Psalms 22

Pou chèf sanba yo. Se pou yo chante l' sou lè chante ki di: Nan granmaten yon fenmèl kabrit. Se yon sòm David.
(大卫的诗,交与伶长。调用朝鹿。)我的 神,我的 神!为什么离弃我?为什么远离不救我?不听我唉哼的言语?
Bondye, Bondye m', poukisa ou lage m' konsa? Poukisa ou rete lwen konsa, san pote m' sekou, san koute jan m'ap plenn lan?
我的 神啊,我白日呼求,你不应允,夜间呼求,并不住声。
Tout lajounen m'ap rele ou, Bondye mwen, ou pa reponn. Tout lannwit m'ap rele, mwen pa ka dòmi.
但你是圣洁的,是用以色列的讚美为宝座(或译:居所)的。
Men, se ou menm ki Bondye, ou chita sou fotèy ki apa pou ou a. Pèp Izrayèl la ap fè lwanj ou.
我们的祖宗倚靠你;他们倚靠你,你便解救他们。
Zansèt nou yo te mete konfyans yo nan ou. Yo te fè ou konfyans, ou te sove yo.
他们哀求你,便蒙解救;他们倚靠你,就不羞愧。
Lè yo te kriye nan pye ou, ou te wete yo nan move pa. Wi, yo te mete konfyans yo nan ou, yo pa t' janm regrèt yo te fè sa.
但我是虫,不是人,被众人羞辱,被百姓藐视。
Men, se pa moun mwen ye ankò, se yon vètè mwen tounen. Tout moun ap meprize m', tout moun ap pase m' nan betiz.
凡看见我的都嗤笑我;他们撇嘴摇头,说:
Tout moun ki wè m' pase m' nan rizib. Y'ap lonje dwèt sou mwen, y'ap fè siy sou mwen.
他把自己交托耶和华,耶和华可以救他吧!耶和华既喜悦他,可以搭救他吧!
Y'ap di m' konsa: -Jan ou te konte sou Seyè a, poukisa li pa delivre ou? Si Seyè a renmen ou, poukisa li pa ede ou?
但你是叫我出母腹的;我在母怀里,你就使我有倚靠的心。
Se ou menm ki te fè m' soti san danje nan vant manman m'. Se ou menm ankò ki te pwoteje m' lè m' te nan tete.
我自出母胎就被交在你手里;从我母亲生我,你就是我的 神。
Depi nan vant manman m', se ou menm k'ap pwoteje m'. Depi anvan mwen te fèt, se ou menm ki Bondye mwen.
求你不要远离我!因为急难临近了,没有人帮助我。
Pa rete lwen m' konsa. Malè prèt pou tonbe sou mwen, mwen pa gen pesonn pou ede m'.
有许多公牛围绕我,巴珊大力的公牛四面困住我。
Lènmi m' yo anpil, yo sènen m' toupatou. Yo tankou gwo towo bèf peyi Bazan. Kote m' vire yo la.
牠们向我张口,好像抓撕吼叫的狮子。
Yo louvri bouch yo, ou ta di se lyon k'ap gwonde, ki prèt pou dechire mwen.
我如水被倒出来;我的骨头都脱了节;我心在我里面如蜡镕化。
Mwen pèdi tout fòs mwen, tankou dlo ki tonbe atè. Tout zo nan kò m' dejwente. Mwen santi kè m' ap kase, tout zantray mwen ap bouyi.
我的精力枯干,如同瓦片;我的舌头贴在我牙床上。你将我安置在死地的尘土中。
Fòs mwen ap cheche, tankou labou nan solèy. Lang mwen kole nan fon bouch mwen. Mwen santi m' prèt pou mouri.
犬类围著我,恶党环绕我;他们扎了我的手,我的脚。
Tankou yon bann chen, mechan yo sènen m'. Bann mechan yo fèmen m' toupatou. Yo kraze de men m' ak de pye m' yo.
我的骨头,我都能数过;他们瞪著眼看我。
Tout zo nan kò m' parèt. Y'ap gade m', y'ap veye m'.
他们分我的外衣,为我的里衣拈阄。
Y'ap separe rad mwen ant yo menm, y'ap tire osò pou rad mwen an.
耶和华啊,求你不要远离我!我的救主啊,求你快来帮助我!
Pa rete lwen m' konsa, Seyè. Ou menm ki tout fòs mwen, prese vin pote m' sekou.
求你救我的灵魂脱离刀剑,救我的生命(生命:原文是独一者)脱离犬类,
Pa kite yo touye m' ak kout nepe. Pa kite chen yo devore m'.
救我脱离狮子的口;你已经应允我,使我脱离野牛的角。
Wete m' nan bouch lyon yo. Delivre m' anba towo savann sa yo. Ou reponn mwen, Seyè!
我要将你的名传与我的弟兄,在会中我要讚美你。
M'a di frè m' yo tout sa ou te fè pou mwen. M'a fè lwanj ou lè yo tout reyini ansanm.
你们敬畏耶和华的人要讚美他!雅各的后裔都要荣耀他!以色列的后裔都要惧怕他!
Nou tout ki gen krentif pou Seyè a, fè lwanj li. Nou tout pitit pitit Jakòb yo, chante pou li. Nou tout pèp Izrayèl la, adore li.
因为他没有藐视憎恶受苦的人,也没有向他掩面;那受苦之人呼籲的时候,他就垂听。
Li pa meprize pòv yo, li pa fèmen je l' sou soufrans yo. Li pa rete lwen yo. Lè yo rele l', li reponn.
我在大会中讚美你的话是从你而来的;我要在敬畏耶和华的人面前还我的愿。
M'a fè lwanj ou pou sa ou fè, nan mitan tout moun yo lè yo reyini. M'a fè sa mwen te pwomèt ou yo, devan tout moun ki gen krentif pou ou yo.
谦卑的人必吃得饱足;寻求耶和华的人必讚美他。愿你们的心永远活著!
Pòv yo va manje mezi yo kapab. Moun k'ap chache Seyè a va fè lwanj li. Y'a viv ak kè poze pou tout tan.
地的四极都要想念耶和华,并且归顺他;列国的万族都要在你面前敬拜。
Tout nasyon va chonje sa Seyè a te fè. Toupatou sou latè yo pral tounen vin jwenn li. Moun tout peyi va adore li.
因为国权是耶和华的;他是管理万国的。
Se Seyè a ki wa. Se li ki donminen sou tout nasyon.
地上一切丰肥的人必吃喝而敬拜;凡下到尘土中─不能存活自己性命的人─都要在他面前下拜。
Tout grannèg sou latè va bese tèt devan li. Yo tout ki la pou mouri, yo tout ki la pou al anba tè, yo pral adore li.
他必有后裔事奉他;主所行的事必传与后代。
Jenerasyon k'ap vini yo va sèvi li. Moun va rakonte istwa Seyè a bay pitit yo. Pitit yo menm, lè y'a fè pitit, y'a fè konnen jan Seyè a te delivre yo ansanm ak tou sa li te fè pou yo.
他们必来把他的公义传给将要生的民,言明这事是他所行的。