Genesis 18

Seyè a parèt devan Abraram bò pye bwadchenn Manmre yo. Abraram te chita nan papòt kay li, lè ki te fè pi cho nan lajounen an.
וירא אליו יהוה באלני ממרא והוא ישב פתח האהל כחם היום׃
Abraram leve je l', li rete konsa li wè twa mesye kanpe devan li toupre pyebwa yo. Wè li wè yo, li leve nan papòt la, li kouri al jwenn yo, li bese tèt li jouk atè pou l' di yo bonjou.
וישא עיניו וירא והנה שלשה אנשים נצבים עליו וירא וירץ לקראתם מפתח האהל וישתחו ארצה׃
Li di. Mèt, tanpri. Pa pase devan lakay mwen san ou pa fè yon ti rete. Se sèvitè ou mwen ye.
ויאמר אדני אם נא מצאתי חן בעיניך אל נא תעבר מעל עבדך׃
Kite m' mande yo pote ti gout dlo pou lave pye ou. Lèfini, w'a pran yon ti repo anba pyebwa sa a.
יקח נא מעט מים ורחצו רגליכם והשענו תחת העץ׃
'a pote yon ti manje pou ou soutni kè ou pou ou reprann fòs pou ou ka kontinye vwayaj ou. Ou rive lakay mwen, mwen la pou m' sèvi ou. Yo reponn li: -Dakò. Ou mèt fè jan ou di a.
ואקחה פת לחם וסעדו לבכם אחר תעברו כי על כן עברתם על עבדכם ויאמרו כן תעשה כאשר דברת׃
Abraram kouri lakay li, li ale jwenn Sara. Li di l' konsa. Fè vit. Pran trant liv farin bon kalite, mouye l', fè pen.
וימהר אברהם האהלה אל שרה ויאמר מהרי שלש סאים קמח סלת לושי ועשי עגות׃
Apre sa, Abraram kouri al nan bann bèt li yo, li pran yon jenn ti bèf byen gra, li bay yonn nan domestik li yo li pou li prese al kòche l'.
ואל הבקר רץ אברהם ויקח בן בקר רך וטוב ויתן אל הנער וימהר לעשות אתו׃
Apre sa, li pran fwomaj, li pran lèt fre, li mete yo ansanm ak vyann yo te pare a, li sèvi mesye yo. Pandan yo t'ap manje, Abraram te kanpe bò kote yo anba pyebwa a.
ויקח חמאה וחלב ובן הבקר אשר עשה ויתן לפניהם והוא עמד עליהם תחת העץ ויאכלו׃
Lèfini, yo mande l'. Kote Sara, madanm ou? Li reponn. Li la wi, anndan kay la.
ויאמרו אליו איה שרה אשתך ויאמר הנה באהל׃
Yonn nan vizitè yo di l'. Mwen gen pou m' tounen isit la, lè konsa lanne k'ap vini an. Lè sa a, Sara, madanm ou, ap gen tan gen yon pitit gason. Sara menm te kanpe nan papòt la dèyè Abraram, li t'ap koute.
ויאמר שוב אשוב אליך כעת חיה והנה בן לשרה אשתך ושרה שמעת פתח האהל והוא אחריו׃
Abraram ak Sara te fin vye granmoun. Yo te antre nan laj. Sara te sispann gen lalen li.
ואברהם ושרה זקנים באים בימים חדל להיות לשרה ארח כנשים׃
Sara tonbe ri nan kè l', li t'ap di. Koulye a, kalite jan m' fin vye a, ou kwè lide m' ta sou gason toujou! Epitou, mari mwen, mèt mwen, fin granmoun!
ותצחק שרה בקרבה לאמר אחרי בלתי היתה לי עדנה ואדני זקן׃
Seyè a di Abraram. Sa ki gen la a pou Sara ri konsa, pou l'ap di nan kè l'. Eske mwen kapab fè pitit ankò, jan m' fin vye a?
ויאמר יהוה אל אברהם למה זה צחקה שרה לאמר האף אמנם אלד ואני זקנתי׃
Bon. Eske gen kichòy ki twòp la a pou Mèt la fè? Sou dat mwen fikse a, m'a tounen pase wè ou ankò. Lè sa a, Sara va gen yon pitit gason.
היפלא מיהוה דבר למועד אשוב אליך כעת חיה ולשרה בן׃
Sara te pè, li t'ap plede, li t'ap di. Mwen pa t' ri non! Men Seyè a di l'. Men wi, machè, ou te ri.
ותכחש שרה לאמר לא צחקתי כי יראה ויאמר לא כי צחקת׃
Mesye yo leve, yo pati, yo mete tèt sou Sodòm. Yo rive kote yo te ka voye je yo gade anba pou wè Sodòm. Abraram menm t'ap mache ak yo. Li t'ap kondi yo mete pi devan sou wout la.
ויקמו משם האנשים וישקפו על פני סדם ואברהם הלך עמם לשלחם׃
Seyè a di nan kè l'. Mwen pa kapab kache Abraram sa m' pral fè a.
ויהוה אמר המכסה אני מאברהם אשר אני עשה׃
Pitit pitit li yo pral tounen yon gwo nasyon ki va gen pouvwa. Gremesi Abraram, tout nasyon sou latè pral jwenn benediksyon.
ואברהם היו יהיה לגוי גדול ועצום ונברכו בו כל גויי הארץ׃
Mwen te chwazi l' pou l' te pase pitit li yo ak tout rès fanmi l' k'ap vin apre li yo lòd pou yo mache nan chemen Seyè a met devan yo, pou yo fè sa ki kòrèk ak sa ki dwat devan Bondye. Se konsa m'a fè pou li tout sa mwen te pwomèt li a.
כי ידעתיו למען אשר יצוה את בניו ואת ביתו אחריו ושמרו דרך יהוה לעשות צדקה ומשפט למען הביא יהוה על אברהם את אשר דבר עליו׃
Apre sa, Seyè a di. Se pa ti kras bagay y'ap di sou moun Sodòm ak moun Gomò, paske peche moun sa yo lou anpil.
ויאמר יהוה זעקת סדם ועמרה כי רבה וחטאתם כי כבדה מאד׃
M'ap desann pou m' wè ak je mwen si sa y'ap di sou yo a se vre. Si se pa vre, m'a konnen.
ארדה נא ואראה הכצעקתה הבאה אלי עשו כלה ואם לא אדעה׃
Mesye yo pati, yo mete tèt sou Sodòm. Men, Seyè a te rete ak Abraram.
ויפנו משם האנשים וילכו סדמה ואברהם עודנו עמד לפני יהוה׃
Abraram pwoche bò kote Seyè a, li mande l'. Eske se vre ou pral touye inonsan yo ansanm ak koupab yo?
ויגש אברהם ויאמר האף תספה צדיק עם רשע׃
Si gen senkant moun inonsan nan lavil la, èske w'ap detwi tout lavil la? Eske ou p'ap fè pa lavil la poutèt senkant inonsan sa yo?
אולי יש חמשים צדיקם בתוך העיר האף תספה ולא תשא למקום למען חמשים הצדיקם אשר בקרבה׃
Aa! Pou di w'ap fè inonsan peri ak koupab? Se pa posib. Ou pa ka fè sa. Se lenjistis pou inonsan gen menm sò ak koupab. Non, sa pa ka fèt. Bondye k'ap jije tout moun sou tè a pa ka nan fè lenjistis.
חללה לך מעשת כדבר הזה להמית צדיק עם רשע והיה כצדיק כרשע חללה לך השפט כל הארץ לא יעשה משפט׃
Seyè a reponn. Si mwen jwenn senkant inonsan nan lavil Sodòm, m'ap fè pa tout lavil la, poutèt senkant inonsan sa yo.
ויאמר יהוה אם אמצא בסדם חמשים צדיקם בתוך העיר ונשאתי לכל המקום בעבורם׃
Abraram pale ankò, li di. Eskize m' wi! Seyè, si m' penmèt mwen pale ankò. Se moun ase mwen ye, mwen pa gen dwa di ou anyen.
ויען אברהם ויאמר הנה נא הואלתי לדבר אל אדני ואנכי עפר ואפר׃
Men, si se karannsenk moun inonsan sèlman ou jwenn, èske ou pral detwi tout lavil la paske manke senk pou fè senkant lan? Seyè a reponn. Si mwen jwenn karannsenk inonsan sèlman, mwen p'ap detwi lavil la.
אולי יחסרון חמשים הצדיקם חמשה התשחית בחמשה את כל העיר ויאמר לא אשחית אם אמצא שם ארבעים וחמשה׃
Abraram pale ankò, li di. Ou pa janm konnen, ka gen karant inonsan ase? Seyè a reponn. Si gen karant inonsan, mwen p'ap detwi lavil la.
ויסף עוד לדבר אליו ויאמר אולי ימצאון שם ארבעים ויאמר לא אעשה בעבור הארבעים׃
Abraram di. Tanpri, Seyè, pa fache sou mwen non. M'ap di ou yon ti mo ankò. Ou pa janm konnen, ou ka jwenn trant inonsan ase nan lavil la. Seyè a reponn. Si mwen jwenn trant, m'ap fè pa lavil la.
ויאמר אל נא יחר לאדני ואדברה אולי ימצאון שם שלשים ויאמר לא אעשה אם אמצא שם שלשים׃
Abraram di. Eskize m' wi, Seyè, si m' penmèt mwen pale toujou. Men, sipoze ou jwenn vin inonsan sèlman? Seyè a reponn li. Si mwen jwenn vin inonsan, m'ap fè pa lavil la.
ויאמר הנה נא הואלתי לדבר אל אדני אולי ימצאון שם עשרים ויאמר לא אשחית בעבור העשרים׃
Abraram di ankò. Tanpri, Seyè, pa fache sou mwen non. M'ap di yon dènye mo. Si ou jwenn dis inonsan ase? Seyè a reponn li. Si mwen jwenn dis inonsan, m'ap fè pa lavil la.
ויאמר אל נא יחר לאדני ואדברה אך הפעם אולי ימצאון שם עשרה ויאמר לא אשחית בעבור העשרה׃
Apre li fin pale ak Abraram, Seyè a al fè wout li. Abraram menm tounen lakay li.
וילך יהוה כאשר כלה לדבר אל אברהם ואברהם שב למקמו׃