Psalms 81

Pou chèf sanba yo. Se sou lè chante yo chante lè y'ap kraze rezen. Se yon sòm Asaf.
(亚萨的诗,交与伶长。用迦特乐器。)你们当向 神─我们的力量大声欢呼,向雅各的 神发声欢乐!
Chante ak kè kontan pou Bondye ki tout defans nou! Fè fèt pou Bondye Jakòb la!
唱起诗歌,打手鼓,弹美琴与瑟。
Konmanse chante a. Bat tanbouren yo! Jwe bèl mizik sou gita ak bandjo yo.
当在月朔并月望─我们过节的日期吹角,
Kònen twonpèt pou anonse fèt la, lè lalin lan nouvèl, ak lè li plenn!
因这是为以色列定的律例,是雅各 神的典章。
Se yon lwa nan peyi Izrayèl, se yon lòd Bondye Jakòb la bay!
他去攻击埃及地的时候,在约瑟中间立此为证。我在那里听见我所不明白的言语:
Bondye te fè sa tounen yon lwa pou pitit pitit Jozèf yo lè li te fè yo soti nan peyi Lejip la. Mwen tande yon vwa mwen pa rekonèt ki di m' konsa:
 神说:我使你的肩得脱重担,你的手放下筐子。
Se mwen ki te wete gwo chay lou ki te sou zepòl nou an. Se mwen ki te fè nou mete panyen yo atè.
你在急难中呼求,我就搭救你;我在雷的隐密处应允你,在米利巴水那里试验你。(细拉)
Lè nou te anba tray, nou te rele m', mwen te delivre nou. Mwen reponn nou nan loraj kote m' te kache a. Mwen te vle wè sou ki pye nou ye avè m', lè nou te bò sous dlo Meriba a.
我的民哪,你当听,我要劝戒你;以色列啊,甚愿你肯听从我。
Koute m' non lè m'ap avèti nou, pèp mwen! Pèp Izrayèl, poukisa nou pa vle koute m'!
在你当中,不可有别的神;外邦的神,你也不可下拜。
Piga nou janm sèvi lòt bondye, piga nou janm adore bondye lòt nasyon yo!
我是耶和华─你的 神,曾把你从埃及地领上来;你要大大张口,我就给你充满。
Se mwen menm ki Seyè a, Bondye nou an. Se mwen menm ki te fè nou kite peyi Lejip la. Louvri bouch nou, m'a plen l' ak pawòl mwen!
无奈,我的民不听我的声音;以色列全不理我。
Men, pèp mwen an pa koute m'. Pèp Izrayèl la pa obeyi m'.
我便任凭他们心里刚硬,随自己的计谋而行。
Lè m' wè sa, mwen kite yo swiv lide yo te gen nan tèt yo, mwen kite yo fè tou sa yo te vle fè.
甚愿我的民肯听从我,以色列肯行我的道,
Ayayay! Si pèp mwen an te vle koute m'. Si pèp Izrayèl la te vle obeyi mwen!
我便速速治服他们的仇敌,反手攻击他们的敌人。
Anvan yo ta bat je yo, mwen ta fè lènmi yo wont, mwen ta kraze tout lènmi yo.
恨耶和华的人必来投降,但他的百姓必永久长存。
Moun ki rayi Seyè a ta vin flate yo. Pèp Izrayèl la t'ap alèz pou tout tan. Mwen ta ba yo pi bon kalite manje pou yo manje. Mwen ta plen vant yo ak bon siwo myèl ki soti nan twou wòch!
他也必拿上好的麦子给他们吃,又拿从磐石出的蜂蜜叫他们饱足。