Psalms 44

Pou chèf sanba yo. Se yonn nan chante pitit Kore yo.
(可拉后裔的训诲诗,交与伶长。) 神啊,你在古时,我们列祖的日子所行的事,我们亲耳听见了;我们的列祖也给我们述说过。
Bondye, nou te tande ak zòrèy nou tout gwo bagay ou te fè nan tan lontan. Wi, granmoun nou yo te rakonte nou tou sa ou te fè pou yo nan tan lontan.
你曾用手赶出外邦人,却栽培了我们列祖;你苦待列邦,却叫我们列祖发达。
Yo di nou se avèk fòs kouraj ou ou te chase moun lòt nasyon yo, pou ou te kapab tabli yo nan peyi a. Yo di nou jan ou te maltrete anpil lòt nasyon pou ou te ka fè plas pou zansèt nou yo.
因为他们不是靠自己的刀剑得地土,也不是靠自己的膀臂得胜,乃是靠你的右手、你的膀臂,和你脸上的亮光,因为你喜悦他们。
Se pa t' avèk nepe pèp ou a te pran peyi a, se pa t' fòs ponyèt yo ki te fè yo genyen batay la. Men, se te pouvwa ou ak fòs ponyèt pa ou ki te penmèt yo fè tou sa. Ou te la avèk yo pou ba yo kouraj. Ou te fè tou sa paske ou renmen yo.
 神啊,你是我的王;求你出令使雅各得胜。
Se ou ki wa mwen, se ou ki Bondye mwen. Fè pitit Jakòb yo jwenn delivrans.
我们靠你要推倒我们的敌人,靠你的名要践踏那起来攻击我们的人。
Avèk pouvwa ou, nou kilbite lènmi nou yo. Avèk ou menm ki la avèk nou an, n'ap kraze moun ki leve dèyè nou yo.
因为,我必不靠我的弓;我的刀也不能使我得胜。
Mwen p'ap mete konfyans mwen nan banza. Se pa nepe m' ki pou delivre m'.
惟你救了我们脱离敌人,使恨我们的人羞愧。
Se ou menm ki te delivre nou anba lènmi nou yo. Ou fè moun ki pa t' vle wè nou yo wont.
我们终日因 神夸耀,还要永远称谢你的名。(细拉)
Se chak jou n'ap fè lwanj ou. Se tout tan n'ap nonmen non ou, n'ap di ou mèsi.
但如今你丢弃了我们,使我们受辱,不和我们的军兵同去。
Men koulye a, Bondye, ou vire do ban nou, ou fè nou pran wont, ou pa soti ansanm avèk lame nou yo ankò.
你使我们向敌人转身退后;那恨我们的人任意抢夺。
Ou fè nou kouri devan lènmi nou yo. Moun ki pa vle wè nou yo ap piye nou alèz.
你使我们当作快要被吃的羊,把我们分散在列邦中。
Ou lage nou tankou mouton y'ap mennen labatwa. Ou gaye nou nan mitan tout lòt peyi yo.
你卖了你的子民也不赚利,所得的价值并不加添你的资财。
Ou vann pèp ou a pou gremesi, ou pa fè okenn benefis sou li.
你使我们受邻国的羞辱,被四围的人嗤笑讥刺。
Ou fè nasyon ki bò kote nou yo ap pase nou nan betiz Wi, yo tout ap lonje dwèt sou nou, y'ap pase nou nan rizib.
你使我们在列邦中作了笑谈,使众民向我们摇头。
Ou fè tout lòt nasyon yo ap bay istwa sou nou. Kou yo wè nou, y'ap fè siy sou nou.
我的凌辱终日在我面前,我脸上的羞愧将我遮蔽,
-(we vèsè pwochen)
都因那辱骂毁谤人的声音,又因仇敌和报仇人的缘故。
Lè m' tande moun k'ap joure m' yo, moun k'ap vekse m' yo, mwen pa ka gade yo nan je. Lè m' devan lènmi ak moun ki pa vle wè m' yo, lawont fè m' bouche figi m'.
这都临到我们身上,我们却没有忘记你,也没有违背你的约。
Wi, tout malè sa yo rive nou, men, nou pa janm bliye ou. Nou pa t' manke anyen nan kontra ou fè avèk nou an.
我们的心没有退后;我们的脚也没有偏离你的路。
Nou pa janm vire do ba ou, nou pa janm kite chemen ou mete devan nou an.
你在野狗之处压伤我们,用死荫遮蔽我们。
Men ou menm, ki jan ou fè lage nou konsa san sekou nan mitan bèt nan bwa yo? Ou kite nou konsa kote ki fè nwa anpil la.
倘若我们忘了 神的名,或向别神举手,
Si nou te bliye rele Bondye nou an, si nou te lapriyè yon lòt bondye,
 神岂不鉴察这事吗?因为他晓得人心里的隐祕。
èske Bondye pa ta konn sa, li menm ki konn sekrè ki nan kè tout moun?
我们为你的缘故终日被杀;人看我们如将宰的羊。
Men, se poutèt ou tout tan yo soti pou touye nou. Yo gade nou tankou mouton y'ap pare pou labatwa.
主啊,求你睡醒,为何尽睡呢?求你兴起,不要永远丢弃我们!
Louvri je ou, Seyè. Poukisa w'ap dòmi konsa? Leve non. Pa voye nou jete nèt!
你为何掩面,不顾我们所遭的苦难和所受的欺压?
Poukisa ou vire do ban nou konsa? Poukisa ou bliye anba ki tray nou ye, jan y'ap peze nou?
我们的性命伏于尘土;我们的肚腹紧贴地面。
Nou tonbe san fòs nan pousyè a. Nou kouche sou vant atè plat. Leve non. vin pote nou sekou! Jan ou renmen nou sa, vin delivre nou non!
求你起来帮助我们!凭你的慈爱救赎我们!