Psalms 3

David t'ap kouri pou Absalon, pitit li, lè li ekri sòm sa a.
خداوندا، دشمنان بسیار دارم، عدّهٔ زیادی علیه من برخاسته‌اند.
Seyè, ala anpil lènmi m' yo anpil! Ala anpil moun k'ap leve dèyè m' yo anpil!
آنها دربارهٔ من صحبت می‌کنند و می‌گویند: «خدا او را کمک نخواهد کرد.»
Ala anpil moun k'ap pale sou mwen yo anpil! Y'ap di: Aa! Bondye p'ap delivre l'!
امّا تو ای خداوند، همیشه سپر من در برابر خطرات هستی؛ تو به من پیروزی می‌بخشی و به من شجاعت می‌دهی.
Men ou menm, Seyè, w'ap toujou pran defans mwen. W'ap fè m' genyen batay la. Ou p'ap kite m' wont devan lènmi m' yo.
به حضور خداوند فریاد می‌کنم و او از کوه مقدّس خود مرا اجابت می‌کند.
Mwen rele Seyè a ak tout fòs mwen. Li rete sou mòn ki apa pou li a, li reponn mwen.
آسوده می‌خوابم و دوباره بیدار می‌شوم زیرا خداوند از من مراقبت می‌کند.
Mwen kouche, mwen dòmi, mwen leve anbyen, paske Seyè a ap soutni mwen.
از دهها هزار دشمنی که مرا از هر طرف احاطه کرده‌اند ترسی ندارم.
Mwen pa pè tout kantite moun sa yo ki sènen m' toupatou.
ای خداوند برخیز، ای خدا مرا نجات بده. دشمنانم را مجازات کن و قدرت آنها را درهم بشکن تا نتوانند به من آسیبی برسانند.
Leve non, Seyè! Sove m' non, Bondye mwen! Ou bay tout lènmi m' yo yon souflèt. Ou kase dan mechan yo. Se ou menm sèl, Seyè, ki ka sove nou. Beni tout pèp ou a.
رهایی از سوی خداوند است و او به مؤمنین خود برکت خواهد داد.