Psalms 47

Pou chèf sanba yo. Se yon sòm pitit Kore yo.
Zborovođi. Sinova Korahovih. Psalam.
Nou tout pèp yo, bat bravo! Fè lwanj Seyè a! Rele ak kè kontan!
Narodi svi, plješćite rukama, kličite Bogu glasom radosnim.
Paske, Seyè ki anwo nan syèl la, se moun ki pa nan jwèt, se moun pou nou pè. Se yon gwo wa k'ap gouvènen sou tout latè.
Jer Jahve je to - svevišnji, strašan, kralj velik nad zemljom svom.
Li fè nou dominen sou anpil pèp, li mete anpil nasyon sou zòd nou.
Narode je nama podložio, pogane stavio pod noge naše,
Se li ki chwazi peyi kote n'ap viv la pou nou. Peyi sa a se yon lwanj pou pitit Jakòb li renmen anpil yo.
baštinu nam odabrao - ponos Jakova, svoga ljubimca.
Bondye ap mache moute, tout pèp la ap rele, y'ap kònen klewon sitèlman yo kontan.
Uzlazi Bog uz klicanje, Jahve uza zvuke trublje.
Chante pou Bondye, fè lwanj li! Wi, chante pou wa nou an, fè lwanj li!
Pjevajte Bogu, pjevajte, pjevajte kralju našemu, pjevajte!
Paske, se Bondye ki wa sou tout latè. Chante yon chante espesyal pou li!
Jer on je kralj nad zemljom svom, pjevajte Bogu, pjevači vrsni!
Bondye dominen sou tout nasyon yo. Bondye chita sou fotèy ki apa pou li a. Chèf lòt peyi yo mete tèt yo ansanm ak pèp Bondye Abraram lan, paske se Bondye ki gen tout zam pou defann pèp yo. L'ap dominen sou tout bagay.
Bog kraljuje nad narodima, stoluje Bog na svetom prijestolju. [ (Psalms 47:10) Prvaci se pribiru poganski k narodu Boga Abrahamova. Božji su svi vlastodršci zemlje, nad svima on je uzvišen. ]