Psalms 11

Pou chèf sanba yo. Se yon sòm David. Se bò kote Seyè a m'ap chache pwoteksyon. Ki jan nou ka fè di m': Kouri al kache kò ou nan mòn tankou zwazo,
(大卫的诗,交与伶长。)我是投靠耶和华;你们怎么对我说:你当像鸟飞往你的山去。
paske mechan yo pare banza yo, y'ap vize ak flèch yo pou yo tire nan fènwa sou moun k'ap mache dwat yo?
看哪,恶人弯弓,把箭搭在弦上,要在暗中射那心里正直的人。
Pa gen anyen yon bon moun ka fè, lè tout bagay tèt anba.
根基若毁坏,义人还能做什么呢?
Seyè a nan kay ki apa pou li a, li gen fotèy li nan syèl la. L'ap gade lèzòm: li konnen sa y'ap fè.
耶和华在他的圣殿里;耶和华的宝座在天上;他的慧眼察看世人。
Kit yo bon, kit yo mechan, Bondye ap gade sa y'ap fè. li pa vle wè moun k'ap fè mechanste.
耶和华试验义人;惟有恶人和喜爱强暴的人,他心里恨恶。
Li voye chabon dife ak souf cho sou mechan yo tankou lapli. Li soufle yon van cho kou dife sou yo. Se sa yo tout yo merite.
他要向恶人密布网罗;有烈火、硫磺、热风,作他们杯中的分。
Seyè a pa nan patipri, li renmen lè moun fè bagay ki byen. Moun ki mache dwat yo va parèt devan li.
因为耶和华是公义的,他喜爱公义;正直人必得见他的面。