Song of Solomon 6

Ou menm ki pi bèl fanm pase tout fanm, kote mennaj ou ale? Ki wout ou wè li pran? Nou pral ede ou chache l'.
你这女子中极美丽的,你的良人往何处去了?你的良人转向何处去了,我们好与你同去寻找他。
Mennaj mwen al nan jaden l', kote pyebwa santi bon ap pouse. li al bay mouton l' yo manje. li al ranmase bèl ti flè.
我的良人下入自己园中,到香花畦,在园内牧放群羊,采百合花。
Mennaj mwen pou mwen, mwen pou mennaj mwen. li ap fè mouton l' yo manje nan mitan bèl ti flè yo.
我属我的良人,我的良人也属我;他在百合花中牧放群羊。
Anmòrèz mwen, ou bèl tankou lavil Tisa. Lè m' wè ou sa fè m' plezi tankou lè m' wè lavil Jerizalèm. Kote ou pase tout moun pèdi nan ou!
我的佳偶啊,你美丽如得撒,秀美如耶路撒冷,威武如展开旌旗的军队。
Sispann gade m', paske lè ou gade m', ou fè m' pa konn sa m'ap fè. Cheve ou ap danse bò figi ou tankou kabrit k'ap kouri desann sou mòn Galarad yo.
求你掉转眼目不看我,因你的眼目使我惊乱。你的头发如同山羊群卧在基列山旁。
Dan ou yo blan tankou mouton yo fèk sot benyen. Ou pa manke yonn ladan yo. Tout dan anwo yo mache ak dan anba yo.
你的牙齿如一群母羊洗净上来,个个都有双生,没有一只丧掉子的。
De bò figi ou yo ou ta di de bò grenad anba vwal ou a.
你的两太阳在帕子内,如同一块石榴。
Wa a gen swasant renn, katreven fanm kay. Pou jenn fi menm, se pa pale.
有六十王后八十妃嫔,并有无数的童女。
Men, pa gen tankou jenn ti pijon mwen an. Li menm ase mwen renmen. Se sèl pitit fi manman l' fè. Se pitit sa a li pi renmen. Lè jenn fi yo wè l', yo di: Gade sa Bondye fè pou ou! Renn yo ak fanm kay yo menm ap fè lwanj li.
我的鸽子,我的完全人,只有这一个是她母亲独生的,是生养她者所宝爱的。众女子见了就称她有福;王后妃嫔见了也讚美她。
Kilès sa a k'ap parèt tankou solèy ki fèk leve? Li bèl tankou lalin, li klere tankou solèy. Kote ou pase tout moun pèdi nan ou!
那向外观看、如晨光发现、美丽如月亮、皎洁如日头、威武如展开旌旗军队的是谁呢?
Mwen desann nan jaden zanmann yo pou m' te wè jenn ti plant yo nan fon an, pou m' wè si pye rezen yo ap boujonnen, si pye grenad yo ap fleri.
我下入核桃园,要看谷中青绿的植物,要看葡萄发芽没有,石榴开花没有。
Apre sa, m' pa konn sa ki pase m'. M' santi m' tankou yon sòlda sou cha lagè ki anvi al goumen.
不知不觉,我的心将我安置在我尊长的车中。
Tounen non, fanm lavil Choulam! Tounen! Tounen non pou n' ka gade ou! Poukisa nou vle gade fanm lavil Choulam lan k'ap danse nan mitan de ran moun?
回来,回来,书拉密女;你回来,你回来,使我们得观看你。你们为何要观看书拉密女,像观看玛哈念跳舞的呢?