Matthew 21

Yo t'ap pwoche bò lavil Jerizalèm, yo te gen tan rive nan bouk Betfaje, toupre mòn Oliv la. Lè sa a, Jezi voye de nan disip li yo,
耶稣和门徒将近耶路撒冷,到了伯法其,在橄榄山那里。
li di yo: Ale nan bouk ki devan nou an. Kou n'a rive, n'a jwenn yon manman bourik mare, ak yon jenn ti bourik avèk li. Lage yo, mennen yo ban mwen.
耶稣就打发两个门徒,对他们说:你们往对面村子里去,必看见一匹驴拴在那里,还有驴驹同在一处;你们解开,牵到我这里来。
Si yon moun di nou kichòy, n'a reponn: Se Mèt la ki bezwen yo. Menm lè a, la kite nou ale ak yo.
若有人对你们说什么,你们就说:主要用牠。那人必立时让你们牵来。
Sa te rive konsa pou pawòl pwofèt la te di a te ka rive vre:
这事成就是要应验先知的话,说:
Ale di moun lavil Siyon yo: Gade, men wa nou an ap vin jwenn nou. Li san lògèy, li moute yon bourik, yon ti bourik dèyè manman.
要对锡安的居民(原文是女子)说:看哪,你的王来到你这里,是温柔的,又骑著驴,就是骑著驴驹子。
Disip yo ale, yo fè tou sa Jezi te bay yo lòd fè a.
门徒就照耶稣所吩咐的去行,
Yo mennen manman bourik la ak jenn ti bourik la, yo mete rad yo sou bèt yo, epi Jezi moute chita.
牵了驴和驴驹来,把自己的衣服搭在上面,耶稣就骑上。
Yon foul moun te tann rad yo atè sou tout chemen an. Gen lòt menm ki te koupe branch bwa, yo mete yo atè nan chemen an.
众人多半把衣服铺在路上;还有人砍下树枝来铺在路上。
Ni foul moun ki t'ap mache devan Jezi a, ni moun ki t'ap mache dèyè l' yo, yo tout t'ap rele: Lwanj pou Pitit David la! Benediksyon pou Moun ki vini nan non Mèt la. Lwanj pou Bondye jouk anwo nan syèl la!
前行后随的众人喊著说:和散那(原有求救的意思,在此是称颂的话)归于大卫的子孙!奉主名来的是应当称颂的!高高在上和散那!
Lè Jezi antre lavil Jerizalèm, tout lavil la te tèt anba. Moun yo t'ap mande: Ki moun nonm sa a ye menm?
耶稣既进了耶路撒冷,合城都惊动了,说:这是谁?
Foul moun yo menm t'ap reponn yo: Se pwofèt Jezi, moun Nazarèt nan peyi Galile a.
众人说:这是加利利拿撒勒的先知耶稣。
Jezi antre nan tanp Bondye a, li chase tout moun ki t'ap vann ak tout moun ki t'ap achte nan tanp lan. Li chavire tab moun ki t'ap chanje lajan yo ansanm ak chèz moun ki t'ap vann pijon yo.
耶稣进了 神的殿,赶出殿里一切作买卖的人,推倒兑换银钱之人的桌子,和卖鸽子之人的凳子;
Apre sa, li di yo; Men sa ki ekri: y'a rele kay mwen an kay kote pou moun vin lapriyè nan pye m'. Men nou menm, nou fè l' tounen yon kachèt pou vòlè.
对他们说:经上记著说:我的殿必称为祷告的殿,你们倒使他成为贼窝了。
Kèk avèg ak kèk enfim nan pye pwoche bò kote Jezi nan tanp lan. Li geri yo.
在殿里有瞎子、瘸子到耶稣跟前,他就治好了他们。
Men, chèf prèt yo ak dirèktè lalwa yo te fache anpil lè yo wè bèl bagay li t'ap fè, lè yo tande timoun yo ki t'ap rele nan tanp lan: Lwanj pou Pitit David la!
祭司长和文士看见耶稣所行的奇事,又见小孩子在殿里喊著说:和散那归于大卫的子孙!就甚恼怒,
Yo di Jezi konsa: Eske ou pa tande sa y'ap di? Jezi reponn yo: M' tande wi. Eske nou pa janm li pawòl sa a nan Liv la: Ou fè timoun piti ak tibebe nan tete fè gwo lwanj pou ou?
对他说:这些人所说的,你听见了吗?耶稣说:是的。经上说你从婴孩和吃奶的口中,完全了讚美的话,你们没有念过吗?
Apre sa, li kite yo, li soti lavil la, li ale Betani. Se la li pase nwit lan.
于是离开他们,出城到伯大尼去,在那里住宿。
Nan denmen maten, antan yo t'ap tounen lavil Jerizalèm, Jezi te grangou.
早晨回城的时候,他饿了,
Li wè yon pye fig frans bò wout la, li pwoche bò kote l'. Men se fèy ase li jwenn. Lè sa a, Jezi di pye fig frans lan: Ou p'ap janm donnen ankò. Menm lè a, pye fig frans lan cheche.
看见路旁有一棵无花果树,就走到跟前,在树上找不著什么,不过有叶子,就对树说:从今以后,你永不结果子。那无花果树就立刻枯干了。
Lè disip yo wè sa, yo pa t' manke sezi, yo di li: Kouman pye fig frans lan fè vin chèch nan yon ti moman?
门徒看见了,便希奇说:无花果树怎么立刻枯干了呢?
Jezi reponn yo: Sa m'ap di nou la a, se vre wi: Si nou te gen konfyans nan Bondye, si nou pa t' gen doutans nan kè nou, se pa sèlman sak rive pye fig frans lan nou ta fè. Men, nou ta ka di mòn sa a: Wete kò ou la. Ale jete tèt ou nan lanmè. Sa ta fèt vre.
耶稣回答说:我实在告诉你们,你们若有信心,不疑惑,不但能行无花果树上所行的事,就是对这座山说:你挪开此地,投在海里!也必成就。
Si nou gen konfyans nan Bondye, n'a resevwa tou sa n'a mande l' lè n'ap lapriyè.
你们祷告,无论求什么,只要信,就必得著。
Jezi antre nan tanp lan, li t'ap moutre moun yo anpil bagay. Chèf prèt yo avèk chèf fanmi ki t'ap dirije pèp jwif la vin di li: Ki dwa ou genyen pou w'ap fè tout bagay sa yo? Kilès ki ba ou otorite sa a?
耶稣进了殿,正教训人的时候,祭司长和民间的长老来问他说:你仗著什么权柄做这些事?给你这权柄的是谁呢?
Jezi reponn yo: M'ap poze nou yon keksyon mwen menm tou. Si nou reponn mwen, m'a di nou ki dwa mwen genyen pou m' fè bagay sa yo.
耶稣回答说:我也要问你们一句话,你们若告诉我,我就告诉你们我仗著什么权柄做这些事。
Ki moun ki te voye Jan batize moun? Bondye osinon moun? Men, yonn t'ap di lòt konsa: Si nou reponn: Se Bondye ki te voye l', la mande nou poukisa nou pa t' kwè l'.
约翰的洗礼是从那里来的?是从天上来的?是从人间来的呢?他们彼此商议说:我们若说从天上来,他必对我们说:这样,你们为什么不信他呢?
Si nou reponn: Se moun ki te voye l', afè nou p'ap bon ak foul moun yo, paske yo tout te pran Jan Batis pou yon bon pwofèt.
若说从人间来,我们又怕百姓,因为他们都以约翰为先知。
Apre sa, yo reponn Jezi: Nou pa konnen. Jezi di yo: Enben, mwen menm tou, mwen p'ap di nou ki dwa mwen genyen pou m' fè bagay sa yo.
于是回答耶稣说:我们不知道。耶稣说:我也不告诉你们我仗著什么权柄做这些事。
Sa nou konprann nan sa? Vwala se te yon nonm ki te gen de pitit gason. Li pale ak pi gran an, li di l': Pitit mwen, jòdi a al travay nan jaden rezen an.
又说:一个人有两个儿子。他来对大儿子说:我儿,你今天到葡萄园里去做工。
Pitit la reponn li: Non, mwen pa vle! Men, pita li chanje lide, li ale.
他回答说:我不去,以后自己懊悔,就去了。
Apre sa, papa a pale ak lòt pi piti a, li di l' menm bagay la. Pi piti a reponn li: Wi, papa. Men, li pa janm mete pye li.
又来对小儿子也是这样说。他回答说:父啊,我去,他却不去。
Kilès nan de pitit yo ki fè volonte papa a? Yo reponn li: Pi gran an. Lè sa a, Jezi di yo: Sa m'ap di nou la a, se vre wi: Pèseptè kontribisyon ak fanm movèz vi yo va antre nan Peyi kote Bondye wa a anvan nou.
你们想,这两个儿子是那一个遵行父命呢?他们说:大儿子。耶稣说:我实在告诉你们,税吏和娼妓倒比你们先进 神的国。
Paske, lè Jan Batis te vin bò kote nou, lè li t'ap moutre nou jan pou nou viv dwat devan Bondye a, nou pa t' kwè li. Men, pèseptè kontribisyon ak fanm movèz vi yo te kwè li. Malgre nou te wè sa, nou pa t' chanje lide nou pou n' te kwè nan li tou.
因为约翰遵著义路到你们这里来,你们却不信他;税吏和娼妓倒信他。你们看见了,后来还是不懊悔去信他。
Koute yon lòt parabòl. Vwala se te yon nonm ki te gen anpil tè. Li plante yon jaden rezen. Li fèmen l' ak yon lantouraj, li fouye yon basen pou krase rezen yo. Li bati yon kay pou moun k'ap veye jaden an. Apre sa, li antann li avèk kèk moun pou okipe jaden an pou li, lèfini li pati, li al nan vwayaj.
你们再听一个比喻:有个家主栽了一个葡萄园,周围圈上篱笆,里面挖了一个压酒池,盖了一座楼,租给园户,就往外国去了。
Lè sezon rekòt rezen an rive, li voye domestik li yo chache rezen pa l' bò kote jeran yo.
收果子的时候近了,就打发仆人到园户那里去收果子。
Jeran yo mete men sou domestik yo, yo bat yonn byen bat, yo touye yon lòt, yo touye yon twazyèm ak kout wòch.
园户拿住仆人,打了一个,杀了一个,用石头打死一个。
Mèt jaden an voye lòt domestik ankò, pi plis pase premye fwa a. Jeran yo maltrete yo menm jan an.
主人又打发别的仆人去,比先前更多;园户还是照样待他们。
Apre sa, li voye pwòp pitit gason l' bò kote yo andènye. Li t'ap di nan kè l': Omwens y'a gen respè pou pitit mwen an.
后来打发他的儿子到他们那里去,意思说:他们必尊敬我的儿子。
Men, lè jeran yo wè pitit la, yonn di lòt: Men eritye a. Vini non, ann touye li. Konsa, jaden an va vin pou nou.
不料,园户看见他儿子,就彼此说:这是承受产业的。来吧,我们杀他,占他的产业!
Yo mete men sou li, yo jete l' lòt bò jaden an, yo touye li.
他们就拿住他,推出葡萄园外,杀了。
Bon, lè mèt jaden rezen an vini, kisa li va fè jeran sa yo?
园主来的时候要怎样处治这些园户呢?
Yo reponn li: Li p'ap gen pitye pou yo. La fè touye malveyan sa yo, la pran jaden rezen an bay lòt jeran ki va ba l' pòsyon pa l' nan rekòt la lè sezon an va rive.
他们说:要下毒手除灭那些恶人,将葡萄园另租给那按著时候交果子的园户。
Apre sa, Jezi di yo: Eske nou pa janm li pawòl sa yo nan Liv la? Wòch moun ki t'ap bati yo te voye jete a, se li menm ki tounen wòch ki kenbe kay la. Sa se travay Mèt la. Se bèl bagay pou nou wè sa.
耶稣说:经上写著:匠人所弃的石头已作了房角的头块石头。这是主所做的,在我们眼中看为希奇。这经你们没有念过吗?
Se poutèt sa mwen di nou: y'a wete Peyi kote Bondye Wa a nan men nou, y'a pran l' bay moun yon lòt nasyon ki va bay rannman pou Peyi Wa a.
所以我告诉你们, 神的国必从你们夺去,赐给那能结果子的百姓。
Moun ki bite sou wòch sa a gen pou kase ren li. Men, si se wòch la menm ki tonbe sou li, li gen pou l' kraze l' an miyèt moso.
谁掉在这石头上,必要跌碎;这石头掉在谁的身上,就要把谁砸得稀烂。
Lè chèf prèt yo ak farizyen yo tande parabòl sa yo, yo vin konprann se pou yo Jezi t'ap pale.
祭司长和法利赛人听见他的比喻,就看出他是指著他们说的。
Lè sa a, yo t'ap chache yon jan pou mete men sou li. Men, yo te pè foul moun yo ki te pran Jezi pou yon bon pwofèt.
他们想要捉拿他,只是怕众人,因为众人以他为先知。