Matthew 19

Lè Jezi fin di pawòl sa yo, li kite peyi Galile a, li ale nan zòn peyi Jide ki lòt bò larivyè Jouden an.
耶稣说完了这些话,就离开加利利,来到犹太的境界约旦河外。
Yon gwo foul moun t'ap swiv li. Lè l' rive, li geri malad yo.
有许多人跟著他,他就在那里把他们的病人治好了。
Kèk farizyen pwoche bò kot Jezi pou yo wè si yo te ka pran l' nan pèlen. Yo mande li: Eske lalwa nou pèmèt yon nonm kite ak madanm li pou nenpòt ki kòz?
有法利赛人来试探耶稣,说:人无论什么缘故都可以休妻么?
Jezi reponn yo: Eske nou pa li sa ki ekri nan Liv la? Nan konmansman, lè Bondye t'ap fè moun, li te fè yo gason ak fi.
耶稣回答说:那起初造人的,是造男造女,
Apre sa li di: Se poutèt sa, gason an va kite papa l' ak manman l' pou l' mete tèt li ansanm ak madanm li. Yo tou de va fè yon sèl kò.
并且说:因此,人要离开父母,与妻子连合,二人成为一体。这经你们没有念过吗?
Konsa, yo pa de ankò, men yo fè yon sèl kò. Se poutèt sa, pesonn moun pa gen dwa separe sa Bondye mete ansanm.
既然如此,夫妻不再是两个人,乃是一体的了。所以, 神配合的,人不可分开。
Farizyen yo di li: Bon, poukisa Moyiz te bay lòd pou yon nonm ekri yon papye divòs voye bay madanm li, anvan pou l' kite avè li?
法利赛人说:这样,摩西为什么吩咐给妻子休书,就可以休她呢?
Jezi reponn yo: Se paske nou gen tèt di kifè Moyiz te ban nou dwa kite ak madanm nou. Men, nan konmansman se pa t' konsa.
耶稣说:摩西因为你们的心硬,所以许你们休妻,但起初并不是这样。
Mwen menm, men sa m'ap di nou: Lè yon nonm kite ak madanm li pou l' al marye ak yon lòt, li fè adiltè, esepte si se pou lenkondite li ta kite ake madanm lan.
我告诉你们,凡休妻另娶的,若不是为淫乱的缘故,就是犯奸淫了;有人娶那被休的妇人,也是犯奸淫了。
Disip li yo di li: Si se konsa bagay la ye pou yon nonm ak madanm li, pito yon nonm pa marye.
门徒对耶稣说:人和妻子既是这样,倒不如不娶。
Jezi reponn yo: Se pa tout moun ki asepte pawòl sa a. Se sèlman moun Bondye bay pouvwa pou sa.
耶稣说:这话不是人都能领受的,惟独赐给谁,谁才能领受。
Paske, gen anpil rezon ki ka enpoze yon nonm marye. Genyen ki fèt tou konsa: yo pa ka marye. Gen lòt, se moun ki mete yo nan eta sa a pou yo pa ka marye. Gen lòt ankò ki pa marye poutèt Peyi Wa ki nan syèl la. Si yon moun ka asepte pawòl sa a, se pou l' asepte li.
因为有生来是阉人,也有被人阉的,并有为天国的缘故自阉的。这话谁能领受就可以领受。
Lè sa a, yo mennen kèk timoun piti bay Jezi pou l' te mete men l' sou tèt yo, pou l' te lapriyè pou yo. Men, disip yo t'ap di moun yo pa fè sa.
那时,有人带著小孩子来见耶稣,要耶稣给他们按手祷告,门徒就责备那些人。
Jezi di yo: Kite timoun yo vin jwenn mwen non. Pa enpoze yo vini. Paske, Peyi Wa ki nan syèl la, se pou tout moun ki tankou timoun sa yo li ye.
耶稣说:让小孩子到我这里来,不要禁止他们;因为在天国的,正是这样的人。
Li mete men l' sou tèt yo. Apre sa, li pati, li kite kote l' te ye a.
耶稣给他们按手,就离开那地方去了。
Yon nonm pwoche bò kot Jezi, li di l' konsa: Mèt, ki bon bagay mwen dwe fè pou m' ka resevwa lavi ki p'ap janm fini an?
有一个人来见耶稣,说:夫子(有古卷:良善的夫子),我该做什么善事才能得永生?
Jezi reponn li: Poukisa w'ap poze m' keksyon sou sa ki bon? Se yon sèl ki bon. Si ou vle antre nan lavi a, se pou ou fè sa kòmandman yo mande. Nonm lan mande li: Kilès kòmandman sa yo?
耶稣对他说:你为什么以善事问我呢?只有一位是善的(有古卷:你为什么称我是良善的?除了 神以外,没有一个良善的)。你若要进入永生,就当遵守诫命。
Jezi reponn li: Piga ou touye moun. Piga ou fè adiltè. Piga ou vòlò. Piga ou bay manti.
他说:什么诫命?耶稣说:就是不可杀人;不可奸淫;不可偷盗;不可作假见证;
Respekte papa ou ak manman ou. Se pou ou renmen frè parèy ou tankou ou renmen tèt pa ou.
当孝敬父母,又当爱人如己。
Jennonm lan di li: Mwen swiv tout bagay sa yo. Kisa pou m' fè ankò?
那少年人说:这一切我都遵守了,还缺少什么呢?
Jezi di li: Si ou vle bon nèt san manke anyen, ale vann tou sa ou genyen, separe lajan an bay pòv. Lè sa a, wa gen yon richès nan syèl la. Apre sa, vin swiv mwen.
耶稣说:你若愿意作完全人,可去变卖你所有的,分给穷人,就必有财宝在天上;你还要来跟从我。
Lè jennonm lan tande pawòl sa yo, li vin kagou, li vire do l', li ale paske li te gen anpil byen.
那少年人听见这话,就忧忧愁愁的走了,因为他的产业很多。
Lè sa a, Jezi di disip li yo: Sa m'ap di nou la a, se vre wi. Sa ap difisil nèt pou yon nonm rich antre nan Peyi Wa ki nan syèl la.
耶稣对门徒说:我实在告诉你们,财主进天国是难的。
M'ap di nou sa ankò: L'ap pi fasil pou gwo bèt yo rele chamo a pase nan je yon zegwi pase pou yon nonm rich antre nan Peyi Wa ki nan syèl la.
我又告诉你们,骆驼穿过针的眼,比财主进 神的国还容易呢!
Lè disip yo tande sa, yo pa t' manke sezi, yo di: Nan kondisyon sa a, ki moun ki ka sove?
门徒听见这话,就希奇得很,说:这样谁能得救呢?
Jezi gade yo, li di: Moun pa ka fè sa, se vre. Men, pa gen anyen Bondye pa kapab fè.
耶稣看著他们,说:在人这是不能的,在 神凡事都能。
Lè sa a, Pyè di li: Men, koute non. Nou kite tout bagay pou nou swiv ou. Kisak pral rive nou?
彼得就对他说:看哪,我们已经撇下所有的跟从你,将来我们要得什么呢?
Jezi reponn yo: Se vre wi, sa m'ap di nou la a: Lè Moun Bondye voye nan lachè a va chita sou fòtèy li ak tout bèl pouvwa li, lè tout bagay va chanje nèt, nou menm k'ap swiv mwen, n'a chita sou douz fòtèy tou, pou nou ka jije douz branch ras Izrayèl la.
耶稣说:我实在告诉你们,你们这跟从我的人,到复兴的时候,人子坐在他荣耀的宝座上,你们也要坐在十二个宝座上,审判以色列十二个支派。
Nenpòt moun ki va kite kay li, osinon frè l', osinon sè l', osinon papa l', osinon manman l', osinon pitit li, osinon jaden l', poutèt mwen, moun sa a gen pou l' resevwa san (100) fwa plis pase sa, ansanm ak lavi ki p'ap janm fini an.
凡为我的名撇下房屋,或是弟兄、姊妹、父亲、母亲、(有古卷在此有:妻子)儿女、田地的,必要得著百倍,并且承受永生。
Anpil nan moun ki devan yo va rete dèyè. Anpil nan moun ki dèyè yo va pran devan.
然而,有许多在前的,将要在后;在后的,将要在前。