Proverbs 22

Pito yo nonmen non ou an byen pase pou ou gen anpil richès. Pito moun gen anpil konsiderasyon pou ou pase pou ou gen anpil lajan ak anpil lò.
美名胜过大财;恩宠强如金银。
Pa gen diferans ant moun rich ak moun pòv, paske tou de se kreyati Bondye yo ye.
富户穷人在世相遇,都为耶和华所造。
Moun ki gen konprann, lè li wè malè ap vin sou li, li wete kò l'. Men, moun sòt pote lestonmak li bay, epi se li ki peye sa.
通达人见祸藏躲;愚蒙人前往受害。
Soumèt ou devan Bondye, gen krentif pou li: W'a gen richès, y'a nonmen non ou, w'a viv lontan.
敬畏耶和华心存谦卑,就得富有、尊荣、生命为赏赐。
Moun ki mache kwochi jwenn pikan ak pèlen sou wout yo. Si ou renmen lavi, pa fè menm wout ak yo.
乖僻人的路上有荆棘和网罗;保守自己生命的,必要远离。
Bay yon timoun prensip li dwe swiv. Jouk li mouri, li p'ap janm bliye l'.
教养孩童,使他走当行的道,就是到老他也不偏离。
Moun rich ap donminen sou moun pòv. Lè ou prete lajan nan men yon moun, ou tounen timoun devan pòt li.
富户管辖穷人;欠债的是债主的仆人。
Lè ou simen lenjistis, ou rekòlte malè. Ou rete konsa sak te fè ou gen gwo kòlèt la disparèt.
撒罪孽的,必收灾祸;他逞怒的杖也必废掉。
Bondye beni moun ki gen bon kè, paske lè moun ki gen bon kè wè yon pòv, yo separe sa yo genyen an avè l'.
眼目慈善的,就必蒙福,因他将食物分给穷人。
Mete moun k'ap pase lòt moun nan betiz la deyò, lamenm tout kont, tout joure ap sispann.
赶出亵慢人,争端就消除;纷争和羞辱也必止息。
Moun ki pa gen move lide dèyè tèt yo epi ki gen bon pawòl nan bouch yo ap gen wa a pou zanmi yo. Men, Bondye renmen moun ki sensè.
喜爱清心的人因他嘴上的恩言,王必与他为友。
Seyè a pwoteje moun k'ap di verite. Men, li fè moun k'ap bay manti yo wont.
耶和华的眼目眷顾聪明人,却倾败奸诈人的言语。
Parese rete chita lakay li, li di si li soti bèt nan bwa va manje l' nan lari a.
懒惰人说:外头有狮子;我在街上就必被杀。
Pawòl fanm adiltè se gwo pèlen. Lè Seyè a move sou yon moun, moun lan ap pran nan pèlen sa a.
淫妇的口为深坑;耶和华所憎恶的,必陷在其中。
Timoun toujou ap fè move bagay. Men, fwèt ap fè yo pa rekonmanse ankò.
愚蒙迷住孩童的心,用管教的杖可以远远赶除。
Lè w'ap peze yon pòv malere se lespri l' w'ap louvri. Lè w'ap fè moun rich kado, se pòv w'ap fè l' pòv.
欺压贫穷为要利己的,并送礼与富户的,都必缺乏。
Louvri zòrèy ou, koute pawòl moun ki gen bon konprann yo. Chache konprann sa m'ap moutre ou la a.
你须侧耳听受智慧人的言语,留心领会我的知识。
L'a bon pou ou toujou kenbe yo nan kè ou, pou yo ka toujou anba lang ou.
你若心中存记,嘴上咬定,这便为美。
Koulye a, mwen pral moutre ou tout pawòl sa yo, ou menm tou, pou ou ka mete konfyans ou nan Seyè a.
我今日以此特特指教你,为要使你倚靠耶和华。
Depi lontan, mwen te ekri bon pawòl sa yo pou ou. W'a jwenn anpil bon konsèy ak konesans ladan yo.
谋略和知识的美事,我岂没有写给你吗?
Y'a fè ou konnen verite a jan li ye a. Konsa, w'a pote bon repons bay moun ki te voye ou la. Men yo:
要使你知道真言的实理,你好将真言回覆那打发你来的人。
Pa pran ti sa pòv la genyen an paske se pòv li ye. Pa pwofite sou ti malere yo nan tribinal.
贫穷人,你不可因他贫穷就抢夺他的物,也不可在城门口欺压困苦人;
Se Seyè a ki va plede kòz yo pou yo. L'a touye moun ki vòlò malere sa yo.
因耶和华必为他辨屈;抢夺他的,耶和华必夺取那人的命。
Pa fè zanmi ak moun ki ankòlè fasil. Pa mache ak moun ki gen san wo.
好生气的人,不可与他结交;暴怒的人,不可与他来往;
W'a pran move mès yo. W'a rale malè sou ou.
恐怕你效法他的行为,自己就陷在网罗里。
Pa pwomèt pou ou reskonsab dèt yon lòt moun fè.
不要与人击掌,不要为欠债的作保。
Si ou pa ka peye, y'a sezi ata kabann anba do ou.
你若没有什么偿还,何必使人夺去你睡卧的床呢?
Pa janm deplase bòn tè kote granmoun lontan te mete yo.
你先祖所立的地界,你不可挪移。
Moutre m' yon nonm ki gen ladrès nan sa l'ap fè. Se moun konsa k'ap rive travay ak chèf. Li pa pral travay ak moun ki pa anyen.
你看见办事殷勤的人吗?他必站在君王面前,必不站在下贱人面前。