Obadiah 1

Mesaj pwofèt Abdyas sou peyi Edon. Men mesaj Seyè a te ban mwen: Nou te tande mesaj Seyè a te bay la. Li te voye mesaj li a nan tout nasyon yo pou di yo: Annavan! Leve non! Ann mache pran Edon! Ann al goumen avè l'!
俄巴底亚得了耶和华的默示。论以东说:我从耶和华那里听见信息,并有使者被差往列国去,说:起来吧,一同起来与以东争战!
Men sa Seyè a di moun peyi Edon yo: Mwen pral fè peyi nou an vin tou fèb nan mitan lòt nasyon yo. Tout moun pral meprize nou nèt!
我使你─以东在列国中为最小的,被人大大藐视。
Se awogans nou ki fè nou pèdi tèt nou. Nou bati kapital nou sou tèt gwo wòch yo. Nou moute kay nou byen wo nan mòn yo. Epi n'ap di nan kè nou: Ki moun ki ka fè nou desann la a!
住在山穴中、居所在高处的啊,你因狂傲自欺,心里说:谁能将我拉下地去呢?
Nou te mèt bati kay nou byen wo tankou nich malfini, nou te mèt mete nich nou byen wo tankou si li te nan mitan zetwal yo, m'ap voye nou jete anba, m'ap fè nou desann. Se Seyè a menm ki di sa.
你虽如大鹰高飞,在星宿之间搭窝,我必从那里拉下你来。这是耶和华说的。
Lè vòlò antre lakay moun lannwit pou piye, yo annik pran sa yo bezwen. Lè moun ap ranmase rekòt rezen, yo toujou kite dèyè pou moun k'ap vin grapiye yo. Men, gade jan lènmi ravaje nou nèt ale non!
盗贼若来在你那里,或强盗夜间而来─你何竟被剪除─岂不偷窃直到够了呢?摘葡萄的若来到你那里,岂不剩下些葡萄呢?
Yo fouye toupatou nan peyi Ezaou a. Yo pran tout trezò nou te kache yo.
以扫的隐密处何竟被搜寻?他隐藏的宝物何竟被查出?
Tout moun ki te mete tèt ansanm avè nou yo woule nou byen woule. Yo mete nou deyò nan pwòp peyi nou an. Moun ki te pi bon zanmi nou yo twonpe nou byen twonpe. Moun ki te konn manje sou tab ansanm ak nou pare pèlen pou nou. Nou menm, nou pa menm wè sa!
与你结盟的都送你上路,直到交界;与你和好的欺骗你,且胜过你;与你一同吃饭的设下网罗陷害你;在你心里毫无聪明。
Seyè a di konsa: -Jou m'ap pini moun Edon yo, m'ap disparèt tout moun ki gen bon konprann nan peyi a, tout moun lespri ki rete sou mòn Ezaou a.
耶和华说:到那日,我岂不从以东除灭智慧人?从以扫山除灭聪明人?
Sòlda lavil Teman yo pral tranble nan kanson yo. Yo pral masakre tout gason peyi Edon ki konn goumen.
提幔哪,你的勇士必惊惶,甚至以扫山的人都被杀戮剪除。
Paske nou te masakre pitit pitit Jakòb yo, kouzen nou yo, paske nou te fè yo anpil mechanste, yo pral fè nou wont, yo pral disparèt nou nèt.
因你向兄弟雅各行强暴,羞愧必遮盖你,你也必永远断绝。
Nou te rete kanpe la ap gade, lè moun lòt nasyon yo t'ap piye tout richès yo. Nou pa t' pi bon pase etranje yo ki te defonse pòtay yo lè sa a, ki te separe bay chak moun tout richès lavil Jerizalèm yo. Nou menm tou, nou te fè menm bagay la.
当外人掳掠雅各的财物,外邦人进入他的城门,为耶路撒冷拈阄的日子,你竟站在一旁,像与他们同伙。
Nou pa t' dwe kontan wè kouzen nou yo nan malè. Nou pa t' dwe kontan wè y'ap fini ak moun fanmi Jida yo. Nou pa t' dwe pase yo nan rizib, lè yo te nan tray.
你兄弟遭难的日子,你不当瞪眼看著;犹大人被灭的日子,你不当因此欢乐;他们遭难的日子,你不当说狂傲的话。
Nou pa t' dwe janbe pòtay lavil pèp mwen an pou nou te antre ladan l', jou malè te tonbe sou yo a. Nou pa t' dwe kontan wè jan y'ap soufri, jou malè te tonbe sou yo a. Nou pa t' dwe mete men nou sou byen yo, jou malè te tonbe sou yo a.
我民遭灾的日子,你不当进他们的城门;他们遭灾的日子,你不当瞪眼看著他们受苦;他们遭灾的日子,你不当伸手抢他们的财物;
Nou pa t' dwe kanpe nan kalfou yo pou nou touye sa ki t'ap chache chape kò yo. Nou pa t' dwe lage sa ki pa t' mouri yo nan men lènmi yo, jou malè te tonbe sou yo a.
你不当站在岔路口剪除他们中间逃脱的;他们遭难的日子,你不当将他们剩下的人交付仇敌。
Jou a pa lwen rive, kote mwen menm, Seyè a, mwen pral jije tout nasyon yo. Nou menm moun peyi Edon, sa nou te fè a, se sa yo pral fè nou tou. Yo pral fè nou sibi tou sa nou te fè lòt yo sibi.
耶和华降罚的日子临近万国。你怎样行,他也必照样向你行;你的报应必归到你头上。
Pèp mwen an pase pa l' anba men mwen sou mòn ki apa pou mwen an. Konsa tou, tout nasyon yo pral pran pa yo san rete. Yo pral pran jouk yo p'ap kapab ankò. Yo pral disparèt tankou si yo pa t' janm la.
你们犹大人在我圣山怎样喝了苦杯,万国也必照样常常地喝;且喝且咽,他们就归于无有。
Men, sou mòn Siyon an, kèk moun pral sove. Se yon kote ki pral apa nèt pou mwen. Moun fanmi Jakòb yo pral reprann tout peyi lènmi te wete nan men yo.
在锡安山必有逃脱的人,那山也必成圣;雅各家必得原有的产业。
Moun fanmi Jakòb yo pral tankou dife. Pitit pitit Jozèf yo pral tankou yon flanm dife. Yo pral detwi pitit Ezaou yo nèt tankou dife nan zèb chèch. Pesonn nan fanmi Ezaou a p'ap chape. Se mwen menm, Seyè a, ki di sa.
雅各家必成为大火;约瑟家必为火焰;以扫家必如碎秸;火必将他烧著吞灭。以扫家必无余剩的。这是耶和华说的。
Moun pèp Izrayèl ki rete nan zòn Negèv la pral pran mòn Ezaou a pou yo. Moun pèp Izrayèl ki rete nan plenn ki nan pye mòn Jida yo pral pran peyi moun Filisti yo nan men yo. Moun pèp Izrayèl yo pral pran peyi Efrayim ak peyi Samari pou yo. Moun Benjamen yo pral pran peyi Galarad la pou yo.
南地的人必得以扫山;高原的人必得非利士地,也得以法莲地和撒马利亚地;便雅悯人必得基列。
Nan moun yo te depòte yo, sòlda ki moun nan nò peyi Izrayèl la va pran peyi Kanaran an pou yo, rive lavil Sarepta. Men, moun lavil Jerizalèm yo te depòte nan peyi Sefara a va pran tout lavil Negèv yo pou yo.
在迦南人中被掳的以色列众人必得地直到撒勒法;在西法拉中被掳的耶路撒冷人必得南地的城邑。
Yo tout, y'a moute sou mòn Siyon an pou delivre l'. Se yo ki va gouvènen tout mòn Ezaou a. Lè sa a, se Seyè a menm ki va sèl wa.
必有拯救者上到锡安山,审判以扫山;国度就归耶和华了。