Proverbs 8

Tande byen. Sajès ap rele byen fò. Entèlijans ap pale fò pou tout moun tande.
智慧岂不呼叫?聪明岂不发声?
Li kanpe sou tèt ti mòn yo, sou bò wout la, nan mitan kalfou yo.
她在道旁高处的顶上,在十字路口站立,
L'ap pale byen fò bò pòtay lavil la, sou tout papòt yo, l'ap di:
在城门旁,在城门口,在城门洞,大声说:
Nou menm lèzòm, se ak nou m'ap pale. M'ap rele pou tout moun ki sou latè tande.
众人哪,我呼叫你们,我向世人发声。
Nou menm ki pa gen konprann, vin aprann sa ki rele gen bon konprann Nou menm k'ap aji tankou moun fou, vin aprann sa ki rele gen lespri.
说:愚蒙人哪,你们要会悟灵明;愚昧人哪,你们当心里明白。
Louvri zòrèy nou. Mwen pral di pawòl ki konsekan. Tou sa mwen pral di yo se bagay ki dwat.
你们当听,因我要说极美的话;我张嘴要论正直的事。
Sa m' pral di la a se verite. Mwen pa kapab bay manti.
我的口要发出真理;我的嘴憎恶邪恶。
Tou sa ki soti nan bouch mwen, se pawòl ki dwat. Nan sa m' di yo pa gen anyen ki pa vre, pa gen anyen ki kwochi.
我口中的言语都是公义,并无弯曲乖僻。
Yo klè pou moun ki gen bon konprann. Yo kòrèk pou moun ki gen konesans.
有聪明的,以为明显,得知识的,以为正直。
Pito ou chache gen bon konprann pase pou ou gen lajan. Pito ou chache gen konesans pase pou ou gen pi bon lò.
你们当受我的教训,不受白银;宁得知识,胜过黄金。
Paske, mwen menm Bon Konprann, mwen pi bon pase boul lò. Pa gen anyen ou ta renmen genyen ki ka konpare avè m'.
因为智慧比珍珠(或译:红宝石)更美;一切可喜爱的都不足与比较。
Mwen menm Bon Konprann, mwen gen lespri. Mwen gen bon tèt pou m' konprann.
我─智慧以灵明为居所,又寻得知识和谋略。
Lè yon moun gen krentif pou Bondye, li rayi sa ki mal. Mwen pa vle wè moun lògey ak moun awogan, moun ki gen move kondit ak moun k'ap bay manti.
敬畏耶和华在乎恨恶邪恶;那骄傲、狂妄,并恶道,以及乖谬的口,都为我所恨恶。
Se mwen ki bay bon konsèy, ki bay moun ladrès. Mwen gen konprann, mwen gen fòs pouvwa.
我有谋略和真知识;我乃聪明,我有能力。
Se mwen ki bay wa yo ladrès pou yo kòmande. Se mwen ki fè chèf yo pase bon lòd pou pa gen lenjistis.
帝王借我坐国位;君王借我定公平。
Se mwen menm ki bay tout chèf yo tèt pou yo kòmande. Se mwen menm ki fè sa tou pou tout lòt chèf yo ansanm ak tout lòt moun k'ap dirije lèzòm.
王子和首领,世上一切的审判官,都是借我掌权。
Mwen renmen moun ki renmen m'. Depi yon moun chache m', fòk li jwenn mwen.
爱我的,我也爱他;恳切寻求我的,必寻得见。
Mwen bay richès, mwen bay pouvwa. Mwen bay byen k'ap la pou lontan, mwen fè tout bagay byen.
丰富尊荣在我;恒久的财并公义也在我。
Tou sa mwen bay pi bon lontan pase pi bon lò ki genyen. Yo pi bon pase ajan.
我的果实胜过黄金,强如精金;我的出产超乎高银。
Mwen fè moun mache dwat devan Bondye. Mwen fè yo mache yon jan pou yo pa fè moun lenjistis.
我在公义的道上走,在公平的路中行,
Lè moun renmen m', mwen ba yo anpil byen. Mwen plen kay yo ak richès.
使爱我的,承受货财,并充满他们的府库。
Seyè a te fè m' lè li te fèk konmanse ak plan travay li. Li te fè m' lontan lontan anvan tout bagay.
在耶和华造化的起头,在太初创造万物之先,就有了我。
Li te fè m' nan konmansman nèt, an premye, anvan tout lòt bagay sou latè.
从亘古,从太初,未有世界以前,我已被立。
Lè m' te fèk parèt, pa t' ankò gen lanmè. pa t' ankò gen ankenn sous dlo.
没有深渊,没有大水的泉源,我已生出。
Lè m' te fèt la, pa t' ankò gen ankenn mòn menm. Ata ti mòn yo pa t' ankò nan plas yo.
大山未曾奠定,小山未有之先,我已生出。
Bondye pa t' ankò fè latè ak jaden. Pa menm premye grenn pousyè tè a pa t' ankò fèt.
耶和华还没有创造大地和田野,并世上的土质,我已生出。
Mwen te la lè li t'ap mete syèl la nan plas li, lè li t'ap trase liy kote syèl la kontre ak latè a.
他立高天,我在那里;他在渊面的周围,划出圆圈。
Mwen te la lè li t'ap mete nwaj yo nan syèl la, lè li t'ap fè sous dlo pete anba lanmè a.
上使穹苍坚硬,下使渊源稳固,
Mwen te la lè li t'ap bay dlo lanmè a limit pou l' pa depase, lè li t'ap poze fondasyon tè a.
为沧海定出界限,使水不越过他的命令,立定大地的根基。
Mwen te la bò kote l' ap travay avè l'. Chak jou mwen t'ap fè tout bagay ki te fè l' plezi. Mwen te toujou kontan travay anba je l'.
那时,我在他那里为工师,日日为他所喜爱,常常在他面前踊跃,
Mwen te kontan mache toupatou sou latè. Mwen te pran plezi m' ak lèzòm.
踊跃在他为人预备可住之地,也喜悦住在世人之间。
Koulye a, pitit mwen yo, louvri zòrèy nou pou nou tande mwen. Ala bon sa bon pou moun ki fè sa m' di yo fè!
众子啊,现在要听从我,因为谨守我道的,便为有福。
Louvri zòrèy nou pou nou tande sa m'ap moutre nou. N'a vin gen bon konprann. Pa meprize bagay konsa.
要听教训就得智慧,不可弃绝。
Ala bon sa bon pou moun ki koute m', pou moun ki chita nan papòt mwen chak jou, pou moun k'ap tann bò poto galeri kay mwen!
听从我、日日在我门口仰望、在我门框旁边等候的,那人便为有福。
Lè yon moun jwenn mwen, se lavi li jwenn. Li antre nan favè Bondye.
因为寻得我的,就寻得生命,也必蒙耶和华的恩惠。
Men moun ki vire do ban mwen ap fè tèt yo mal. Moun ki rayi m', se moun k'ap mache ak sèkèy yo anba bra yo.
得罪我的,却害了自己的性命;恨恶我的,都喜爱死亡。