Proverbs 3

Pitit mwen, pa janm bliye sa mwen moutre ou yo. Kenbe tou sa mwen di ou fè yo nan kè ou.
我儿,不要忘记我的法则(或译:指教);你心要谨守我的诫命;
Se yo k'ap fè ou viv lontan. Se yo k'ap fè ou viv ak kè poze.
因为他必将长久的日子,生命的年数与平安,加给你。
Se pou ou toujou viv byen ak tout moun. Se pou ou toujou gen yon sèl pawòl. Mete pawòl mwen yo nan kou ou tankou yon kolye, kenbe yo nan kè ou pou ou pa janm bliye yo.
不可使慈爱、诚实离开你,要系在你颈项上,刻在你心版上。
Si ou fè sa, Bondye va kontan avè ou, lèzòm va nonmen non ou an byen.
这样,你必在 神和世人眼前蒙恩宠,有聪明。
Mete tout konfyans ou nan Seyè a. Pa gade sou sa ou konnen.
你要专心仰赖耶和华,不可倚靠自己的聪明,
Toujou chonje Seyè a nan tou sa w'ap fè. Li menm, l'a moutre ou chemen pou ou pran.
在你一切所行的事上都要认定他,他必指引你的路。
Pa mete nan tèt ou ou gen plis konprann pase sa. Gen krentif pou Seyè a, refize fè sa ki mal.
不要自以为有智慧;要敬畏耶和华,远离恶事。
Lè ou fè sa, se va tankou yon bon medikaman: W'a toujou gaya, ou p'ap janm soufri doulè.
这便医治你的肚脐,滋润你的百骨。
Fè wè jan ou gen respè pou Seyè a: ba li nan tou sa ou genyen, ofri l' premye donn ou rekòlte nan jaden ou.
你要以财物和一切初熟的土产尊荣耶和华。
Lè ou fè sa, galata ou ap toujou chaje danre. Barik diven ou yo ap plen ra bouch.
这样,你的仓房必充满有余;你的酒醡有新酒盈溢。
Pitit mwen, lè Seyè a ap pini ou, pa betize ak sa. Lè l'ap korije ou, pa dekouraje.
我儿,你不可轻看耶和华的管教(或译:惩治),也不可厌烦他的责备;
Paske Seyè a korije moun li renmen, menm jan yon papa korije pitit li renmen anpil la.
因为耶和华所爱的,他必责备,正如父亲责备所喜爱的儿子。
Ala bon sa bon pou moun ki gen konesans, pou moun ki rive gen bon konprann!
得智慧,得聪明的,这人便为有福。
Benefis l'ap rapòte pi bon pase sa lajan bay. Avantaj l'ap bay gen plis valè pase lò.
因为得智慧胜过得银子,其利益强如精金,
Sajès pi bon pase boul lò. Nanpwen anyen moun ta renmen genyen ki ka parèt devan li.
比珍珠(或译:红宝石)宝贵;你一切所喜爱的,都不足与比较。
Yon bò, bon konprann ap fè moun viv lontan. Yon lòt bò, l'ap bay richès, l'ap fè moun respekte ou.
她右手有长寿,左手有富贵。
L'ap fè moun viv ak kè kontan. L'ap fè ou reyisi nan tou sa w'ap fè.
她的道是安乐;她的路全是平安。
Moun ki gen bon konprann jwenn lavi. Sa bon nèt pou moun ki gen bon konprann!
她与持守她的作生命树;持定她的,俱各有福。
Avèk bon konprann li, Bondye kreye latè. Avèk entèlijans li, li mete syèl la nan plas li.
耶和华以智慧立地,以聪明定天,
Avèk konesans li, li fè larivyè yo koule. Li fè nwaj yo bay lapli sou latè.
以知识使深渊裂开,使天空滴下甘露。
Pitit mwen, kenbe pye konesans ou, pa pèdi konprann ou. Pa janm kite anyen fè ou bliye yo.
我儿,要谨守真智慧和谋略,不可使她离开你的眼目。
Y'ap ba ou lavi, y'ap fè lavi ou bèl tankou yon kolye ki pase nan kou ou.
这样,她必作你的生命,颈项的美饰。
W'a fè chemen ou nan lavi san ou pa pè anyen. Ou p'ap janm bite sou anyen.
你就坦然行路,不致碰脚。
Lè ou pral kouche, ou p'ap pè anyen. Lè w'a fin lonje kò ou, w'a dòmi nèt ale.
你躺下,必不惧怕;你躺卧,睡得香甜。
Ou p'ap bezwen pè: malè p'ap rete konsa pou l' tonbe sou tèt ou. Ni tou, sa ki rive mechan yo p'ap rive ou.
忽然来的惊恐,不要害怕;恶人遭毁灭,也不要恐惧。
Paske se Seyè a ki tout espwa ou. Li p'ap kite ou pran nan pèlen.
因为耶和华是你所倚靠的;他必保守你的脚不陷入网罗。
Pa refize fè byen pou moun ki nan nesesite, chak fwa ou santi ou ka fè sa.
你手若有行善的力量,不可推辞,就当向那应得的人施行。
Si ou gen lajan sou ou, ou pa ka di frè parèy ou: Ale non! Tounen denmen. M'a ba ou kichòy!
你那里若有现成的,不可对邻舍说:去吧,明天再来,我必给你。
Moun k'ap viv ansanm avè ou, ki mete konfyans yo nan ou, pa manniganse anyen ki pou fè yo mal.
你的邻舍既在你附近安居,你不可设计害他。
Pa fè kabouyay san rezon ak yon moun san li pa janm fè ou anyen ki mal.
人未曾加害与你,不可无故与他相争。
Pa anvye sò mechan yo. Pa mete nan tèt ou pou ou fè tankou yo.
不可嫉妒强暴的人,也不可选择他所行的路。
Paske Seyè a pa vle wè moun ki deprave. Men, li mete moun ki mache dwat yo nan tout sekrè l' yo.
因为,乖僻人为耶和华所憎恶;正直人为他所亲密。
Madichon Bondye chita lakay mechan yo. Men, benediksyon l' ap kouvri kay moun ki mache dwat yo.
耶和华咒诅恶人的家庭,赐福与义人的居所。
Moun k'ap pase moun nan betiz, Bondye ap pase yo nan betiz tou. Men, moun ki fè byen, l'ap moutre yo jan li renmen yo.
他讥诮那好讥诮的人,赐恩给谦卑的人。
Y'a fè lwanj moun ki gen bon konprann yo, men moun fou yo, se wont y'a wont.
智慧人必承受尊荣;愚昧人高升也成为羞辱。