Psalms 8

Pou chèf sanba yo. Se sou lè chante yo chante lè y'ap kraze rezen. Se yon sòm David.
Zborovođi. Po napjevu "Tijesci". Psalam. Davidov.
Seyè, Mèt nou, se toupatou sou latè yo rekonèt jan ou gen pouvwa! Pouvwa ou moute pi wo pase syèl la!
Jahve, Gospode naš, divno je ime tvoje po svoj zemlji, veličanstvom nebo natkriljuješ!
Ou fè timoun piti ak tibebe nan tete chante jan ou gen fòs, pou ou koresponn ak moun ki pa vle wè ou yo, pou ou fèmen bouch lènmi ou yo ak moun k'ap kenbe tèt avè ou yo.
U ustima djece i dojenčadi hvalu si spremio protiv neprijatelja, da postidiš mrzitelja, zlotvora.
Lè m'ap gade syèl ou fè ak men ou lan, lalin ak zetwal ou mete ladan li,
Gledam ti nebesa, djelo prstiju tvojih, mjesec i zvijezde što ih učvrsti -
m'ap mande: -Kisa lèzòm ye pou ou chonje yo konsa? Kisa yo ye menm pou ou pran ka yo konsa?
pa što je čovjek da ga se spominješ, sin čovječji te ga pohodiš?
Ou fè yo yon ti kras pi piti pase ou, Bondye. Tankou yon kouwòn sou tèt yo, ou ba yo pouvwa ak respè.
Ti ga učini malo manjim od Boga, slavom i sjajem njega okruni.
Ou mete yo pou yo donminen sou tou sa ou fè, ou mete tout bagay anba pye yo:
Vlast mu dade nad djelima ruku svojih, njemu pod noge sve podloži:
Bèf kou kabrit, ansanm ak tout bèt nan bwa yo,
ovce i svakolika goveda, i zvijeri poljske k tome,
zwazo nan syèl, pwason nan dlo, ansanm ak tout lòt bèt k'ap viv nan lanmè. Seyè, Mèt nou, se toupatou sou latè yo rekonèt jan ou gen pouvwa!
ptice nebeske i ribe morske, i što god prolazi stazama morskim. [ (Psalms 8:10) Jahve, Gospode naš, divno je ime tvoje po svoj zemlji! ]