Psalms 25

Se yon sòm David. Seyè, m'ap fè lapriyè m' moute devan ou. Bondye mwen, se nan ou mwen mete tout konfyans mwen.
(大卫的诗。)耶和华啊,我的心仰望你。
Piga ou fè m' wont, pa kite lènmi yo pase m' nan betiz.
我的 神啊,我素来倚靠你;求你不要叫我羞愧,不要叫我的仇敌向我夸胜。
Wi, moun ki mete konfyans yo nan ou p'ap janm wont. Men, moun ka soti wont yo, se moun k'ap trayi ou pou gremesi.
凡等候你的必不羞愧;惟有那无故行奸诈的必要羞愧。
Seyè, fè m' konnen jan ou vle m' viv la! Moutre m' nan ki chemen ou vle pou m' mache a!
耶和华啊,求你将你的道指示我,将你的路教训我!
Moutre m' sa pou m' fè pou m' viv yon jan ki konfòm ak verite ou la, paske se ou menm ki delivrans mwen. Se sou ou mwen konte tout jounen.
求你以你的真理引导我,教训我,因为你是救我的 神。我终日等候你。
Seyè, chonje jan ou gen kè sansib, chonje jan ou renmen nou depi nan tan lontan.
耶和华啊,求你记念你的怜悯和慈爱,因为这是亘古以来所常有的。
Pa chonje peche ak fòt mwen te fè lè m' te jenn. Seyè, jan ou renmen m' sa a, jan ou gen bon kè, tanpri, pa bliye m'!
求你不要记念我幼年的罪愆和我的过犯;耶和华啊,求你因你的恩惠,按你的慈爱记念我。
Seyè a bon, li pa nan patipri, li moutre moun k'ap fè sa ki mal yo jan pou yo viv.
耶和华是良善正直的,所以他必指示罪人走正路。
Li pran men moun ki soumèt devan l' yo, li fè yo mache nan bon chemen an, li moutre yo jan li vle pou yo viv la.
他必按公平引领谦卑人,将他的道教训他们。
Moun ki kenbe kontra li fe ak yo a, moun ki obeyi kòmandman l' yo, li fè yo wè jan li renmen yo, jan li p'ap janm lage yo.
凡遵守他的约和他法度的人,耶和华都以慈爱诚实待他。
Seyè, poutèt non ou pote a, padonnen peche m' yo, paske yo anpil.
耶和华啊,求你因你的名赦免我的罪,因为我的罪重大。
Si yon moun gen krentif pou Seyè a, Seyè a va moutre l' chemen pou l' pran.
谁敬畏耶和华,耶和华必指示他当选择的道路。
L'ap toujou gen kè kontan. Pitit li yo va pran peyi a pou yo.
他必安然居住;他的后裔必承受地土。
Seyè a, se zanmi moun ki gen krentif pou li. Li fè yo konnen kontra li pase ak yo a.
耶和华与敬畏他的人亲密;他必将自己的约指示他们。
Se sou Seyè a m'ap gade tout tan, l'ap delivre m' lè m' nan move pa.
我的眼目时常仰望耶和华,因为他必将我的脚从网里拉出来。
Seyè, vire je ou bò kote m'. Gen pitye pou mwen, paske mwen pou kont mwen, mwen san fòs.
求你转向我,怜恤我,因为我是孤独困苦。
Pa kite m' ak kè sere sa a. Wete m' nan tray m'ap pase a.
我心里的愁苦甚多,求你救我脱离我的祸患。
Gade nan ki mizè mwen ye! Gade jan m'ap soufri! Padonnen tout peche m' yo.
求你看顾我的困苦,我的艰难,赦免我一切的罪。
Gade tout kantite lènmi mwen genyen! Gade jan yo rayi m', jan y'ap pousib mwen.
求你察看我的仇敌,因为他们人多,并且痛痛地恨我。
Pwoteje m' non! Delivre m' non! Piga ou fè m' wont, paske se bò kote ou m'ap chache pwoteksyon, se anba zèl ou mwen vin kache.
求你保护我的性命,搭救我,使我不致羞愧,因为我投靠你。
Fè m' viv yon jan ki san repwòch. Fè m' mache dwat pou ou ka pwoteje m', paske tout espwa mwen se nan ou li ye.
愿纯全、正直保守我,因为我等候你。
O Bondye, delivre pèp Izrayèl la anba tray l'ap pase yo.
 神啊,求你救赎以色列脱离他一切的愁苦。