Psalms 41

Pou chèf sanba yo. Se yon sòm David.
(大卫的诗,交与伶长。)眷顾贫穷的有福了!他遭难的日子,耶和华必搭救他。
Ala bon sa bon pou moun ki pran ka pòv yo! Seyè a va delivre l' lè la nan tray.
耶和华必保全他,使他存活;他必在地上享福。求你不要把他交给仇敌,遂其所愿。
Seyè a va pwoteje l', li p'ap kite l' mouri. L'ap fè l' viv ak kè kontan sou latè, li p'ap lage l' nan men lènmi l' yo pou yo fè sa yo vle avè l'.
他病重在榻,耶和华必扶持他;他在病中,你必给他铺床。
Seyè a va ba l' fòs lè maladi fè l' pran kabann. Seyè a va ba l' gerizon lè li malad kouche.
我曾说:耶和华啊,求你怜恤我,医治我!因为我得罪了你。
Mwen menm, mwen te di: Seyè, gen pitye pou mwen. Geri mwen, paske mwen te peche kont ou.
我的仇敌用恶言议论我说:他几时死,他的名才灭亡呢?
Lènmi m' yo ap pale m' mal. Y'ap di: Kilè l'a mouri? Kilè y'a bliye l'?
他来看我就说假话;他心存奸恶,走到外边才说出来。
Moun ki vin wè m' yo, se yon bann ipokrit. Se ranmase yo vin ranmase tout kalite move nouvèl. Soti yo soti, yo pwonmennen rakonte yo toupatou.
一切恨我的,都交头接耳地议论我;他们设计要害我。
Tout moun ki pa vle wè m' yo mete tèt yo ansanm pou pale nan zòrèy sou mwen. Yo kwè m' fini, nanpwen renmèd pou mwen. Y'ap fè yon pakèt vye lide sou mwen.
他们说:有怪病贴在他身上;他已躺卧,必不能再起来。
Y'ap di: Msye kondannen. Kote l' kouche a, nanpwen leve pou li ankò.
连我知己的朋友,我所倚靠、吃过我饭的也用脚踢我。
Ata pi bon zanmi m' lan, moun mwen te fè konfyans anpil la, moun ki te konn manje nan menm plat avè m' lan, ata li menm, li trayi m'.
耶和华啊,求你怜恤我,使我起来,好报复他们!
Men ou menm, Seyè, gen pitye pou mwen. Mete m' sou de pye m' ankò, pou m' ka ba yo sa yo merite.
因我的仇敌不得向我夸胜,我从此便知道你喜爱我。
M'a konnen ou kontan avè m' vre si m' wè lènmi m' yo pa banboche sou do m'.
你因我纯正就扶持我,使我永远站在你的面前。
Wi, w'ap soutni m', paske mwen pa fè anyen ki mal. W'ap fè m' kanpe la devan ou pou tout tan. Ann fè lwanj Seyè a, Bondye pèp Izrayèl la. Ann fè lwanj li pou tout tan. Amèn! Se vre!
耶和华─以色列的 神是应当称颂的,从亘古直到永远。阿们!阿们!