Matthew 9

Jezi moute nan kannòt la, li tounen lòt bò lanmè a ankò, nan lavil kote l' te ye a.
耶稣上了船,渡过海,来到自己的城里。
Se konsa, yo pote ba li yon nonm paralize kouche sou yon kabann. Jezi wè jan moun yo te gen konfyans nan li, li di nonm paralize a: Pran kouraj, pitit mwen, peche ou yo padonnen.
有人用褥子抬著一个瘫子到耶稣跟前来。耶稣见他们的信心,就对瘫子说:小子,放心吧!你的罪赦了。
Lè sa a, kèk dirèktè lalwa di nan kè yo: Nonm sa a ap pale mal sou Bondye.
有几个文士心里说:这个人说僭妄的话了。
Men, Jezi te gen tan konnen sa ki t'ap pase nan tèt yo. Li di yo: Poukisa n'ap fè move lide konsa nan tèt nou?
耶稣知道他们的心意,就说:你们为什么心里怀著恶念呢?
Kisa ki pi fasil pou m' di: Peche ou yo padonnen, osinon: Leve mache?
或说:你的罪赦了,或说:你起来行走,那一样容易呢?
Enben, m'ap fè nou konnen mwen menm, Moun Bondye voye nan lachè a, mwen gen pouvwa sou latè pou m' padonnen peche. Li vire, li di nonm paralize a: Leve kanpe, pran kabann ou, ale lakay ou.
但要叫你们知道,人子在地上有赦罪的权柄;就对瘫子说:起来!拿你的褥子回家去吧。
Nonm lan leve kanpe vre, li ale lakay li.
那人就起来,回家去了。
Lè moun yo wè sa, yo tout te pè, yo fè lwanj Bondye dapre li te bay lèzòm kalite pouvwa sa a.
众人看见都惊奇,就归荣耀与 神,因为他将这样的权柄赐给人。
Jezi kite kote l' te ye a. Antan li t'ap pase konsa, li wè yon nonm yo te rele Matye ki te chita nan biwo kontribisyon an. Jezi di l' konsa: Swiv mwen. Matye annik leve, li swiv Jezi.
耶稣从那里往前走,看见一个人名叫马太,坐在税关上,就对他说:你跟从我来。他就起来跟从了耶稣。
Pita, Jezi t'ap manje nan kay la. Te gen anpil pèseptè kontribisyon ak moun k'ap fè sa ki mal ki te vin chita sou tab avè l' ansanm ak disip li yo.
耶稣在屋里坐席的时候,有好些税吏和罪人来,与耶稣和他的门徒一同坐席。
Farizyen yo wè sa, yo di disip li yo: Poukisa Mèt nou an ap manje konsa ak pèseptè kontribisyon ansanm ak moun k'ap fè sa ki mal yo?
法利赛人看见,就对耶稣的门徒说:你们的先生为什么和税吏并罪人一同吃饭呢?
Jezi tande sa, li di yo: Si yon moun ansante, li pa bezwen dòktè. Se moun malad ki bezwen dòktè.
耶稣听见,就说:康健的人用不著医生,有病的人才用得著。
Ale non, chache konprann sans pawòl sa yo ki nan Liv la: Mwen vle pou nou gen kè sansib. Mwen pa bezwen bèt n'ap ofri pou touye pou mwen yo. Paske, mwen pa vin rele moun k'ap mache dwat devan Bondye, men moun k'ap fè sa ki mal yo.
经上说:我喜爱怜恤,不喜爱祭祀。这句话的意思,你们且去揣摩。我来本不是召义人,乃是召罪人。
Disip Jan Batis yo pwoche bò kot Jezi, yo di li: Nou menm ak farizyen yo, nou fè jèn. Men, poukisa disip ou yo pa fè jèn tou?
那时,约翰的门徒来见耶稣,说:我们和法利赛人常常禁食,你的门徒倒不禁食,这是为什么呢?
Jezi reponn yo: Eske zanmi yon nonm k'ap marye kapab nan lapenn toutotan nonm k'ap marye a la ak yo? Non, pa vre? Men, lè lè a va rive pou l' pa nan mitan yo ankò, se lè sa a y'a fè jèn.
耶稣对他们说:新郎和陪伴之人同在的时候,陪伴之人岂能哀恸呢?但日子将到,新郎要离开他们,那时候他们就要禁食。
Pesonn pa pyese yon vye rad ak yon moso twal nèf. Paske, pyès nèf la va pati ak moso nan rad la. Lè sa a, rad la chire pi mal.
没有人把新布补在旧衣服上;因为所补上的反带坏了那衣服,破的就更大了。
Konsa tou, yo pa mete diven ki fenk fèt nan vye veso fèt an po. Si ou fè sa, veso an po yo gen pou pete, diven an gen pou koule atè; epi ou pèdi veso yo tou. Men, yo mete diven ki fèk fèt nan veso an po ki fenk fèt tou. Konsa, ni diven an ni veso an po yo ap byen konsève.
也没有人把新酒装在旧皮袋里;若是这样,皮袋就裂开,酒漏出来,连皮袋也坏了。惟独把新酒装在新皮袋里,两样就都保全了。
Antan Jezi t'ap pale konsa ak moun yo, yonn nan chèf jwif yo vin rive, li mete ajenou devan Jezi. Li di li: Pitit fi mwen an fèk mouri. Men, vin mete men ou sou li pou li ka viv.
耶稣说这话的时候,有一个管会堂的来拜他,说:我女儿刚才死了,求你去按手在他身上,他就必活了。
Jezi leve, li swiv nonm lan. Disip li yo te ale avè l' tou.
耶稣便起来跟著他去;门徒也跟了去。
Lè sa a, yon fanm ki te malad pwoche pa dèyè Jezi. Li te gen pèdisyon depi douzan. Li manyen rebò rad Jezi a,
有一个女人,患了十二年的血漏,来到耶稣背后,摸他的衣裳䍁子;
paske li t'ap di nan kè l': Si m' ka manyen rad li sèlman, m'a geri.
因为他心里说:我只摸他的衣裳,就必痊癒。
Jezi vire tèt li, li wè fanm lan. Li di l' konsa: Pran kouraj, mafi. Konfyans ou nan Bondye ap geri ou. Menm lè a, fanm lan geri.
耶稣转过来,看见她,就说:女儿,放心!你的信救了你。从那时候,女人就痊癒了。
Lè Jezi rive kay chèf la, li wè mizisyen yo ki t'ap pare pou lantèman an, ansanm ak yon foul moun ki t'ap fè anpil bri.
耶稣到了管会堂的家里,看见有吹手,又有许多人乱嚷,
Jezi di yo: Tout moun, soti. Tifi a pa mouri. Se dòmi l'ap dòmi. Yo pran pase l' nan betiz.
就说:退去吧!这闺女不是死了,是睡著了。他们就嗤笑他。
Lè foul moun yo fin soti, Jezi antre nan chanm lan. Li pran men tifi a. Lamenm, tifi a leve.
众人既被撵出,耶稣就进去,拉著闺女的手,闺女便起来了。
Nouvèl la gaye nan tout peyi a.
于是这风声传遍了那地方。
Jezi kite kote l' te ye a. Antan li t'ap pase yon kote, de avèg pran mache dèyè li. Yo t'ap rele: Pitit David, gen pitye pou nou!
耶稣从那里往前走,有两个瞎子跟著他,喊叫说:大卫的子孙,可怜我们吧!
Lè Jezi rive nan kay la, avèg yo pwoche bò kote li. Jezi di yo: Eske nou kwè mwen ka fè sa pou nou? Yo reponn li: Wi, Mèt.
耶稣进了房子,瞎子就来到他跟前。耶稣说:你们信我能作这事吗?他们说:主啊,我们信。
Lè sa a, li manyen je yo, li di: Se pou sa fèt pou nou jan nou kwè l' la.
耶稣就摸他们的眼睛,说:照著你们的信给你们成全了吧。
Je yo louvri. Jezi pale byen sevè ak yo, li di yo: Tande byen, piga pesonn konn sa.
他们的眼睛就开了。耶稣切切的嘱咐他们说:你们要小心,不可叫人知道。
Men, ale yo ale, yo pran nonmen non l' toupatou nan peyi a.
他们出去,竟把他的名声传遍了那地方。
Antan avèg yo taprale, kèk lòt moun mennen yon nonm bay Jezi. Nonm sa a te bèbè, paske li te gen yon move lespri sou li.
他们出去的时候,有人将鬼所附的一个哑巴带到耶稣跟前来。
Chase Jezi chase move lespri a, bèbè a pran pale. Foul moun yo te sezi anpil. Yo t'ap di: Nou poko janm wè bagay konsa nan peyi Izrayèl.
鬼被赶出去,哑巴就说出话来。众人都希奇,说:在以色列中,从来没有见过这样的事。
Men, farizyen yo t'ap di: Se chèf move lespri yo ki ba l' pouvwa pou chase move lespri yo.
法利赛人却说:他是靠著鬼王赶鬼。
Jezi t'ap mache nan tout lavil yo ak tout ti bouk yo. Li t'ap moutre moun yo anpil bagay nan sinagòg yo. Li t'ap fè konnen Bon Nouvèl Peyi kote Bondye Wa a. Li t'ap geri tout kalite maladi ak tout kalite enfimite.
耶稣走遍各城各乡,在会堂里教训人,宣讲天国的福音,又医治各样的病症。
Lè Jezi wè tout bann moun sa yo, kè l' fè l' mal pou yo paske li wè yo te bouke, yo te dekouraje, tankou yon bann mouton san gadò.
他看见许多的人,就怜悯他们;因为他们困苦流离,如同羊没有牧人一般。
Lè sa a, li di disip li yo: Rekòt la anpil, men manke travayè pou ranmase l'.
于是对门徒说:要收的庄稼多,作工的人少。
Mande mèt jaden an pou li voye travayè nan jaden l' lan.
所以,你们当求庄稼的主打发工人出去收他的庄稼。