Micah 2

Ala mal sa pral mal pou moun ki kouche nan kabann yo ap fè move plan, k'ap kalkile mechanste yo pral fè! Kou jou kase, premye okazyon yo jwenn, yo fè sa yo t'ap kalkile a, paske yo gen pouvwa nan men yo.
祸哉,那些在床上图谋罪孽、造作奸恶的!天一发亮,因手有能力就行出来了。
Yo anvi yon jaden, yo pran l'. Yo anvi yon kay, yo antre kareman, yo pran l'. Yo maltrete mèt kay la ak tout fanmi l'. Yo bat moun yo, yo pran tout byen yo.
他们贪图田地就占据,贪图房屋便夺取;他们欺压人,霸占房屋和产业。
Se poutèt sa, men sa Seyè a di: M'ap pare yon malè pou nou. Nou yonn p'ap chape. Nou p'ap ka gonfle lestonmak nou sou moun ankò, paske sa pral rèd pou nou.
所以耶和华如此说:我筹划灾祸降与这族;这祸在你们的颈项上不能解脱;你们也不能昂首而行,因为这时势是恶的。
Lè jou a va rive, yo pral fè chante sou nou. Y'a plenn sò nou, y'a di: Nou pèdi tou sa nou te genyen. Bondye kite moun lòt nasyon yo pran peyi a nan men nou. Wi, li pran jaden nou yo bay yon bann moun ki pa kwè nan li.
到那日,必有人向你们提起悲惨的哀歌,讥刺说:我们全然败落了!耶和华将我们的分转归别人,何竟使这分离开我们?他将我们的田地分给悖逆的人。
Konsa, lè lè a va rive, tout moun va sanble pou yo renmèt tè a bay pèp Bondye a. Ou p'ap jwenn pèsonn kanpe pou reklame yon pòsyon pou ou.
所以在耶和华的会中,你必没有人拈阄拉准绳。
Moun yo ap plede di m': Sispann pale konsa! Ou pa fèt pou di bagay konsa. Sa w'ap di a p'ap janm rive.
他们(或译:假先知)说:你们不可说预言;不可向这些人说预言,不住地羞辱我们。
Nou menm, pitit Jakòb yo, Seyè a gen lè pèdi pasyans ak nou? Eske nou kwè l'a fè tout bagay sa yo vre? Eske pawòl li se pa bon pawòl pou moun k'ap mache dwat yo?
雅各家啊,岂可说耶和华的心不忍耐吗(或译:心肠狭窄吗)?这些事是他所行的吗?我─耶和华的言语岂不是与行动正直的人有益吗?
Seyè a reponn: Nou leve dèyè pèp mwen an tankou si nou te lènmi yo. Moun ap mache kè pòpòz san okenn lide chache moun kont, men nou la, n'ap tann konsa pou nou vòlò ata rad ki sou yo.
然而,近来我的民兴起如仇敌,从那些安然经过不愿打仗之人身上剥去外衣。
Medam yo t'ap viv ak kè kontan lakay yo. Nou vini, nou mete yo deyò. Timoun yo t'ap jwi benediksyon mwen ba yo. Nou vini, nou wete tou sa nèt nan men yo.
你们将我民中的妇人从安乐家中赶出,又将我的荣耀从她们的小孩子尽行夺去。
Leve non! Al fè wout nou! Pa gen repo pou nou isit la ankò! Nou fè twòp bagay derespektan. Nou fè yo detwi peyi a. Y'ap fini avè l' nèt.
你们起来去吧!这不是你们安息之所;因为污秽使人(或译:地)毁灭,而且大大毁灭。
Si yon moun ap plede pwonmennen bay manti pou twonpe moun, si li di: M'ap fè prediksyon pou nou: Men li, diven ak gwòg pral koule kou dlo, se moun konsa nou renmen pou pwofèt.
若有人心存虚假,用谎言说:我要向你们预言得清酒和浓酒。那人就必作这民的先知。
Men, m'ap reyini tout pitit Jakòb yo ansanm. M'ap ranmase tout ti rès ki rete nan moun Izrayèl yo. M'ap mennen yo ansanm tankou bann mouton k'ap tounen nan pak yo. Peyi a pral tankou yon savann plen mouton. Li pral plen moun ankò.
雅各家啊,我必要聚集你们,必要招聚以色列剩下的人,安置在一处,如波斯拉的羊,又如草场上的羊群;因为人数众多就必大大喧哗。
Bondye ap pran devan, l'ap louvri yon chemen pou yo. Yo menm, y'a kraze pòtay yo, y'a pase lib soti deyò. Wa yo a va mache devan yo. Wi, se Seyè a ki va mache alatèt yo.
开路的(或译:破城的)在他们前面上去;他们直闯过城门,从城门出去。他们的王在前面行;耶和华引导他们。