m' pou m' pa sal yo. Yo menm krache nan figi m'.
תעבוני רחקו מני ומפני לא חשכו רק׃
Paske Bondye kraze kouraj mwen, li lage m' atè, kifè, mapou tonbe, kabrit manje fèy li.
כי יתרו פתח ויענני ורסן מפני שלחו׃
Bann moun sa yo leve dèyè m', y'ap fè m' kouri. Yo lage dèyè m' pou yo pran m'.
על ימין פרחח יקומו רגלי שלחו ויסלו עלי ארחות אידם׃
Yo sènen m' toupatou pou yo ka fini avè m'. Pa gen pesonn pou di yo pa fè sa.
נתסו נתיבתי להותי יעילו לא עזר למו׃
Yo pase nan fant barikad, yo tonbe sou mwen. Yo pilonnen m' anba pye yo.
כפרץ רחב יאתיו תחת שאה התגלגלו׃
Yon sèl latranblad pran mwen. Tankou yon kout van li kraze kouraj mwen. Tankou yon nwaj k'ap pase, tout byen m' yo disparèt.
ההפך עלי בלהות תרדף כרוח נדבתי וכעב עברה ישעתי׃
Koulye a, mwen prèt pou m' mouri. Lafliksyon ap fini avè m'.
ועתה עלי תשתפך נפשי יאחזוני ימי עני׃
Lannwit, tout zo nan kò m' ap fè m' mal. Doulè ap manje m' anndan san rete.
לילה עצמי נקר מעלי וערקי לא ישכבון׃
Bondye ponyen m' nan kòlèt, l'ap chifonnen tout rad sou mwen.
ברב כח יתחפש לבושי כפי כתנתי יאזרני׃
Li voye m' jete nan labou. Mwen pa pi bon pase pousyè tè ak sann dife.
הרני לחמר ואתמשל כעפר ואפר׃
Mwen rele nan pye ou, Bondye! Ou pa reponn mwen. Mwen kanpe devan ou, ou pa okipe m' menm.
אשוע אליך ולא תענני עמדתי ותתבנן בי׃
Ou pa menm moun lan ankò. W'ap malmennen m'. Ou soti pou pèsekite m' ak tout fòs ou.
תהפך לאכזר לי בעצם ידך תשטמני׃
Ou fè van pote m' ale. M'ap vole tankou pay. Ou voye yon van tanpèt boulvèse m'.
תשאני אל רוח תרכיבני ותמגגני תשוה׃
Wi, mwen konnen byen pwòp w'ap mennen m' pou m' al mouri, pou m' al sibi sò k'ap tann tout moun lan.
כי ידעתי מות תשיבני ובית מועד לכל חי׃
Poukisa w'ap atake yon moun ki tou fin mouri, yon moun ki pa ka fè anyen ankò pase mande padon?
אך לא בעי ישלח יד אם בפידו להן שוע׃
Eske mwen pa t' nan lapenn ansanm ak moun ki te nan mizè? Eske kè m' pa t' fè m' mal pou moun ki pa t' gen anyen menm yo?
אם לא בכיתי לקשה יום עגמה נפשי לאביון׃
Mwen t'ap tann kontantman, se malè ki vini. Mwen t'ap tann limyè, se fènwa ki kouvri m'.
כי טוב קויתי ויבא רע ואיחלה לאור ויבא אפל׃
Tout zantray mwen ap bouyi san rete. Chak jou m'ap soufri pi rèd.
מעי רתחו ולא דמו קדמני ימי עני׃
M'ap mache kagou, san pesonn pou konsole m'. Mwen kanpe nan mitan tout moun, m'ap mande sekou.
קדר הלכתי בלא חמה קמתי בקהל אשוע׃
Vwa mwen tankou vwa koukou. Mwen rele tankou frize.
אח הייתי לתנים ורע לבנות יענה׃
Po m' vin tou nwa, l'ap dekale. Lafyèb ap manje m' nan zo.
עורי שחר מעלי ועצמי חרה מני חרב׃
Lontan se mizik gita ak fif ase ki te nan zòrèy mwen. Men, koulye a, se plenn, se kriye ase m'ap tande.
ויהי לאבל כנרי ועגבי לקול בכים׃