I Chronicles 25

Apre sa, wa David ak chèf moun Levi ki reskonsab sèvis nan Tanp lan te chwazi branch fanmi Asaf, branch fanmi Eyman ak branch fanmi Jedoutoun pou ba yo travay pa yo. Se yo ki pou bay mesaj Bondye yo, antan y'ap jwe gita, bandjo ak senbal. Men lis moun yo te chwazi yo ak travay yo chak:
David et les chefs de l'armée mirent à part pour le service ceux des fils d'Asaph, d'Héman et de Jeduthun qui prophétisaient en s'accompagnant de la harpe, du luth et des cymbales. Et voici le nombre de ceux qui avaient des fonctions à remplir.
Asaf te gen kat pitit: Zakou, Jozèf, Netama ak Acharela. Yo te sou zòd Asaf. Se li ki te konn fè konnen mesaj Bondye yo chak lè wa a mande l' pou l' fè l'.
Des fils d'Asaph: Zaccur, Joseph, Nethania et Aschareéla, fils d'Asaph, sous la direction d'Asaph qui prophétisait suivant les ordres du roi.
Jedoutoun te gen sis pitit: Gedalya, Zeri, Izayi, Chimèy, Asabya ak Matatya. Yo te sou zòd Jedoutoun, papa yo. Se yo ki te konn fè konnen mesaj Bondye yo antan y'ap jwe gita, pou fè lwanj Bondye, pou di l' mèsi.
De Jeduthun, les fils de Jeduthun: Guedalia, Tseri, Esaïe, Haschabia, Matthithia et Schimeï, six, sous la direction de leur père Jeduthun qui prophétisait avec la harpe pour louer et célébrer l'Eternel.
Eyman te gen katòz pitit: Boukija, Matanya, Ouzyèl, Sebwèl, Jerimòt, Ananya, Anani, Elyata, Gidalti, Womanti-Ezè, Josbekacha, Maloti, Oti ak Maziòt.
D'Héman, les fils d'Héman: Bukkija, Matthania, Uziel, Schebuel, Jerimoth, Hanania, Hanani, Eliatha, Guiddalthi, Romamthi-Ezer, Joschbekascha, Mallothi, Hothir, Machazioth,
Bondye te bay Eyman, pwofèt wa a, katòz pitit gason sa yo ak twa pitit fi, dapre pwomès li te fè l' pou l' te ba li anpil pouvwa. Lè yo t'ap fè konnen mesaj Bondye yo, se yo ki te pou kònen twonpèt yo.
tous fils d'Héman, qui était voyant du roi pour révéler les paroles de Dieu et pour exalter sa puissance; Dieu avait donné à Héman quatorze fils et trois filles.
Se Eyman, papa yo, ki t'ap dirije yo lè y'ap chante nan sèvis y'ap fè nan Tanp Bondye a, antan y'ap jwe gita, bandjo ak senbal. Asaf, Jedoutoun ak Eyman te sou zòd wa a.
Tous ceux-là étaient sous la direction de leurs pères, pour le chant de la maison de l'Eternel, et avaient des cymbales, des luths et des harpes pour le service de la maison de Dieu. Asaph, Jeduthun et Héman recevaient les ordres du roi.
Sa te fè antou desankatrevenwit (288) mizisyen ki te fò nan fè mizik, ansanm ak tout lòt moun Levi parèy yo ki te aprann chante pou Seyè a.
Ils étaient au nombre de deux cent quatre-vingt-huit, y compris leurs frères exercés au chant de l'Eternel, tous ceux qui étaient habiles.
Yo fè tout moun piye, gran kou piti, ni sa ki te fò nan fè mizik, ni sa ki te fèk konmanse aprann, pou yo te ka konnen lè pou yo fè travay yo nan sèvis la.
Ils tirèrent au sort pour leurs fonctions, petits et grands, maîtres et disciples.
-(We vèsè 31)
Le premier sort échut, pour Asaph, à Joseph; le second, à Guedalia, lui, ses frères et ses fils, douze;
-(We vèsè 31)
le troisième, à Zaccur, ses fils et ses frères, douze;
-(We vèsè 31)
le quatrième, à Jitseri, ses fils et ses frères, douze;
-(We vèsè 31)
le cinquième, à Nethania, ses fils et ses frères, douze;
-(We vèsè 31)
le sixième, à Bukkija, ses fils et ses frères, douze;
-(We vèsè 31)
le septième, à Jesareéla, ses fils et ses frères, douze;
-(We vèsè 31)
le huitième, à Esaïe, ses fils et ses frères, douze;
-(We vèsè 31)
le neuvième, à Matthania, ses fils et ses frères, douze;
-(We vèsè 31)
le dixième, à Schimeï, ses fils et ses frères, douze;
-(We vèsè 31)
le onzième, à Azareel, ses fils et ses frères, douze;
-(We vèsè 31)
le douzième, à Haschabia, ses fils et ses frères, douze;
-(We vèsè 31)
le treizième, à Schubaël, ses fils et ses frères, douze;
-(We vèsè 31)
le quatorzième, à Matthithia, ses fils et ses frères, douze;
-(We vèsè 31)
le quinzième, à Jerémoth, ses fils et ses frères, douze;
-(We vèsè 31)
le seizième, à Hanania, ses fils et ses frères, douze;
-(We vèsè 31)
le dix-septième, à Joschbekascha, ses fils et ses frères, douze;
-(We vèsè 31)
le dix-huitième, à Hanani, ses fils et ses frères, douze;
-(We vèsè 31)
le dix-neuvième, à Mallothi, ses fils et ses frères, douze;
-(We vèsè 31)
le vingtième, à Elijatha, ses fils et ses frères, douze;
-(We vèsè 31)
le vingt et unième, à Hothir, ses fils et ses frères, douze;
-(We vèsè 31)
le vingt-deuxième, à Guiddalthi, ses fils et ses frères, douze;
-(We vèsè 31)
le vingt-troisième, à Machazioth, ses fils et ses frères, douze;
Desankatrevenwit (288) mesye sa yo te separe chak fanmi apa. Sa te fè vennkat gwoup. Chak gwoup te gen douz moun. Nan chak gwoup te gen yon chèf ak pitit gason l' yo ansanm ak frè l' yo. Men nan ki lòd yo te soti apre yo fin piye a. Premye a te Jozèf nan fanmi Asaf la, dezyèm lan Gedalya, twazyèm lan Zakou, katriyèm lan Jisri, senkyèm lan Netanya, sizyèm lan Boukya, setyèm lan Acharela, wityèm lan Izayi, nevyèm lan Matanya, dizyèm lan Chimeyi, onzyèm lan Azareyèl, douzyèm lan Achabya, trèzyèm lan Choubayèl, katòzyèm lan Matatya, kenzyèm lan Jerimòt, sèzyèm lan Ananya, disetyèm lan Josbekacha, dizwityèm lan Anani, diznevyèm lan Maloti, ventyèm lan Elyata, venteyenyèm lan Oti, venndezyèm lan Gidalti, venntwazyèm lan Maziòt, vennkatryèm lan Womanti-Ezè.
le vingt-quatrième, à Romamthi-Ezer, ses fils et ses frères, douze.