Psalms 147

Lwanj pou Seyè a! Sa bon nèt pou nou chante pou Seyè a. Sa bon nèt pou nou fè lwanj Seyè a. Wi, li merite l' vre!
你们要讚美耶和华!因歌颂我们的 神为善为美;讚美的话是合宜的。
Seyè a ap rebati lavil Jerizalèm. L'ap fè moun Izrayèl ki te gaye nan mitan lòt nasyon yo tounen lakay yo.
耶和华建造耶路撒冷,聚集以色列中被赶散的人。
L'ap bay moun ki nan gwo lapenn yo kouraj. L'ap geri moun ki blese yo.
他医好伤心的人,裹好他们的伤处。
Li konte konbe zetwal ki genyen! Li konnen non yo chak.
他数点星宿的数目,一一称他的名。
Seyè nou an gen pouvwa. Li gen anpil fòs. Konesans li pa gen limit.
我们的主为大,最有能力;他的智慧无法测度。
Seyè a ap bay pòv malere yo men pou yo leve. Men, l'ap rabese mechan yo jouk atè.
耶和华扶持谦卑人,将恶人倾覆于地。
Chante yon chante pou Seyè a pou nou di l' mèsi. Fè mizik pou Bondye nou an ak gita.
你们要以感谢向耶和华歌唱,用琴向我们的 神歌颂。
Se li ki kouvri syèl la ak nwaj yo. Se li ki pare lapli pou tè a. Se li ki fè zèb pouse sou mòn yo.
他用云遮天,为地降雨,使草生长在山上。
Li bay bèt yo manje, li bay ti kònèy yo manje lè yo rele.
他赐食给走兽和啼叫的小乌鸦。
Li pa pran plezi l' nan chwal ki gen fòs, ni se pa kouraj moun ki fè kè l' kontan.
他不喜悦马的力大,不喜爱人的腿快。
Moun ki fè kè l' kontan, se moun ki gen krentif pou li, se moun ki mete tout espwa yo nan li, paske yo konnen li renmen yo.
耶和华喜爱敬畏他和盼望他慈爱的人。
Nou menm, moun lavil Jerizalèm, fè lwanj Seyè a! Nou menm, moun mòn Siyon, fè lwanj Bondye nou an!
耶路撒冷啊,你要颂讚耶和华!锡安哪,你要讚美你的 神!
Li fè pòt kay nou yo vin pi solid. Li voye benediksyon sou pitit nou yo nan mitan nou.
因为他坚固了你的门闩,赐福给你中间的儿女。
L'ap veye fwontyè peyi a pou pa gen lagè! L'ap plen vant nou ak bon kalite manje.
他使你境内平安,用上好的麦子使你满足。
Li pase yon lòd: lòd la kouri byen vit toupatou sou latè.
他发命在地;他的话颁行最快。
Li fè lanèj tonbe kouvri latè tankou koton. Li fè lawouze tounen ti moso glas sou tout pyebwa.
他降雪如羊毛,撒霜如炉灰。
Li voye lagrèl tankou gravye. Ki moun ki ka sipòte fredi li voye?
他掷下冰雹如碎渣;他发出寒冷,谁能当得起呢?
Li pase yon lòd, li fè yo tout fonn. Li fè van soufle, dlo pran koule toupatou.
他一出令,这些就都消化;他使风刮起,水便流动。
Li fè pitit Jakòb yo konnen pawòl li. li fè pèp Izrayèl la konnen lòd li yo ak sa li deside.
他将他的道指示雅各,将他的律例典章指示以色列。
Li pa aji konsa ak okenn lòt nasyon. Li pa fè yo konnen sa l' deside fè. Lwanj pou Seyè a!
别国他都没有这样待过;至于他的典章,他们向来没有知道。你们要讚美耶和华!