Psalms 101

Se yon sòm David. M'ap chante pou yon moun ki gen bon kè. M'ap chante pou yon moun ki pa nan patipri. Se pou ou m'ap chante, Seyè!
(大卫的诗)。我要歌唱慈爱和公平;耶和华啊,我要向你歌颂!
M'ap mennen yon lavi san repwòch. Kilè w'a vin jwenn mwen?
我要用智慧行完全的道。你几时到我这里来呢?我要存完全的心行在我家中。
M'ap mennen yon lavi san repwòch anndan lakay mwen. Mwen p'ap mete okenn move lide nan tèt mwen. Mwen rayi sa moun ki vire do bay Bondye yo ap fè. Bagay konsa pa ka pran tèt mwen.
邪僻的事,我都不摆在我眼前;悖逆人所做的事,我甚恨恶,不容沾在我身上。
Mwen pa tolere moun ki gen move kè bò kote m'. Mwen pa gen anyen pou m' wè ak moun ki mechan.
弯曲的心思,我必远离;一切的恶人(或译:恶事),我不认识。
M'ap disparèt tout moun k'ap pale zanmi yo mal an kachèt. Mwen p'ap tolere moun k'ap fè grandizè, moun k'ap pran pòz gwokolèt yo sou moun.
在暗中谗谤他邻居的,我必将他灭绝;眼目高傲、心里骄纵的,我必不容他。
M'ap pran swen moun nan peyi a ki kenbe Bondye fèm. M'ap kite yo rete bò kote m'. Moun k'ap mache dwat yo, se yo m'ap pran pou sèvi lakay mwen.
我眼要看国中的诚实人,叫他们与我同住;行为完全的,他要伺候我。
Mwen p'ap kite moun k'ap twonpe moun rete lakay mwen. Moun k'ap bay manti p'ap rete kanpe devan mwen.
行诡诈的,必不得住在我家里;说谎话的,必不得立在我眼前。
Chak maten m'ap fini avèk tout mechan ki nan peyi a. Konsa, m'ap mete tout moun k'ap fè sa ki mal yo deyò nan lavil Seyè a.
我每日早晨要灭绝国中所有的恶人,好把一切作孽的从耶和华的城里剪除。