II Chronicles 28

Akaz te gen ventan lè li moute wa peyi Jida. Li gouvènen nan lavil Jerizalèm pandan sèzan. Men, li pa t' fè sa ki dwat devan Seyè a, Bondye li a, tankou David, zansèt li a, te fè l'.
Ahazu je bilo dvadeset godina kad se zakraljio, a kraljevao je šesnaest godina u Jeruzalemu, ali nije činio što je pravo u Jahvinim očima kao što je činio njegov otac David.
Li te pito fè tankou wa peyi Izrayèl yo. Li menm rive fè estati an kwiv pou Baal yo.
Živio je poput izraelskih kraljeva, pa je i likove salio baalima.
Li fè boule lansan pou yo nan Fon Benninon an, li ofri pwòp pitit gason l' yo pou yo boule yo dapre vye prensip krimenèl nasyon Seyè a te mete deyò pou fè plas pou moun Izrayèl yo.
Sam je prinosio kad u dolini Hinomova sina i proveo vlastite sinove kroz oganj, po gnusnom običaju krivobožačkih naroda što ih je Jahve protjerao pred Izraelovim sinovima.
Li fè touye bèt, boule lansan nan tout tanp zidòl yo, sou ti mòn yo ak anba gwo pyebwa.
Prinosio je žrtve i kadio po uzvišicama i brežuljcima i pod svakim zelenim drvetom.
Poutèt tout bagay sa yo, Seyè a, Bondye Akaz la, lage l' nan men wa peyi Siri a. Moun Siri yo bat li. Yo fè anpil moun peyi a prizonye, yo mennen yo lavil Damas. Konsa tou, Seyè a lage l' nan men wa peyi Izrayèl la ki bat li byen bat.
Zato ga Jahve, njegov Bog, predade u ruke aramejskom kralju te ga on potuče, zarobi mu veliko mnoštvo ljudi i odvede ih u Damask. Još je bio predan u ruke izraelskom kralju koji ga je hametice porazio.
Se konsa, yon sèl jou Peka, pitit Remalya, touye sanvenmil (120.000) sòlda, tout vanyan gason, nan peyi Jida a, paske pèp la te vire do bay Seyè a, Bondye zansèt yo a.
Remalijin je sin Pekah pobio među Judejcima sto dvadeset tisuća hrabrih junaka u jedan dan, jer su bili ostavili Jahvu, Boga svojih otaca.
Zikri, yon vanyan sòlda peyi Efrayim, touye Maseja, pitit wa a, Azrikam, chèf palè a, ak Elkana, chèf ki vin apre wa a.
A junak od Efrajimova plemena Zikri pogubio je kraljeva sina Maaseju i dvorskoga upravitelja Azrikama i Elkanu, drugoga do kralja.
Atout moun peyi Jida yo te fanmi moun peyi Izrayèl yo, moun peyi Izrayèl yo fè desanmil (200.000) moun prizonye, fanm ak timoun, yo piye peyi a, yo pran yon pakèt bagay pote ale lavil Samari.
Izraelovi su sinovi zarobili od svoje braće dvjesta tisuća žena, sinova i kćeri, a zadobili su i silan plijen od njih i odnijeli ga u Samariju.
Nan lavil Samari te gen yon moun yo te rele Odèd ki te pwofèt Bondye. Li soti al kontre lame moun peyi Izrayèl yo ki t'ap rive lavil Samari. Li di yo: -Seyè a, Bondye zansèt nou yo, te fache sou moun peyi Jida yo. Se poutèt sa li lage yo nan men nou. Men koulye a, Bondye tande ki jan nou menm nou ansasinen yo ak raj.
Ondje bijaše Jahvin prorok po imenu Oded; izašao on pred vojsku što je išla u Samariju i rekao: "Gle, Jahve, Bog vaših otaca, razjario se na Judejce i zato ih je predao u vaše ruke te ste ih gnjevno pobili da je do neba doprlo.
Koulye a menm, nou soti pou nou fè moun peyi Jida ak moun lavil Jerizalèm yo tounen esklav pou sèvi nou. Men nou menm poutèt pa nou, lè nou fè sa, èske nou pa fè sa ki mal tou devan Seyè a, Bondye nou an?
A sada još mislite podjarmiti Judejce i Jeruzalemce da vam budu robovi i robinje; a ipak, niste li i vi puni krivice prema Jahvi, svome Bogu?
Koute sa m'ap di nou: Prizonye sa yo se frè ak sè nou yo ye. Kite yo tounen lakay yo, paske se sou nou Seyè a move koulye a.
Zato me poslušajte sada i vratite to roblje što ga zarobiste od svoje braće, jer će se izliti na vas Jahvin gnjev."
Lè sa a, kat nan gwo chèf moun peyi Efrayim yo: Azarya, pitit Jokanan, Berekya, pitit Mesilemòt, Ezekya, pitit Chaloum, ak Amasa, pitit Adlayi, leve dèyè moun ki te soti nan lagè yo.
Tada ustadoše neki između glavara Efrajimovih sinova, i to Johananov sin Azarja, Mešilemotov sin Berekja i Šalumov sin Ezekija, Hadlajev sin Amasa, na one što su se vraćali s vojske.
Yo di yo: -Pa mennen prizonye sa yo isit la! Si nou fè sa n'ap antò devan Seyè a. Nou deja fè kont peche nou konsa, Seyè a tou move sou pèp Izrayèl la, pou n'ap vin mete ankò sou sa nou fè ki mal ak sou peche nou yo!
Pa im rekoše: "Nemojte dovoditi ovamo toga roblja, jer, uz krivicu koja je na nama pred Jahvom, vi mislite još dometnuti na naše grijehe i na našu krivicu, kao da nije dosta velika naša krivica i jarosni gnjev na Izraelu."
Se konsa sòlda yo renmèt prizonye yo ak tou sa yo te pran bay chèf yo ak tout pèp la.
Tada ostaviše ratnici roblje i plijen pred knezovima i svim zborom.
Lè sa a, yo chwazi kat menm mesye sa yo pou yo reskonsab prizonye yo. Yo pran rad nan bagay sòlda yo te piye yo, yo mete sou moun ki te toutouni yo, yo biye yo, mete sapat nan pye yo, yo ba yo manje, yo ba yo bwè. Yo mete renmèd sou tout kote yo te blese. Yo fè tou sa ki te twò fèb yo moute bourik, yo mennen tout prizonye yo tounen lavil Jeriko, lavil Palmis yo, yo renmèt yo bay fanmi yo. Lèfini, yo tounen tounen yo lavil Samari.
Onda su poimence prozvani ljudi ustali, osokolili robove, obukli sve gole u odjeću iz plijena; a kad su ih obukli, obuli, nahranili, napojili i namazali, poveli su na magarcima sve iznemogle i odveli ih u palmov grad Jerihon do njihove braće, a potom se vratili u Samariju.
Lè sa a, wa Akaz voye mande wa peyi Lasiri a sekou,
U to je doba kralj Ahaz zamolio asirske kraljeve da mu pomognu.
paske moun peyi Edon yo te fè yon pase nan peyi a ankò. Yo bat lame peyi Jida a, yo fè anpil moun prizonye.
Edomci bijahu opet navalili i porazili Judejce te ih odveli u roblje.
Moun Filisti yo, bò pa yo menm, t'ap piye lavil peyi Jida yo ki te nan pye mòn yo ak nan zòn Negèv la. Yo pran pou yo lavil sa yo: Bètchemès, Ajalon, Gedewòt, Soko, Timna ak Gimzo ansanm ak tout ti bouk ki te sou zòd lavil sa yo. Yo rete ladan yo.
Filistejci se raširili po gradovima Judejske Šefele i Negeba i, zauzevši Bet-Šemeš, Ajalon, Gederot i Soko sa selima, Timnu sa selima i Gimzo sa selima, nastanili se ondje.
Seyè a te voye tout malè sa yo sou peyi Jida a poutèt Akaz, wa peyi Jida a, ki te pouse pèp la neglije Bondye yo a, epi ki poutèt pa l' te vire do bay Bondye nèt.
Jahve je počeo ponižavati Judejce zbog judejskoga kralja Ahaza, jer je Ahaz razuzdao Judejce i teško se iznevjerio Jahvi.
Men Tiglat Pilesè, wa peyi Lasiri a, vin atake wa Akaz pito. Pase pou l' ede l', li kraze l' pi mal.
Došao je na nj asirski kralj Tiglat-Pileser i pritijesnio ga umjesto da ga utvrdi.
Se konsa, Akaz pran dènye bagay ki gen valè nan kay Seyè a, nan palè wa a ak lakay chèf yo, li fè wa peyi Lasiri a kado. Men, sa pa t' sèvi l' anyen.
Ahaz bijaše opljačkao Jahvin Dom, kraljevski dvor i knezove, i sve to dao asirskom kralju, ali mu ništa nije pomoglo.
Pandan tout tan yo t'ap kraze l' konsa a, nonm yo bay pou wa Akaz la t'ap donnen pi mal nan pa sèvi Seyè a.
Dok je bio u nevolji, postao je još nevjerniji Jahvi; takav je bio kralj Ahaz.
Li t'ap ofri bèt pou yo touye pou bondye moun lavil Damas yo ki te bat li. Li t'ap di nan kè l': Bondye wa peyi Siri yo te ede yo. Si mwen fè sèvis pou yo, y'a ede m' tou. Men se sèvis bondye sa yo menm ki lakòz malè rive ni li ni pèp Izrayèl la.
Počeo je žrtvovati damaščanskim bogovima koji su ga porazili, misleći: "Kad bogovi aramejskih kraljeva njima pomažu, žrtvovat ću im da bi i meni pomagali." Ali su oni bili na propast njemu i svem Izraelu.
Akaz pran tout veso ki te nan Tanp Bondye a, li kraze yo an miyèt moso. Li kondannen pòt Tanp Seyè a. Li fè fè lòt lotèl pou lòt bondye yo toupatou nan lavil Jerizalèm.
Ahaz je pokupio posuđe iz Božjega Doma, slupao ga, zatvorio vrata Jahvina Doma i podigao žrtvenike po svim uglovima u Jeruzalemu.
Li bati tanp nan tout lavil ak ti bouk nan peyi Jida pou boule lansan pou lòt bondye yo. Se konsa li fè Seyè a, Bondye zansèt li yo, fache anpil sou li.
I u svakom je pojedinom judejskom gradu podigao uzvišice da kadi tuđim bogovima, dražeći Jahvu, Boga otaca.
Tout rès istwa Akaz la ak tou sa li te fè depi premye jou li te moute wa a rive jouk dènye jou a, n'a jwenn tou sa ekri nan Liv Istwa wa peyi Jida ak wa peyi Izrayèl yo.
Ostala su njegova djela i svi njegovi putovi, od prvih do posljednjih, zapisani u Knjizi o judejskim i izraelskim kraljevima.
Lè li mouri, yo antere l' lavil Jerizalèm, men yo pa t' mete l' nan tonm wa Izrayèl yo. Se Ezekyas, pitit li, ki moute wa nan plas li.
Onda je Ahaz počinuo kod otaca. Sahranili su ga u Gradu, u Jeruzalemu, ali ga nisu unijeli u grobnicu judejskih kraljeva. Na njegovo se mjesto zakraljio sin mu Ezekija.