Revelation of John 10

Apre sa, mwen wè yon lòt zanj ki te gwonèg anpil desann soti nan sièl la. Li te vlope nan yon gwo nwaj ak yon lakansièl kouwonnen tout tèt li. Figi l' te tankou solèy la. De janm li yo te tankou de gwo flanm dife.
我又看见另有一位大力的天使从天降下,披著云彩,头上有虹,脸面像日头,两脚像火柱。
Li te kenbe yon ti liv louvri nan men li. Li mete pie dwat li sou lanmè, pie gòch li sou tè fèm.
他手里拿著小书卷,是展开的。他右脚踏海,左脚踏地,
Li pran rele byen fò tankou yon lyon k'ap gwonde. Lè li fin rele, sèt loraj yo pran gwonde reponn li.
大声呼喊,好像狮子吼叫。呼喊完了,就有七雷发声。
Fini yo fin pale, mwen tapral ekri sa yo te di a, lè m' tande yon vwa nan sièl la ki di m' konsa: Sa sèt loraj yo sot di a, se yon sekrè pou ou kenbe. Pa ekri li.
七雷发声之后,我正要写出来,就听见从天上有声音说:七雷所说的,你要封上,不可写出来。
Apre sa, zanj mwen te wè kanpe sou lanmè ak sou tè fèm lan leve men dwat li nan sièl.
我所看见的那踏海踏地的天使向天举起右手来,
Li fè sèman sou non Bondye k'ap viv pou tout tan an, Bondye ki fè sièl la ak tou sa ki ladan l', tè a ak tou sa ki ladan li, ansanm ak lanmè a ak tou sa ki ladan li. Zanj lan di: Yo p'ap bay dèle ankò.
指著那创造天和天上之物,地和地上之物,海和海中之物,直活到永永远远的,起誓说:不再有时日了(或作:不再耽延了)。
Men lè setièm zanj lan va pran kònen klewon l' lan, Bondye pral fè sa li gen pou l' fè dapre plan travay li te kenbe sere nan tèt li a, jan l' te fè pwofèt ki t'ap sèvi l' yo konn sa.
但在第七位天使吹号发声的时候, 神的奥祕就成全了,正如 神所传给他仆人众先知的佳音。
Apre sa, vwa mwen te tande sot nan sièl la pran pale avè m' ankò. Li di mwen konsa: Ale pran ti liv ki louvri nan men zanj ki kanpe sou lanmè ak sou tè fèm lan.
我先前从天上所听见的那声音又吩咐我说:你去,把那踏海踏地之天使手中展开的小书卷取过来。
Mwen pwoche bò kote zanj lan. Mwen mande l' pou l' ban m' ti liv la. Li di mwen konsa. Men li, pran l', manje li. L'ap gen yon gou anmè nan lestonmak ou. Men, nan bouch ou l'ap dous tankou siwo myèl.
我就走到天使那里,对他说:请你把小书卷给我。他对我说:你拿著吃尽了,便叫你肚子发苦,然而在你口中要甜如蜜。
Mwen pran ti liv la nan men li. Mwen manje l', li te dous tankou siwo myèl nan bouch mwen. Men, lè m' vale l', li te anmè kou fièl nan lestonmak mwen.
我从天使手中把小书卷接过来,吃尽了,在我口中果然甜如蜜,吃了以后,肚子觉得发苦了。
Apre sa, yo di mwen: Se pou ou fè konnen mesaj Bondye a ankò, mesaj ki pale sou anpil pèp, anpil nasyon, anpil lang ak anpil wa.
天使(原文是他们)对我说:你必指著多民、多国、多方、多王再说预言。