Titus 3

Fè yo chonje se pou yo soumèt devan tout chèf ak tout otorite, pou yo obeyi yo, pou yo toujou pare pou fè tou sa ki byen.
你要提醒众人,叫他们顺服作官的、掌权的,遵他的命,预备行各样的善事。
Yo pa dwe nan pale moun mal, yo pa dwe nan fè kont ak pesonn. Se pou yo gen pasyans ak tout moun, se pou yo aji ak dousè ak tout moun.
不要毁谤,不要争竞,总要和平,向众人大显温柔。
Paske, nou menm tou, nan tan lontan nou te tankou moun fou, nou pa t' obeyisan devan Bondye, nou te tankou moun ki pèdi chemen yo. Nou te esklav tout kalite move dezi ak move plezi. Nou t'ap viv ak mechanste, ak jalouzi nan kè nou. Moun te rayi nou, epi nou menm, nou te rayi yo tou.
我们从前也是无知、悖逆、受迷惑、服事各样私欲,和宴乐,常存恶毒(或作:阴毒)嫉妒的心,是可恨的,又是彼此相恨。
Men, lè Bondye fè nou wè jan li gen bon kè, jan li renmen tout moun,
但到了 神─我们救主的恩慈和他向人所施的慈爱显明的时候,
li te delivre nou. Li pa t' delivre nou paske nou te fè kèk bagay ki bon, men paske li menm li te gen pitye pou nou. Li delivre nou lè li lave nou, li voye pouvwa Sentespri li nan nou pou chanje nou nèt, pou n' te ka viv yon lòt jan.
他便救了我们;并不是因我们自己所行的义,乃是照他的怜悯,借著重生的洗和圣灵的更新。
Bondye voye Sentespri li sou nou an kantite, gremesi Jezi, Kris la, ki delivre nou.
圣灵就是 神借著耶稣基督我们救主厚厚浇灌在我们身上的,
Avèk favè sa a Bondye fè nou an, li fè nou gras. Koulye a nou ka resevwa sa n'ap tann lan: lavi ki p'ap janm fini an.
好叫我们因他的恩得称为义,可以凭著永生的盼望成为后嗣(或作:可以凭著盼望承受永生)。
Sa se pawòl sèten. Mwen ta renmen ou peze sou bagay sa yo anpil pou tout moun ki mete konfyans yo nan Bondye ka okipe tout tan yo ap fè sa ki byen. Se bagay konsa ki bon, ki kapab sèvi tout moun.
这话是可信的。我也愿你把这些事切切实实的讲明,使那些已信 神的人留心做正经事业(或作:留心行善)。这都是美事,并且与人有益。
Pa antre nan okenn vye diskisyon san sans, ni nan chache konnen non gran granparan moun, ni nan chache kont, ni nan goumen pou lalwa Moyiz la. Bagay sa yo pa sèvi anyen, yo pa vo anyen.
要远避无知的辩论和家谱的空谈,以及纷争,并因律法而起的争竞,因为这都是虚妄无益的。
Si yon moun vle mete divizyon, pale avè l' yon premye fwa, yon dezyèm fwa. Si li pa koute ou, pa okipe li.
分门结党的人,警戒过一两次,就要弃绝他。
Paske ou konnen byen yon moun konsa fin pèdi. Sè pwòp peche li yo k'ap kondannen li.
因为知道这等人已经背道,犯了罪,自己明知不是,还是去做。
Lè m'a voye Atemas osinon Tichik ba ou, fè posib ou pou ou vin jwenn mwen lavil Nikopolis, paske se la mwen fè lide pase sezon fredi a.
我打发亚提马或是推基古到你那里去的时候,你要赶紧往尼哥坡里去见我,因为我已经定意在那里过冬。
Fè sa ou kapab pou mèt Zenas, avoka a, ansanm ak Apolòs, pou yo pa manke anyen pou vwayaj yo a.
你要赶紧给律师西纳和亚波罗送行,叫他们没有缺乏。
Se pou moun nou yo aprann fè sa ki byen tou, pou yo bay lè gen ka nesesite. Yo pa fèt pou y'ap viv konsa san yo pa bay anyen.
并且我们的人要学习正经事业(或作:要学习行善),预备所需用的,免得不结果子。
Tout moun ki avè m' yo voye bonjou pou ou. Di tout zanmi nou nan lafwa yo bonjou. Mwen mande pou Bondye ban nou tout favè li.
同我在一处的人都问你安。请代问那些因有信心爱我们的人安。愿恩惠常与你们众人同在!