I Kings 18

Apre sa, kèk tan pase. Chechrès la t'ap mache sou twazan depi li t'ap bat peyi a. Lè sa a, Seyè a pale ak Eli, li di l' konsa: -Al parèt devan wa Akab. Mwen pral fè lapli tonbe.
ויהי ימים רבים ודבר יהוה היה אל אליהו בשנה השלישית לאמר לך הראה אל אחאב ואתנה מטר על פני האדמה׃
Eli pati pou l' al devan wa Akab. Grangou a te rèd anpil pou moun lavil Samari yo.
וילך אליהו להראות אל אחאב והרעב חזק בשמרון׃
Akab te fè rele Abdyas ki te reskonsab palè a. Abdyas sa a te sèvi Seyè a ak tout kè li.
ויקרא אחאב אל עבדיהו אשר על הבית ועבדיהו היה ירא את יהוה מאד׃
Lè larenn Jezabèl t'ap fè touye pwofèt Seyè yo, li menm Abdyas te sove san (100) ladan yo. Li te kache yo nan de gwòt, li te mete senkant nan chak gwòt. Lèfini, li ba yo manje, li ba yo bwè.
ויהי בהכרית איזבל את נביאי יהוה ויקח עבדיהו מאה נבאים ויחביאם חמשים איש במערה וכלכלם לחם ומים׃
Akab te di Abdyas: -Nou pral mache nan tout peyi a, nou pral gade bò tout sous dlo, nan tout ravin kote nou ka jwenn zèb pou bay chwal yo ak milèt yo. Konsa nou p'ap bezwen touye ladan yo.
ויאמר אחאב אל עבדיהו לך בארץ אל כל מעיני המים ואל כל הנחלים אולי נמצא חציר ונחיה סוס ופרד ולוא נכרית מהבהמה׃
Yo separe peyi a fè de zòn, yo chak pran yon zòn pou yo mache al chache zèb. Se konsa Akab pran yon chemen, Abdyas pran yon lòt chemen.
ויחלקו להם את הארץ לעבר בה אחאב הלך בדרך אחד לבדו ועבדיהו הלך בדרך אחד לבדו׃
Antan Abdyas ap mache konsa, li tonbe bab pou bab ak Eli. Li rekonèt li, li bese tèt li jouk atè devan li. Li mande l': -Se ou menm vre, Eli, mèt mwen?
ויהי עבדיהו בדרך והנה אליהו לקראתו ויכרהו ויפל על פניו ויאמר האתה זה אדני אליהו׃
Eli reponn: -Wi, se mwen! Ale di wa a, mèt ou a, men m' isit la!
ויאמר לו אני לך אמר לאדניך הנה אליהו׃
Abdyas reponn: -Kisa m' fè ki mal pou ou voye m' al chache lanmò nan men wa Akab?
ויאמר מה חטאתי כי אתה נתן את עבדך ביד אחאב להמיתני׃
Mwen pran Seyè ki vivan an, Bondye ou la, pou temwen, pa gen peyi sou latè kote wa a pa fè chache ou. Chak fwa nan yon peyi yo di l' ou pa lakay yo, wa Akab te fòse chèf la ak tout pèp la fè sèman yo pa t' jwenn ou.
חי יהוה אלהיך אם יש גוי וממלכה אשר לא שלח אדני שם לבקשך ואמרו אין והשביע את הממלכה ואת הגוי כי לא ימצאכה׃
Epi, koulye a ou vle pou m' al di li men ou isit la?
ועתה אתה אמר לך אמר לאדניך הנה אליהו׃
Bon, vire m' vire do m' ale la a, si lespri Seyè a pran ou, li pote ou yon kote m' pa konnen, lè m'a di wa Akab ou isit la, lè l'a vini li pa wè ou, l'ap touye m'. Chonje mwen menm m'ap sèvi Seyè a ak krentif depi mwen piti.
והיה אני אלך מאתך ורוח יהוה ישאך על אשר לא אדע ובאתי להגיד לאחאב ולא ימצאך והרגני ועבדך ירא את יהוה מנערי׃
Mèt, yo pa janm rakonte ou sa m' te fè lè Jezabèl t'ap touye pwofèt Seyè yo? Mwen kache san (100) pwofèt nan de gwòt, senkant nan chak gwòt, mwen ba yo manje, mwen ba yo bwè.
הלא הגד לאדני את אשר עשיתי בהרג איזבל את נביאי יהוה ואחבא מנביאי יהוה מאה איש חמשים חמשים איש במערה ואכלכלם לחם ומים׃
Men koulye a ou vle pou m' al di wa a men ou isit la! L'ap touye m'!
ועתה אתה אמר לך אמר לאדניך הנה אליהו והרגני׃
Eli reponn li: -Mwen pran Seyè m'ap sèvi a, Bondye ki gen tout pouvwa a, pou temwen. Jòdi a m'ap parèt devan Akab!
ויאמר אליהו חי יהוה צבאות אשר עמדתי לפניו כי היום אראה אליו׃
Se konsa Abdyas pati, li jwenn Akab, li fè l' rapò. Akab vin kontre Eli.
וילך עבדיהו לקראת אחאב ויגד לו וילך אחאב לקראת אליהו׃
Wè Akab wè Eli, li di l': -Apa ou sa! Se ou menm k'ap rale malè sou pèp Izrayèl la konsa!
ויהי כראות אחאב את אליהו ויאמר אחאב אליו האתה זה עכר ישראל׃
Eli reponn li: -Se pa mwen ki rale malè sou pèp Izrayèl la. Se ou menm ak tout fanmi papa ou yo ki lakòz, paske nou dezobeyi lòd Seyè a te bay, n' al adore zidòl Baal yo.
ויאמר לא עכרתי את ישראל כי אם אתה ובית אביך בעזבכם את מצות יהוה ותלך אחרי הבעלים׃
Koulye a, bay lòd pou tout moun pèp Izrayèl yo vin sanble bò kote m' sou mòn Kamèl la. Gen katsansenkant (450) pwofèt Baal ak katsan (400) pwofèt zidòl fanm yo rele Astate a Jezabèl ap pran swen. Fè yo vini tou.
ועתה שלח קבץ אלי את כל ישראל אל הר הכרמל ואת נביאי הבעל ארבע מאות וחמשים ונביאי האשרה ארבע מאות אכלי שלחן איזבל׃
Akab voye chache tout pèp Izrayèl la. Li fè sanble tout pwofèt Baal yo sou mòn Kamèl la.
וישלח אחאב בכל בני ישראל ויקבץ את הנביאים אל הר הכרמל׃
Eli al kanpe devan pèp la, li di yo: -Kilè n'a sispann woule de bò! Si se Seyè a ki Bondye, se li pou n' sèvi. Si se Baal ki Bondye, se li pou n' sèvi! Men pèp la pa di yon mo.
ויגש אליהו אל כל העם ויאמר עד מתי אתם פסחים על שתי הסעפים אם יהוה האלהים לכו אחריו ואם הבעל לכו אחריו ולא ענו העם אתו דבר׃
Eli di yo: -Nan tout pwofèt Seyè a, se mwen menm ase ki rete. Men gen katsansenkant (450) pwofèt Baal.
ויאמר אליהו אל העם אני נותרתי נביא ליהוה לבדי ונביאי הבעל ארבע מאות וחמשים איש׃
Mennen de jenn towo ban nou. Pwofèt Baal yo va chwazi yonn, y'a touye l', y'a koupe l' an moso, y'a mete l' sou yon pil bwa, men piga yo limen dife. Mwen menm m'a fè menm jan an tou ak lòt towo a. m'a mete l' sou yon pil bwa, mwen p'ap limen dife.
ויתנו לנו שנים פרים ויבחרו להם הפר האחד וינתחהו וישימו על העצים ואש לא ישימו ואני אעשה את הפר האחד ונתתי על העצים ואש לא אשים׃
y'a rele bondye yo a. Mwen menm, m'a rele Seyè a. Sa ki va voye dife pou reponn lan se li ki Bondye. Tout pèp la reponn: -Nou dakò!
וקראתם בשם אלהיכם ואני אקרא בשם יהוה והיה האלהים אשר יענה באש הוא האלהים ויען כל העם ויאמרו טוב הדבר׃
Lè sa a, Eli di pwofèt Baal yo: -Nou anpil, mwen ban nou devan. Chwazi yon towo. Pare li. Lèfini, rele bondye nou an. Men, pa mete dife nan bwa a.
ויאמר אליהו לנביאי הבעל בחרו לכם הפר האחד ועשו ראשנה כי אתם הרבים וקראו בשם אלהיכם ואש לא תשימו׃
Pwofèt Baal yo pran towo yo ba yo a, yo pare l'. Lèfini, yo pran rele Baal depi nan maten rive vè midi. Yo t'ap di: -Baal o! Reponn nou non! Yo t'ap danse fè wonn lotèl yo te moute a. Pa yon vwa, pa yon repons.
ויקחו את הפר אשר נתן להם ויעשו ויקראו בשם הבעל מהבקר ועד הצהרים לאמר הבעל עננו ואין קול ואין ענה ויפסחו על המזבח אשר עשה׃
Vè midi, Eli tanmen pase yo nan betiz. Li di yo: -Rele pi fò non! Se bondye li ye. Li dwe okipe anpil. Li ka ap kalkile, osinon li nan vwayaj. Li ka ap dòmi tou. Se pou nou leve l'.
ויהי בצהרים ויהתל בהם אליהו ויאמר קראו בקול גדול כי אלהים הוא כי שיח וכי שיג לו וכי דרך לו אולי ישן הוא ויקץ׃
Pwofèt yo pran rele pi fò. Yo pran nepe ak kouto, yo make tout kò yo jan yo te konn fè l' la. San t'ap koule sou yo konsa.
ויקראו בקול גדול ויתגדדו כמשפטם בחרבות וברמחים עד שפך דם עליהם׃
Lè midi fin pase, yo pran rele Baal pi rèd toujou jouk lè pou yo fè ofrann apremidi a rive. Men, ankenn vwa pa reponn! Anyen pa pati.
ויהי כעבר הצהרים ויתנבאו עד לעלות המנחה ואין קול ואין ענה ואין קשב׃
Lè sa a, Eli mande pèp la pou yo pwoche bò kote l'. Lè yo pwoche vin jwenn li, li rebati lotèl Seyè a paske yo te kraze l'.
ויאמר אליהו לכל העם גשו אלי ויגשו כל העם אליו וירפא את מזבח יהוה ההרוס׃
Li pran douz wòch, yonn pou chak branch fanmi pitit Jakòb yo. Se Seyè a ki te bay Jakòb non Izrayèl li pote a.
ויקח אליהו שתים עשרה אבנים כמספר שבטי בני יעקב אשר היה דבר יהוה אליו לאמר ישראל יהיה שמך׃
Li pran wòch yo, li rebati lotèl Seyè a. Li fouye yon kannal fè wonn lotèl la. Kannal la te ka pran kat galon dlo.
ויבנה את האבנים מזבח בשם יהוה ויעש תעלה כבית סאתים זרע סביב למזבח׃
Li ranje bwa yo sou lotèl la, li dekoupe towo a, li mete moso vyann yo sou bwa yo. Lèfini li di: -Plen kat krich dlo vide yo sou ofrann lan ak sou bwa yo. Apre yo fè sa,
ויערך את העצים וינתח את הפר וישם על העצים׃
li di yo: -Fè l' yon dezyèm fwa. Apre yo fè l', li di yo ankò: -Fè l' yon twazyèm fwa. Yo fè l' ankò.
ויאמר מלאו ארבעה כדים מים ויצקו על העלה ועל העצים ויאמר שנו וישנו ויאמר שלשו וישלשו׃
Dlo a koule tout atè bò lotèl la, li plen kannal la.
וילכו המים סביב למזבח וגם את התעלה מלא מים׃
Lè lè pou yo fè ofrann apremidi a rive, pwofèt Eli pwoche bò lotèl la, li di: -Seyè, Bondye Abraram, Bondye Izarak ak Bondye Jakòb, fè yo wè jòdi a se ou menm ki Bondye pèp Izrayèl la. Fè yo rekonèt se sèvitè ou mwen ye. Se ou menm ki ban m' lòd fè tout bagay sa yo.
ויהי בעלות המנחה ויגש אליהו הנביא ויאמר יהוה אלהי אברהם יצחק וישראל היום יודע כי אתה אלהים בישראל ואני עבדך ובדבריך עשיתי את כל הדברים האלה׃
Reponn mwen, Seyè! Reponn mwen pou pèp sa a ka konnen se ou menm Seyè a ki Bondye, pou yo rekonèt se ou menm k'ap fè yo tounen vin jwenn ou.
ענני יהוה ענני וידעו העם הזה כי אתה יהוה האלהים ואתה הסבת את לבם אחרנית׃
Seyè a voye dife soti nan syèl la, li boule ofrann lan, bwa yo, wòch yo ak anplasman kote lotèl la te ye a, li fè tout dlo ki te nan kannal la cheche.
ותפל אש יהוה ותאכל את העלה ואת העצים ואת האבנים ואת העפר ואת המים אשר בתעלה לחכה׃
Lè pèp la wè sa, yo tonbe fas atè, yo pran rele: -Se Seyè a ki Bondye! Se Seyè a ki Bondye!
וירא כל העם ויפלו על פניהם ויאמרו יהוה הוא האלהים יהוה הוא האלהים׃
Lè sa a, Eli di yo: -Mete men sou pwofèt Baal yo! Pa kite yonn chape. Pèp la mete men sou tout pwofèt yo. Eli mennen yo desann nan ravin Kison an, li touye yo.
ויאמר אליהו להם תפשו את נביאי הבעל איש אל ימלט מהם ויתפשום ויורדם אליהו אל נחל קישון וישחטם שם׃
Apre sa Eli di wa Akab konsa: -Koulye a, ou mèt al manje, ou mèt al bwè. Mwen tande bri lapli a k'ap vini.
ויאמר אליהו לאחאב עלה אכל ושתה כי קול המון הגשם׃
Akab al manje, l' al bwè. Eli menm moute sou tèt mòn Kamèl. Li mete ajenou, li bese tèt li jouk atè.
ויעלה אחאב לאכל ולשתות ואליהו עלה אל ראש הכרמל ויגהר ארצה וישם פניו בין ברכו׃
Li di domestik li a: -Al gade bò lanmè a. Domestik la ale, li gade. Li tounen, li di: -M' pa wè anyen! Pandan sèt fwa Eli di li al gade.
ויאמר אל נערו עלה נא הבט דרך ים ויעל ויבט ויאמר אין מאומה ויאמר שב שבע פעמים׃
Sou setyèm fwa a, domestik la di l': -Mwen wè yon ti nwaj k'ap moute sot lòt bò lanmè a. Li gwosè yon pla men. Lè sa a Eli bay domestik li a lòd sa a: -Al jwenn wa Akab, w'a di l': Moute sou cha ou, al lakay ou anvan lapli a bare ou.
ויהי בשבעית ויאמר הנה עב קטנה ככף איש עלה מים ויאמר עלה אמר אל אחאב אסר ורד ולא יעצרכה הגשם׃
Yon sèl lè a, syèl la gen tan kouvri ak nwaj nwa. Van an tanmen soufle, yon gwo lapli pran tonbe. Akab moute sou cha li, li pati pou Jizreyèl.
ויהי עד כה ועד כה והשמים התקדרו עבים ורוח ויהי גשם גדול וירכב אחאב וילך יזרעאלה׃
Pouvwa Seyè a vin sou Eli. Eli mare rad li nan ren, li pran kouri devan Akab jouk yo rive lavil Jizreyèl.
ויד יהוה היתה אל אליהו וישנס מתניו וירץ לפני אחאב עד באכה יזרעאלה׃