Psalms 83

Chante sa a se yon sòm Asaf li ye.
(亚萨的诗歌。) 神啊,求你不要静默! 神啊,求你不要闭口,也不要不作声!
O Bondye, pa rete ak bouch ou fèmen! Pa rete san ou pa di anyen, Bondye! Pa rete konsa san ou pa fè anyen!
因为你的仇敌喧嚷,恨你的抬起头来。
Men li! Lènmi ou yo ap revòlte. Moun ki pa vle wè ou yo ap leve dèyè ou!
他们同谋奸诈要害你的百姓,彼此商议要害你所隐藏的人。
Y'ap fè konplo an kachèt sou do pèp ou a, y'ap mete tèt yo ansanm sou do moun w'ap pwoteje yo.
他们说:来吧,我们将他们剪灭,使他们不再成国!使以色列的名不再被人记念!
Yo di: -Vini non! Ann efase non yo pami nasyon yo, pou pesonn pa janm chonje peyi Izrayèl la ankò!
他们同心商议,彼此结盟,要抵挡你,
Yo mete tèt yo ansanm, yo fè yon sèl lide: yo dakò pou yo fè bann sou do ou.
就是住帐棚的以东人和以实玛利人,摩押和夏甲人,
Moun peyi Edon ansanm ak pitit pitit Izmayèl yo, moun peyi Moab ansanm ak pitit pitit Aga yo,
迦巴勒、亚扪,和亚玛力、非利士并推罗的居民。
moun peyi Gebal, moun peyi Amon ansanm ak moun peyi Amalèk yo, moun peyi Filisti ansanm ak moun lavil Tir, yo tout yo dakò.
亚述也与他们连合;他们作罗得子孙的帮手。(细拉)
Moun peyi Lasiri yo tou fè bann ak yo, yo mete fòs yo ansanm ak pitit pitit Lòt yo.
求你待他们,如待米甸,如在基顺河待西西拉和耶宾一样。
Sa ou te fè moun peyi Madyan yo, sa ou te fè Sisera ansanm ak Jaben nan ravin Kichon an, se sa pou ou fè yo tou.
他们在隐‧多珥灭亡,成了地上的粪土。
Ou te kraze yo nan Andò, ou fè kadav yo tounen fimye pou tè a.
求你叫他们的首领像俄立和西伊伯,叫他们的王子都像西巴和撒慕拿。
Sa ou te fè Orèb ak Zeèb, se sa pou ou fè chèf lame yo tou! Menm jan ou te kraze Zebak ak Salmouna, se konsa pou ou kraze chèf yo tou,
他们说:我们要得 神的住处,作为自己的产业。
paske yo te di: -Ann pran peyi Bondye a pou nou.
我的 神啊,求你叫他们像旋风的尘土,像风前的碎秸。
Bondye mwen, gaye yo tankou pousyè nan toubouyon, tankou pay van ap pote ale.
火怎样焚烧树林,火焰怎样烧著山岭,
Tankou dife k'ap boule nan rakbwa, tankou flanm dife k'ap mache boule mòn yo,
求你也照样用狂风追赶他们,用暴雨恐吓他们。
se konsa pou ou kouri dèyè yo ak gwo van tanpèt ou a. Fè yo pè ak gwo van siklòn ou yo!
愿你使他们满面羞耻,好叫他们寻求你─耶和华的名!
Fè yo wont, fè yo blije kache figi yo, Seyè, pou yo ka chache konnen ou.
愿他们永远羞愧惊惶!愿他们惭愧灭亡!
Se pou yo wont nèt jouk yo pa konn sa pou yo fè. Se pou yo kouri kache, se pou yo mouri. Fè yo konnen se ou menm sèl ki Seyè, se ou menm ki sèl chèf sou tout latè.
使他们知道:惟独你─名为耶和华的─是全地以上的至高者!