Nehemiah 7

Lè nou te fin rebati miray la, nou moute gwo batan pòtay yo. Nou bay gad tanp yo, moun k'ap chante yo ak moun Levi yo travay yo gen pou yo fè.
城墙修完,我安了门扇,守门的、歌唱的,和利未人都已派定。
Mwen mete de moun reskonsab pou gouvènen lavil Jerizalèm lan. Se te Anani, frè mwen an, ak Ananya, kòmandan gwo fò a. Ananya sa a te yon nonm serye ki te gen krentif pou Bondye. Pa t' gen tankou l'.
我就派我的弟兄哈拿尼和营楼的宰官哈拿尼雅管理耶路撒冷;因为哈拿尼雅是忠信的,又敬畏 神过于众人。
Mwen di yo pa kite yo louvri pòtay lavil Jerizalèm yo nan maten toutotan solèy la pa konmanse cho. Konsa tou, aswè se devan yo pou yo fè fèmen batan pòtay yo epi pou yo mete ba yo dèyè pòtay yo anvan gad yo leve pòs le solèy pral kouche. Y'a chwazi kèk moun nan moun ki rete lavil Jerizalèm yo, yon seri pou fè pòs sou miray la, yon lòt pou fè patwouy bò lakay yo.
我吩咐他们说:「等到太阳上升才可开耶路撒冷的城门;人尚看守的时候就要关门上闩;也当派耶路撒冷的居民各按班次看守自己房屋对面之处。」
Lavil la te gran anpil, te gen anpil espas, men pa t' gen anpil moun ki t'ap viv ladan l'. Yo pa t' ankò rebati anpil kay.
城是广大,其中的民却稀少,房屋还没有建造。
Bondye mete nan tèt mwen lide pou m' sanble tout pèp la ak chèf yo, majistra yo, pou m' fè yon resansman, fanmi pa fanmi. N' al tonbe sou ansyen rejis resansman premye moun ki te tounen nan peyi a. Nan rejis sa a m' te jwenn
我的 神感动我心,招聚贵冑、官长,和百姓,要照家谱计算。我找著第一次上来之人的家谱,其上写著:
lis moun ki te kite pwovens Babilòn pou yo tounen lavil Jerizalèm ak nan peyi Jida, chak moun nan lavil kote yo te moun. Se moun sa yo wa Nèbikadneza te fè depòte nan peyi Babilòn.
巴比伦王尼布甲尼撒从前掳去犹大省的人,现在他们的子孙从被掳到之地回耶路撒冷和犹大,各归本城。
Men non chèf ki te vin ak yo: Zowobabèl, Jozye, Neemi, Azarya, Ramiya, Nachamani, Madoche, Bilchan, Misperèt, Bigwayi, Nawoum ak Bana. Men lis moun nan pèp Izrayèl la, fanmi pa fanmi, ak kantite moun nan chak branch fanmi:
他们是同著所罗巴伯、耶书亚、尼希米、亚撒利雅、拉米、拿哈玛尼、末底改、必珊、米斯毗列、比革瓦伊、尼宏、巴拿回来的。
Nan fanmi Pareòch yo, demil sanswasanndouz (2.172) moun,
以色列人民的数目记在下面:巴录的子孙二千一百七十二名;
nan fanmi Chefatya yo, twasanswasanndouz (372) moun,
示法提雅的子孙三百七十二名;
nan fanmi Arak yo, sisansenkannde (652) moun,
亚拉的子孙六百五十二名;
nan fanmi Pakat Moab yo, pitit pitit Jechwa ak Joab, demil wisandiswit (2.818) moun,
巴哈摩押的后裔,就是耶书亚和约押的子孙二千八百一十八名;
nan fanmi Elam yo, mil desansenkannkat (1254) moun,
以拦的子孙一千二百五十四名;
nan fanmi Zatou yo, witsankarannsenk (845) moun,
萨土的子孙八百四十五名;
nan fanmi Zakayi yo, sètsansousant (760) moun,
萨改的子孙七百六十名;
nan fanmi Bennwi yo, sisankaranntwit (648) moun,
宾内的子孙六百四十八名;
nan fanmi Bebayi yo, sisanvenntwit (628) moun,
比拜的子孙六百二十八名;
nan fanmi Azgad yo, demil twasanvennde (2.322) moun,
押甲的子孙二千三百二十二名;
nan fanmi Adonikan yo, sisanswasannsèt (667) moun,
亚多尼干的子孙六百六十七名;
nan fanmi Bigwayi yo, demil swasannsèt (2.067) moun,
比革瓦伊的子孙二千零六十七名;
nan fanmi Aden yo, sisansenkannsenk (655) moun,
亚丁的子孙六百五十五名;
nan fanmi Atè yo, katrevendizwit moun, (Anvan sa, Atè te rele Ezekyas)
亚特的后裔,就是希西家的子孙九十八名;
nan fanmi Achoum yo, twasanvenntwit (328) moun,
哈顺的子孙三百二十八名;
nan fanmi Betsayi yo, twasanvennkat (324) moun,
比赛的子孙三百二十四名;
nan fanmi Arif yo, sandouz (112) moun,
哈拉的子孙一百一十二名;
nan fanmi Gabawon yo, katrevenkenz moun.
基遍人九十五名;
Men lis moun ki te tounen dapre non lavil kote yo moun: Pou lavil Betleyèm ak pou lavil Netofa, sankatreventwit (188) moun,
伯利恒人和尼陀法人共一百八十八名;
pou lavil Anatòt, sanvenntwit (128) moun,
亚拿突人一百二十八名;
pou lavil Azmavèt, karannde moun,
伯‧亚斯玛弗人四十二名;
pou lavil Kiriyat-Jearim, lavil Kefira ak lavil Bewòt, sètsankaranntwa (743) moun,
基列‧耶琳人、基非拉人、比录人共七百四十三名;
pou lavil Rama ak pou lavil Geba, sisanventeyen (621) moun,
拉玛人和迦巴人共六百二十一名;
pou lavil Mikmas, sanvennde (122) moun,
默玛人一百二十二名;
pou lavil Betèl ak pou lavil Ayi, sanvenntwa (123) moun,
伯特利人和艾人共一百二十三名;
pou lavil Neba, senkannde moun,
别的尼波人五十二名;
pou lòt lavil Elam lan, mil desansenkannkat (1.254) moun,
别的以拦子孙一千二百五十四名;
pou lavil Arim lan, twasanven (320) moun,
哈琳的子孙三百二十名;
pou lavil Jeriko yo, twasankarannsenk (345) moun,
耶利哥人三百四十五名;
pou lavil Lòd ansanm ak pou lavil Adid ak Ono, sètsanventeyen (721) moun,
罗德人、哈第人、阿挪人共七百二十一名;
pou lavil Sena, twamil nèfsantrant (3.930) moun.
西拿人三千九百三十名。
Men lis prèt ki te tounen, dapre non fanmi yo: Nan pitit Jedaja ki te soti nan branch fanmi Jozye a, nèfsanswasanntrèz (973) moun,
祭司:耶书亚家,耶大雅的子孙九百七十三名;
nan pitit Imè yo, mil senkannde (1.052) moun,
音麦的子孙一千零五十二名;
nan pitit Pachou yo, mil desankarannsèt (1.247) moun,
巴施户珥的子孙一千二百四十七名;
nan pitit Arim yo, mil disèt (1.017) moun.
哈琳的子孙一千零一十七名。
Men lis moun Levi ki te tounen yo: Te gen swasannkatòz moun nan pitit Jechwa ak pitit Kadmyèl ki soti nan branch fanmi Odva a.
利未人:何达威的后裔,就是耶书亚和甲篾的子孙七十四名。
Te gen sankarantwit (148) sanba, moun ki konn chante ak moun ki konn fè mizik nan tanp lan, epi ki soti nan branch fanmi Asaf la.
歌唱的:亚萨的子孙一百四十八名。
Te gen santranntwit (138) moun ki pou sèvi gad nan pòtay tanp lan epi ki soti nan branch fanmi Chaloum, branch fanmi Atè, branch fanmi Talmon, branch fanmi Akoub, branch fanmi Atita ak branch fanmi Chobayi.
守门的:沙龙的子孙、亚特的子孙、达们的子孙、亚谷的子孙、哈底大的子孙、朔拜的子孙,共一百三十八名。
Men lis moun yo te bay pou travay nan tanp Bondye a, epi ki te tounen nan peyi a. Se moun fanmi Zika, moun fanmi Asoufa ak moun fanmi Tabayòt,
尼提宁(就是殿役):西哈的子孙、哈苏巴的子孙、答巴俄的子孙、
moun fanmi Kewòs, moun fanmi Sya ak moun fanmi Padon,
基绿的子孙、西亚的子孙、巴顿的子孙、
moun fanmi Lebana, moun fanmi Agaba ak moun fanmi Samayi,
利巴拿的子孙、哈迦巴的子孙、萨买的子孙、
moun fanmi Anan, moun fanmi Gidèl ak moun fanmi Gaka,
哈难的子孙、吉德的子孙、迦哈的子孙、
moun fanmi Reaja, moun fanmi Rezin ak moun fanmi Nekoda,
利亚雅的子孙、利汛的子孙、尼哥大的子孙、
moun fanmi Gazam, moun fanmi Ouza ak moun fanmi Paseyak,
迦散的子孙、乌撒的子孙、巴西亚的子孙、
moun fanmi Besayi, moun fanmi Meounim ak moun fanmi Nefichim,
比赛的子孙、米乌宁的子孙、尼普心的子孙、
moun fanmi Bakbouk, moun fanmi Akoufa ak moun fanmi Awou,
巴卜的子孙、哈古巴的子孙、哈忽的子孙、
moun fanmi Baslou, moun fanmi Mechida ak moun fanmi Acha,
巴洗律的子孙、米希大的子孙、哈沙的子孙、
moun fanmi Bakòs, moun fanmi Sisera ak moun fanmi Tamak,
巴柯的子孙、西西拉的子孙、答玛的子孙、
moun fanmi Nezyak ak moun fanmi Atifa.
尼细亚的子孙、哈提法的子孙。
Men lis non moun nan branch fanmi domestik Salomon yo ki te tounen nan peyi a: Moun fanmi Sotayi, moun fanmi Asoferèt ak moun fanmi Perida,
所罗门仆人的后裔,就是琐太的子孙、琐斐列的子孙、比路大的子孙、
moun fanmi Jaala, moun fanmi Dakon ak moun fanmi Gidèl,
雅拉的子孙、达昆的子孙、吉德的子孙、
moun fanmi Chefatya, moun fanmi Atil, moun fanmi Pokerèt, moun fanmi Azebayim ak moun fanmi Amon.
示法提雅的子孙、哈替的子孙、玻黑列哈斯巴音的子孙、亚们的子孙。
Konsa, men kantite moun ki soti nan fanmi travayè tanp lan ak domestik Salomon yo: antou twasankatrevendouz (392).
尼提宁和所罗门仆人的后裔共三百九十二名。
Men te gen yon seri moun ki soti nan lavil Tèl Melak, lavil Tèl Acha, lavil Kewoub Adan, ak lavil Imè nan peyi Babilòn epi ki te moute ak tout moun sa yo, atout yo pa t' ka rive fè konnen non zansèt yo ak non fanmi yo pou yo te ka fè wè yo fè pati pèp Izrayèl la vre.
从特米拉、特哈萨、基绿、亚顿、音麦上来的,不能指明他们的宗族谱系是以色列人不是;
Se te pitit Delaja, Tobija ak Nekoda: antou sisankarannde (642).
他们是第莱雅的子孙、多比雅的子孙、尼哥大的子孙,共六百四十二名。
Konsa tou, pami prèt yo te gen moun fanmi Obaja, Akòs ak Bazilayi. Zansèt moun Bazilayi sa yo te marye ak yon fanm nan fanmi Bazilayi, moun Galarad. Se konsa yo te pran non papa manman yo.
祭司中,哈巴雅的子孙、哈哥斯的子孙、巴西莱的子孙;因为他们的先祖娶了基列人巴西莱的女儿为妻,所以起名叫巴西莱。
Moun sa yo pa t' ka jwenn rejis pou moutre ki moun ki zansèt yo. Konsa yo pa t' asepte yo pou prèt.
这三家的人在族谱之中寻查自己的谱系,却寻不著,因此算为不洁,不准供祭司的职任。
Gouvènè jwif la te di yo yo pa t' kapab manje nan manje yo mete apa pou Bondye a toutotan pa t' gen prèt ki konn sèvi ak Ourim yo ansanm ak Tourim yo pou wè sa Bondye di nan sa.
省长对他们说:「不可吃至圣的物,直到有用乌陵和土明决疑的祭司兴起来。」
Antou nèt, te gen karanndemil twasanswasant (42.360) moun ki tounen soti nan peyi kote yo te depòte yo a.
会众共有四万二千三百六十名。
Avèk yo te gen sètmil twasantrannsèt (7.337) gason ak fanm ki te sèvi yo domestik. Te gen tou desan (200) gason ak fanm ki te konn fè mizik ak konn chante.
此外,还有他们的仆婢七千三百三十七名,又有歌唱的男女二百四十五名。
Te gen sètsanswasannsis (766) chwal, desankarannsenk (245) milèt,
他们有马七百三十六匹,骡子二百四十五匹,
katsantrannsenk (435) chamo ak simil sètsanven (6.720) bourik.
骆驼四百三十五只,驴六千七百二十匹。
Te gen kèk chèf ki te fè ofrann pa yo pou travay la san pesonn pa fòse yo. Gouvènè a te bay pou mete nan kès la desanswasanndis (270) ons lò, senkant gwo plat pou sèvis, senksantrant (530) rad pou prèt yo mete sou yo ak onzmil sisankatreventrèz (11.693) ons ajan.
有些族长为工程捐助。省长捐入库中的金子一千达利克,碗五十个,祭司的礼服五百三十件。
Chèf fanmi yo te bay pou mete nan kès la pou fè travay la: senkmil katsan (5.400) ons lò ak senkanteyenmil katsansenkant (51.450) ons ajan.
又有族长捐入工程库的金子二万达利克,银子二千二百弥拿。
Rès moun pèp la te fè anpil kado tou. Antou, yo te bay senkmil katsan (5.400) ons lò, karannsimil sètsanswasanndis (46.770) ons ajan ak swasannsèt rad pou prèt yo.
其余百姓所捐的金子二万达利克,银子二千弥拿,祭司的礼服六十七件。
Prèt yo, moun Levi yo, gad pòtay tanp yo, mizisyen yo ak anpil nan moun pèp Izrayèl yo ansanm ak travayè tanp yo, wi tout pèp Izrayèl la al rete nan lavil kote yo moun.
于是祭司、利未人、守门的、歌唱的、民中的一些人、尼提宁,并以色列众人,各住在自己的城里。