Zechariah 2

Apre sa, mwen fè yon lòt vizyon, mwen leve je m' gade. Mwen wè yon nonm avèk yon chenn pou mezire nan men l'.
我又举目观看,见一人手拿准绳。
Mwen mande l': -Kote ou prale? Li reponn mwen: -Mwen pral pran mezi lavil Jerizalèm, pou m' wè ki longè ak ki lajè li genyen.
我说:「你往哪里去?」他对我说:「要去量耶路撒冷,看有多宽多长。」
Zanj ki t'ap pale avèk mwen an te rete kanpe. Yon lòt zanj pwoche devan l' vin jwenn li.
与我说话的天使去的时候,又有一位天使迎著他来,
Premye zanj lan di dezyèm lan: -Kouri al di jenn gason ou wè ak chenn nan men l' lan: sitèlman pral gen moun ak bèt nan lavil Jerizalèm, yo p'ap bezwen bati miray pou fèmen l'.
对他说:「你跑去告诉那少年人说,耶路撒冷必有人居住,好像无城墙的乡村,因为人民和牲畜甚多。
Seyè a pale, li fè konnen se li menm k'ap tankou yon gwo miray dife k'ap fè wonn lavil la pou pwoteje l'. Li di: M'ap rete nan mitan lavil la ak tout pouvwa mwen.
耶和华说:我要作耶路撒冷四围的火城,并要作其中的荣耀。」
Men sa Seyè a di: -Ey! Nou menm mwen te gaye nan kat kwen latè yo, kouri, kouri kite peyi ki nan nò a.
耶和华说:「我从前分散你们在天的四方(原文是犹如天的四风),现在你们要从北方之地逃回。这是耶和华说的。
Ey! Nou menm moun Siyon ki rete lavil Babilòn yo, sove kò nou!
与巴比伦人同住的锡安民哪,应当逃脱。
Men sa Seyè ki gen tout pouvwa di: Se li menm ki voye m'. Men sa li di sou nasyon ki te piye pèp li a. Si yon moun manyen pèp la, se tankou si li te foure dwèt nan je m'.
万军之耶和华说,在显出荣耀之后,差遣我去惩罚那掳掠你们的列国,摸你们的就是摸他眼中的瞳人。
Mwen menm mwen pral regle ak nou. Moun nou te fè tounen esklav yo, se yo menm ankò ki pral piye nou. Lè sa a, tout moun va konnen se Seyè ki gen tout pouvwa a ki te voye m'.
看哪,我(或译:他)要向他们抡手,他们就必作服事他们之人的掳物,你们便知道万军之耶和华差遣我了。
Seyè a di ankò: -Nou menm moun lavil Jerizalèm, chante! Fè kè nou kontan! Men m'ap vini pou m' rete nan mitan nou! Se mwen menm, Seyè a, ki di sa!
锡安城啊,应当欢乐歌唱,因为我来要住在你中间。这是耶和华说的。
Lè sa a, anpil nasyon va vin jwenn Seyè a pou yo sèvi l'. Se pèp pa li menm y'ap ye. L'a vin rete nan mitan yo. Lè sa a, n'a konnen se Seyè ki gen tout pouvwa a ki te voye m' kote nou.
那时,必有许多国归附耶和华,作他(原文是我)的子民。他(原文是我)要住在你中间,你就知道万军之耶和华差遣我到你那里去了。
Seyè a va pran peyi Jida a pou li tankou pòsyon pa l' nan tè yo mete apa pou li a. L'a chwazi lavil Jerizalèm ankò.
耶和华必收回犹大作他圣地的分,也必再拣选耶路撒冷。
Se pou tout moun pe bouch yo devan Seyè a, paske l'ap soti kote ki apa pou li a, l'ap vin delivre nou!
凡有血气的都当在耶和华面前静默无声;因为他兴起,从圣所出来了。