Psalms 93

Seyè a ap gouvènen. Gade jan li gen pouvwa! Gade jan li gen fòs! Latè kanpe fèm nan plas li, anyen pa ka brannen l'.
耶和华作王!他以威严为衣穿上;耶和华以能力为衣,以能力束腰,世界就坚定,不得动摇。
Seyè, gouvènman ou lan chita fèm depi nan tan lontan. Ou menm, ou la depi tout tan.
你的宝座从太初立定;你从亘古就有。
Larivyè yo desann, Seyè, larivyè yo ap fè bri. Larivyè yo desann, y'ap fè gwo bri.
耶和华啊,大水扬起,大水发声,波浪澎湃。
Men, Seyè a se sèl chèf nan syèl la. Li gen plis pouvwa pase lanmè a ki fin debòde, li pi fò pase lanm lanmè yo k'ap fè bri.
耶和华在高处大有能力,胜过诸水的响声,洋海的大浪。
Seyè, kòmandman ou yo la pou tout tan. Kay ou se yon kay ki apa pou ou pou tout tan tout tan.
耶和华啊,你的法度最的确;你的殿永称为圣,是合宜的。