Romans 6

Nan kondisyon sa a, kisa n'a di? Eske nou mèt kontinye ap viv toujou nan peche pou favè Bondye a ka vin pi plis toujou?
这样,怎么说呢?我们可以仍在罪中、叫恩典显多么?
Non. Sa pa ka fèt. Poukisa? Paske annegad peche nou mouri. Ki jan pou n' ta ka kontinye ap viv toujou nan peche?
断乎不可!我们在罪上死了的人岂可仍在罪中活著呢?
Eske nou pa konn sa: nou tout ki resevwa batèm pou n' te fè yonn ak Jezikri, avèk batèm sa a nou te fè yonn avè l' nan lanmò li.
岂不知我们这受洗归入基督耶稣的人是受洗归入他的死吗?
Se sak fè, avèk batèm nou an nou te antere ansanm avè l', nou te mouri ansanm avè l' tou. Men, menm jan Papa a te fè l' leve soti nan lanmò avèk gwo fòs pouvwa li, konsa tou nou menm nou ka mennen yon lòt lavi.
所以,我们借著洗礼归入死,和他一同埋葬,原是叫我们一举一动有新生的样式,像基督借著父的荣耀从死里复活一样。
Menm jan nou fè yonn ak li paske nou te mouri yon jan tankou li menm li te mouri a, konsa tou n'a fè yonn avè li, paske n'a leve soti vivan nan lanmò tankou l' tou.
我们若在他死的形状上与他联合,也要在他复活的形状上与他联合;
Nou konn sa byen: vye moun nou te ye anvan an, sa mouri avèk Kris la sou kwa a. Konsa, sa nou gen nan kò nou ki te konn fè nou fè peche a fini. Nou pa esklav peche ankò.
因为知道我们的旧人和他同钉十字架,使罪身灭绝,叫我们不再作罪的奴仆;
Lè yon moun mouri, li delivre anba pouvwa peche a.
因为已死的人是脱离了罪。
Si nou mouri ansanm ak Kris la, nou kwè nava viv tou ansanm avè li.
我们若是与基督同死,就信必与他同活。
Nou konnen Kris la te leve soti vivan nan lanmò, li pa gen pou l' mouri ankò; lanmò pa gen okenn pouvwa sou li.
因为知道基督既从死里复活,就不再死,死也不再作他的主了。
Lè l' te mouri, se pou peche li te mouri. Li mouri yon sèl fwa, li p'ap janm mouri ankò. Koulye a l'ap viv, se pou Bondye l'ap viv.
他死是向罪死了,只有一次;他活是向 神活著。
Konsa tou, nou menm, konsidere tèt nou tankou moun ki deja mouri annegad peche epi k'ap viv pou Bondye ansanm avèk Jezikri.
这样,你们向罪也当看自己是死的;向 神在基督耶稣里,却当看自己是活的。
Pa kite peche donminen sou kò nou ki gen pou mouri a, pou l' fè nou fè tou sa kò a anvi fè.
所以,不要容罪在你们必死的身上作王,使你们顺从身子的私欲。
Pa lage okenn pati nan kò nou nan peche, pou peche a pa sèvi avè l' pou fè sa ki mal. Okontrè, tankou moun ki delivre anba lanmò epi k'ap viv, ann lage kò nou nan men Bondye. Wi, mete tout pati nan kò nou nan men Bondye pou l' ka sèvi ak yo pou fè sa ki byen.
也不要将你们的肢体献给罪作不义的器具;倒要像从死里复活的人,将自己献给 神,并将肢体作义的器具献给 神。
Peche pa dwe donminen sou nou, paske nou pa anba pouvwa lalwa Moyiz la ankò, se anba favè Bondye a nou ye.
罪必不能作你们的主,因你们不在律法之下,乃在恩典之下。
Kisa sa vle di menm? Paske nou pa anba lalwa Moyiz la ankò men anba favè Bondye a, èske nou ta mèt fè peche pou sa? Men non.
这却怎么样呢?我们在恩典之下,不在律法之下,就可以犯罪么?断乎不可!
Nou konn sa byen: Si nou lage tèt nou nan men yon moun pou nou sèvi l' esklav pou n' obeyi l', nou tounen esklav moun n'ap obeyi a. Si nou lage kò nou nan peche, nou tounen esklav peche k'ap fè nou jwenn ak lanmò. Men, si nou lage kò nou nan obeyi Bondye, n'a esklav obeyisans k'ap fè nou mache dwat devan Bondye.
岂不晓得你们献上自己作奴仆,顺从谁,就作谁的奴仆吗?或作罪的奴仆,以致于死;或作顺命的奴仆,以致成义。
Men, ann di mèsi Bondye! Paske yon lè nou menm nou te esklav peche; men koulye a, egzanp nou jwenn nan sa yo te moutre nou an, n'ap swiv li ak tout kè nou.
感谢 神!因为你们从前虽然作罪的奴仆,现今却从心里顺服了所传给你们道理的模范。
Nou delivre anba peche. Koulye a se esklav sa ki byen nou ye.
你们既从罪里得了释放,就作了义的奴仆。
M'ap pale ak nou tankou lèzòm ta pale paske nou fèb nan kò nou. Te gen yon lè nou te lage tout kò nou nan fè move bagay ak mechanste, tankou moun ki esklav yo pou n' te fè sa ki mal. Konsa tou koulye a, ann lage tout kò nou nan fè sa ki byen, tankou moun ki esklav Bondye pou n' ka viv apa pou li.
我因你们肉体的软弱,就照人的常话对你们说。你们从前怎样将肢体献给不洁不法作奴仆,以至于不法;现今也要照样将肢体献给义作奴仆,以至于成圣。
Lè n' te esklav peche a, nou pa t' gen okenn obligasyon pou n' te fè sa ki byen.
因为你们作罪之奴仆的时候,就不被义约束了。
Lè sa a, kisa n' te fè? Nou t'ap fè bagay ki fè nou wont jòdi a. Bagay sa yo fè nou jwenn ak lanmò.
你们现今所看为羞耻的事,当日有什么果子呢?那些事的结局就是死。
Men, koulye a nou delivre anba peche a, nou se esklav Bondye, se sak fè n'ap viv apa pou Bondye; epi bout pou bout n'a resevwa lavi ki p'ap janm fini an.
但现今,你们既从罪里得了释放,作了 神的奴仆,就有成圣的果子,那结局就是永生。
Peche peye nou kach: li ban nou lanmò; men kadò Bondye ban nou gratis la, se lavi ansanm ak Jezikri, Seyè nou an, yon lavi ki p'ap janm fini.
因为罪的工价乃是死;惟有 神的恩赐,在我们的主基督耶稣里,乃是永生。