I Kings 20

Bennadad, wa peyi Siri a, reyini tout lame li a. Trannde lòt wa, avèk tout chwal yo ak cha lagè yo, vin mete tèt ansanm avè l'. Bennadad mache sou lavil Samari. Li sènen l', li atake l'.
Ben-Hadad, roi de Syrie, rassembla toute son armée; il avait avec lui trente-deux rois, des chevaux et des chars. Il monta, mit le siège devant Samarie et l'attaqua.
Li voye mesaje anndan lavil la bò kote Akab, wa peyi Izrayèl la,
Il envoya dans la ville des messagers à Achab, roi d'Israël, et lui fit dire: Ainsi parle Ben-Hadad:
pou di li: -Wa Bennadad voye di ou tout bagay ou gen an lò ak an ajan se pou li yo ye. Tout madanm ou yo ak tout pi bon pitit gason ou yo se pou li yo ye tou.
Ton argent et ton or sont à moi, tes femmes et tes plus beaux enfants sont à moi.
Wa Akab reponn: -Di wa Bennadad, mèt mwen, se jan li vle! Li mèt pran m' ansanm ak tou sa m' genyen.
Le roi d'Israël répondit: Roi, mon seigneur, comme tu le dis, je suis à toi avec tout ce que j'ai.
Mesaje yo tounen ankò vin di Akab: -Men sa Bennadab voye di ou: M' te voye mande ou pou ou ban mwen tou sa ou gen an lò ak an ajan, tout madanm ak tout pitit gason ou yo.
Les messagers retournèrent, et dirent: Ainsi parle Ben-Hadad: Je t'ai fait dire: Tu me livreras ton argent et ton or, tes femmes et tes enfants.
Koulye a, denmen vè lè konsa, m'ap voye moun pa m' yo pou yo fouye palè ou la ak kay tout moun pa ou yo, pou yo pran tou sa y'a jwenn ki gen valè nan je yo.
J'enverrai donc demain, à cette heure, mes serviteurs chez toi; ils fouilleront ta maison et les maisons de tes serviteurs, ils mettront la main sur tout ce que tu as de précieux, et ils l'emporteront.
Wa Akab fè rele tout chèf fanmi ki nan peyi a, li di yo konsa: -Jan nou wè l' la, nonm sa a soti pou l' pran tou sa nou genyen. Li te voye mande m' madanm mwen yo, pitit gason m' yo ak tout bagay an lò ak an ajan mwen genyen. Mwen pa refize l' anyen.
Le roi d'Israël appela tous les anciens du pays, et il dit: Sentez bien et comprenez que cet homme nous veut du mal; car il m'a envoyé demander mes femmes et mes enfants, mon argent et mon or, et je ne lui avais pas refusé!
Chèf fanmi yo ansanm ak pèp la di l' konsa: -Pa koute l', pa dakò avè l'!
Tous les anciens et tout le peuple dirent à Achab: Ne l'écoute pas et ne consens pas.
Lè sa a, Akab di mesaje Bennadab yo: -Ale di mèt mwen, wa Bennadab, m' te dakò ak sa li te mande m' premye fwa a. Men, sa l' mande fwa sa a, m' pa ka fè l'. Mesaje yo pati, y' al pote repons lan bay Bennadad.
Et il dit aux messagers de Ben-Hadad: Dites à mon seigneur le roi: Je ferai tout ce que tu as envoyé demander à ton serviteur la première fois; mais pour cette chose, je ne puis pas la faire. Les messagers s'en allèrent, et lui portèrent la réponse.
Bennadab voye yo tounen al di Akab: -M'ap vini ak anpil moun pou m' kraze lavil Samari. p'ap gen ase demoli pou m' bay chak moun ki avè m' yo ti kras pou yo pote ale sitèlman y'ap anpil. Si m' pa fè sa, se pou bondye yo ban m' pi gwo pinisyon ki genyen
Ben-Hadad envoya dire à Achab: Que les dieux me traitent dans toute leur rigueur, si la poussière de Samarie suffit pour remplir le creux de la main de tout le peuple qui me suit!
Wa Akab voye reponn li: -Yon sòlda pa fèt pou l' ap vante tèt li anvan l' al goumen.
Et le roi d'Israël répondit: Que celui qui revêt une armure ne se glorifie pas comme celui qui la dépose!
Bennadad t'ap bwè ak lòt wa yo anba tant yo lè yo pote repons Akab la ba li. Lamenm, li bay moun pa l' yo lòd pou yo mache sou lavil Samari. Se konsa, y' al pare pou atake.
Lorsque Ben-Hadad reçut cette réponse, il était à boire avec les rois sous les tentes, et il dit à ses serviteurs: Faites vos préparatifs! Et ils firent leurs préparatifs contre la ville.
Lè sa a, yon pwofèt Bondye vin jwenn Akab, li di l' konsa: -Men sa Seyè a voye di ou: Ou wè tout kantite sòlda sa yo? Enben, mwen pral lage yo nan men ou jòdi a, konsa w'a konnen se mwen menm ki Seyè a.
Mais voici, un prophète s'approcha d'Achab, roi d'Israël, et il dit: Ainsi parle l'Eternel: Vois-tu toute cette grande multitude? Je vais la livrer aujourd'hui entre tes mains, et tu sauras que je suis l'Eternel.
Akab mande l': -Ki moun ou pral fè lage yo nan men m' jòdi a? Pwofèt la reponn li: -Seyè a voye di ou se jenn sòlda ki sou lòd gouvènè pwovens yo ki pral fè l'. Wa mande ankò: -Ki moun ki pral atake anvan? Pwofèt la reponn: -Ou menm.
Achab dit: Par qui? Et il répondit: Ainsi parle l'Eternel: Par les serviteurs des chefs des provinces. Achab dit: Qui engagera le combat? Et il répondit: Toi.
Lamenm, wa a fè rele jenn sòlda ki te sou lòd gouvènè pwovens yo. Li jwenn desantrannde (232) sòlda antou. Apre sa, li fè rele tout lame pèp Izrayèl la, li jwenn sètmil (7.000) gason.
Alors Achab passa en revue les serviteurs des chefs des provinces, et il s'en trouva deux cent trente-deux; et après eux, il passa en revue tout le peuple, tous les enfants d'Israël, et ils étaient sept mille.
Vè midi, yo soti al atake pandan Bennadad ansanm ak trannde lòt wa ki t'ap mache avè l' yo t'ap bwè anba tant yo.
Ils firent une sortie à midi. Ben-Hadad buvait et s'enivrait sous les tentes avec les trente-deux rois, ses auxiliaires.
Se jenn sòlda yo ki t'ap mache devan. Bennadad te voye al wè jan sa ye bò kay moun pèp Izrayèl yo. Yo vin di li yo wè yon gwoup sòlda ki t'ap soti lavil Samari.
Les serviteurs des chefs des provinces sortirent les premiers. Ben-Hadad s'informa, et on lui fit ce rapport: Des hommes sont sortis de Samarie.
Lè sa a, li di: -M' pa bezwen konnen si y'ap vin pou goumen osinon pou mande lapè, kenbe yo vivan mennen ban mwen.
Il dit: S'ils sortent pour la paix, saisissez-les vivants; et s'ils sortent pour le combat, saisissez-les vivants.
Jenn sòlda gouvènè yo soti nan lavil la pou al atake. Yo t'ap mache devan, rès lame a t'ap swiv yo.
Lorsque les serviteurs des chefs des provinces et l'armée qui les suivait furent sortis de la ville,
Yo chak yo touye moun ki te vin pou goumen ak yo a. Moun peyi Siri yo pran kouri, moun Izrayèl yo menm t'ap kouri dèyè yo. Bennadad menm resi chape kò l' sou chwal ansanm ak kèk lòt kavalye.
chacun frappa son homme, et les Syriens prirent la fuite. Israël les poursuivit. Ben-Hadad, roi de Syrie, se sauva sur un cheval, avec des cavaliers.
Wa Akab vin atake lè sa a, li touye chwal moun Siri yo, li kraze cha lagè yo. Li bat moun Siri yo byen bat.
Le roi d'Israël sortit, frappa les chevaux et les chars, et fit éprouver aux Syriens une grande défaite.
Apre sa, pwofèt la al jwenn wa Akab, li di l' konsa: -Ou mèt tounen koulye a, mete lame ou la anfòm. Kalkile byen sou sa ou pral fè, paske nan ennan, dat pou dat, wa peyi Siri a ap tounen vin atake ou ankò.
Alors le prophète s'approcha du roi d'Israël, et lui dit: Va, fortifie toi, examine et vois ce que tu as à faire; car, au retour de l'année, le roi de Syrie montera contre toi.
Chèf ki te avèk wa Bennadad yo vin di l': -Bondye pèp Izrayèl yo se bondye mòn yo ye. Se poutèt sa yo bat nou jan yo bat nou an. Men, si nou goumen ak yo nan tè plat, wè pa wè, n'ap bat yo.
Les serviteurs du roi de Syrie lui dirent: Leur dieu est un dieu de montagnes; c'est pourquoi ils ont été plus forts que nous. Mais combattons-les dans la plaine, et l'on verra si nous ne serons pas plus forts qu'eux.
Koulye a, men sa ou pral fè. Wete kòmandman an nan men lòt wa yo, mete chèf pa ou nan plas yo.
Fais encore ceci: ôte chacun des rois de son poste, et remplace-les par des chefs;
Ou menm ou pral moute yon gwo lame tankou lame ou pèdi a, ak menm kantite chwal ak cha lagè ou te gen anvan an. Nou pral goumen ak moun pèp Izrayèl yo nan plenn. W'ap wè fwa sa a n'ap bat yo. Wa Bennadad dakò, li fè sa chèf yo te di l' fè a.
et forme-toi une armée pareille à celle que tu as perdue, avec autant de chevaux et autant de chars. Puis nous les combattrons dans la plaine, et l'on verra si nous ne serons pas plus forts qu'eux. Il les écouta, et fit ainsi.
Ennan apre, dat pou dat, li reyini tout sòlda moun peyi Siri yo, li mennen yo jouk lavil Afèk pou y' al atake moun peyi Izrayèl yo.
L'année suivante, Ben-Hadad passa les Syriens en revue, et monta vers Aphek pour combattre Israël.
Akab reyini tout lame pèp Izrayèl la, li ba yo zam ak pwovizyon. Yo soti al kontre moun Siri yo. Yo separe fè de gwoup, yo moute kan yo devan lame moun Siri yo. Sòlda peyi Izrayèl yo te sanble ak de ti bann kabrit devan lame moun Siri a menm ki te kouvri tout peyi a.
Les enfants d'Israël furent aussi passés en revue; ils reçurent des vivres, et ils marchèrent à la rencontre des Syriens. Ils campèrent vis-à-vis d'eux, semblables à deux petits troupeaux de chèvres, tandis que les Syriens remplissaient le pays.
Yon pwofèt Bondye vin jwenn Akab, wa Izrayèl la, li di l' konsa: -Men mesaj Seyè a voye ba ou: Paske moun Siri yo di se yon bondye mòn mwen ye, mwen pa konn tè plat, mwen pral lage tout gwo lame sa a nan men ou. Konsa w'a konnen se mwen menm ki Seyè a.
L'homme de Dieu s'approcha, et dit au roi d'Israël: Ainsi parle l'Eternel: Parce que les Syriens ont dit: L'Eternel est un dieu des montagnes et non un dieu des vallées, je livrerai toute cette grande multitude entre tes mains, et vous saurez que je suis l'Eternel.
Pandan sèt jou, moun Siri yo ak moun Izrayèl yo rete nan kan yo, yonn anfas lòt. Sou setyèm jou a yo konmanse goumen. Moun Izrayèl yo touye sanmil (100.000) moun Siri.
Ils campèrent sept jours en face les uns des autres. Le septième jour, le combat s'engagea, et les enfants d'Israël tuèrent aux Syriens cent mille hommes de pied en un jour.
Sa ki chape yo kouri ale lavil Afèk. Lè yo rive la, miray lavil la tonbe sou yo, li touye vennsètmil (27.000) sòlda ki te rete yo. Bennadad tou te chape kò l' nan lagè a. Li antre nan yon kay, l' al kache nan yon pyès jouk nan fon.
Le reste s'enfuit à la ville d'Aphek, et la muraille tomba sur vingt-sept mille hommes qui restaient. Ben-Hadad s'était réfugié dans la ville, où il allait de chambre en chambre.
Moun pa l' yo vin jwenn li, yo di l' konsa: -Nou tande jan wa peyi Izrayèl yo se moun ki gen bon kè. Ban nou otorizasyon pou n' al jwenn wa peyi Izrayèl la. N'ap mete rad sak sou nou tankou moun yo fè prizonye. Ou pa janm konnen li ka sove lavi ou.
Ses serviteurs lui dirent: Voici, nous avons appris que les rois de la maison d'Israël sont des rois miséricordieux; nous allons mettre des sacs sur nos reins et des cordes à nos têtes, et nous sortirons vers le roi d'Israël: peut-être qu'il te laissera la vie.
Se konsa yo mete rad sak sou yo tankou moun ki nan lapenn, yo plòtonnen moso kòd nan kou yo, y' al jwenn Akab, yo di l' konsa: -Bennadad voye di ou, monwa, se esklav ou li ye. Tanpri, pa touye l'. Akab reponn: -An! Msye vivan toujou. Mwen byen kontan! Se yon frè li ye pou mwen wi!
Ils se mirent des sacs autour des reins et des cordes autour de la tête, et ils allèrent auprès du roi d'Israël. Ils dirent: Ton serviteur Ben-Hadad dit: Laisse-moi la vie! Achab répondit: Est-il encore vivant? Il est mon frère.
Moun Bennadad yo pran sa pou yon bon siy, yo repete pawòl ki te fèk sot nan bouch wa a, yo di l' konsa: -Bennadad, se frè monwa! Akab reponn: -Al chache l' mennen ban mwen! Bennadad soti kote l' te ye a, li parèt devan Akab, Akab fè l' moute sou cha pa l' ansanm avè l'.
Ces hommes tirèrent de là un bon augure, et ils se hâtèrent de le prendre au mot et de dire: Ben-Hadad est ton frère! Et il dit: Allez, amenez-le. Ben-Hadad vint vers lui, et Achab le fit monter sur son char.
Bennadad di li: -M'ap renmèt ou tout lavil papa m' te pran nan men papa ou yo. Ou mèt louvri boutik nan lavil Damas pou vann, menm jan papa m' te fè l' lavil Samari. Akab reponn li: -Si se konsa, w'ap pase yon kontra avè m', mwen menm m'ap kite ou al fè wout ou. Akab pase yon kontra avèk Bennadad, lèfini li kite l' al fè wout li.
Ben-Hadad lui dit: Je te rendrai les villes que mon père a prises à ton père; et tu établiras pour toi des rues à Damas, comme mon père en avait établi à Samarie. Et moi, reprit Achab, je te laisserai aller, en faisant une alliance. Il fit alliance avec lui, et le laissa aller.
Nan menm epòk sa a, Seyè a pale ak yon pwofèt nan gwoup pwofèt li yo. Li ba li lòd pou li mande yon lòt pwofèt ba l' kou. Men lòt pwofèt la derefize.
L'un des fils des prophètes dit à son compagnon, d'après l'ordre de l'Eternel: Frappe-moi, je te prie! Mais cet homme refusa de le frapper.
Lè sa a, premye pwofèt la di l' konsa: -Poutèt ou derefize obeyi lòd Seyè a, separe n'a separe, yon lyon ap touye ou. Konsa vre, ale premye pwofèt la ale, yon lyon vin rive, li touye lòt pwofèt la.
Alors il lui dit: Parce que tu n'as pas obéi à la voix de l'Eternel, voici, quand tu m'auras quitté, le lion te frappera. Et quand il l'eut quitté, le lion le rencontra et le frappa.
Apre sa, premye pwofèt la kontre yon lòt moun, li mande l' pou li ba l' kou. Nonm lan frape l' byen fò, jouk li mete san l' deyò.
Il trouva un autre homme, et il dit: Frappe-moi, je te prie! Cet homme le frappa et le blessa.
Lèfini, pwofèt la kouvri figi l' ak yon moso twal pou moun pa rekonèt li, l' al kanpe bò wout la ap tann wa a pase.
Le prophète alla se placer sur le chemin du roi, et il se déguisa avec un bandeau sur les yeux.
Lè wa a vin ap pase, pwofèt la pran pale byen fò, li di konsa: -Monwa, mwen te nan mitan batay la, mwen t'ap goumen lè yon sòlda mennen yon lènmi li te fè prizonye. Li di m' konsa: Veye msye pou mwen. Si ou kite l' chape anba men ou, m'ap touye ou osinon w'ap peye twamil (3.000) pyès an ajan pou li.
Lorsque le roi passa, il cria vers lui, et dit: Ton serviteur était au milieu du combat; et voici, un homme s'approche et m'amène un homme, en disant: Garde cet homme; s'il vient à manquer, ta vie répondra de sa vie, ou tu paieras un talent d'argent!
Men, monwa, pandan m' okipe ap fè lòt bagay, prizonye a sove. Wa Izrayèl la di l' konsa: -Se ou menm ki kondannen tèt ou, lèfini ou tou di sa ou gen pou peye pou sa ou fè a!
Et pendant que ton serviteur agissait çà et là, l'homme a disparu. Le roi d'Israël lui dit: C'est là ton jugement; tu l'as prononcé toi-même.
Pwofèt la prese wete moso twal ki te bouche figi l' la. Lamenm wa a rekonèt se yonn nan pwofèt yo.
Aussitôt le prophète ôta le bandeau de dessus ses yeux, et le roi d'Israël le reconnut pour l'un des prophètes.
Pwofèt la di wa a: -Men mesaj Seyè a voye di ou: Poutèt ou kite moun mwen te bay lòd pou yo touye a chape, se ou menm ki pral peye pou li. Ou pral mouri. Se lame ou ki pral peye pou lame pa l'. Yo pral mouri.
Il dit alors au roi: Ainsi parle l'Eternel: Parce que tu as laissé échapper de tes mains l'homme que j'avais dévoué par interdit, ta vie répondra de sa vie, et ton peuple de son peuple.
Se konsa, wa peyi Izrayèl la tounen lakay li lavil Samari, li te boulvèse, men li byen mare.
Le roi d'Israël s'en alla chez lui, triste et irrité, et il arriva à Samarie.