Matthew 12

Kèk jou apre sa, Jezi t'ap pase nan yon jaden ble. Se te yon jou repo. Disip li yo te grangou. Se konsa yo pran keyi grap ble, yo t'ap manje grenn yo.
那时,耶稣在安息日从麦地经过。他的门徒饿了,就掐起麦穗来吃。
Lè farizyen yo wè sa, yo di l' konsa: Gade. Disip ou yo ap fè bagay lalwa nou pa pèmèt moun fè gwo jou repo.
法利赛人看见,就对耶稣说:看哪,你的门徒作安息日不可作的事了!
Jezi reponn yo: Eske nou pa li sa David te fè yon jou li te grangou, li menm ak moun pa l' yo?
耶稣对他们说:经上记著大卫和跟从他的人饥饿之时所作的事,你们没有念过吗?
Li antre nan kay Bondye a, li pran pen yo te ofri bay Bondye a, li manje. Dapre lalwa nou an, ni li menm David ni moun ki te avè l' yo pa t' gen dwa manje pen sa yo. Se prèt yo sèlman ki gen dwa sa a.
他怎么进了 神的殿,吃了陈设饼,这饼不是他和跟从他的人可以吃得,惟独祭司才可以吃。
Osinon, èske nou pa li sa ki ekri nan lalwa Moyiz la: Jou repo, prèt yo ki desèvis nan tanp lan pa respekte lalwa repo a, men yo pa koupab pou sa?
再者,律法上所记的,当安息日,祭司在殿里犯了安息日还是没有罪,你们没有念过吗?
Enben, m'ap di nou sa: Isit la, gen yon bagay ki pi konsekan pase tanp lan.
但我告诉你们,在这里有一人比殿更大。
Si nou te konnen sans pawòl sa yo ki nan Liv la: Mwen vle pou nou gen kè sansib, mwen pa bezwen ofrann bèt n'ap fè pou mwen yo, nou pa ta kondannen moun ki inonsan.
我喜爱怜恤,不喜爱祭祀。你们若明白这话的意思,就不将无罪的当作有罪的了。
Paske, mwen menm, Moun Bondye voye nan lachè a, se mèt jou repo a mwen ye.
因为人子是安息日的主。
Jezi kite kote l' te ye a, li antre nan yonn nan sinagòg yo.
耶稣离开那地方,进了一个会堂。
Te gen yon nonm ki te gen yon men pòk nan asanble a. Moun ki te la yo t'ap chache okasyon pou yo te ka di Jezi fè bagay ki mal. Se konsa yo mande l': Eske lalwa nou an pèmèt yo geri moun jou repo?
那里有一个人枯干了一只手。有人问耶稣说:安息日治病可以不可以?意思是要控告他。
Jezi reponn yo: Si yonn nan nou gen yon sèl mouton, si mouton sa a tonbe nan yon twou byen fon yon jou repo, èske li p'ap rale l' mete deyò?
耶稣说:你们中间谁有一只羊,当安息日掉在坑里,不把牠抓住,拉上来呢?
Bon. Eske yon moun pa vo pi plis pase yon mouton? Konsa nou wè, lalwa nou an pèmèt nou fè byen pou yon moun jou repo.
人比羊何等贵重呢!所以,在安息日作善事是可以的。
Lè sa a, li di nonm lan: Lonje men ou. Nonm lan lonje men li. Latou, men an vin byen tankou lòt la.
于是对那人说:伸出手来!他把手一伸,手就复了原,和那只手一样。
Farizyen yo soti nan sinagòg la, y al mete tèt yo ansanm pou wè ki jan pou yo fè touye Jezi.
法利赛人出去,商议怎样可以除灭耶稣。
Men, lè Jezi vin konn sa, li kite kote l' te ye a. Yon gwo foul moun t'ap mache deyè li. Li geri tout moun malad yo.
耶稣知道了,就离开那里,有许多人跟著他。他把其中有病的人都治好了;
Men, li te pale sevè ak yo pou yo pa t' di ki moun li te ye.
又嘱咐他们,不要给他传名。
Tou sa pase konsa, pou pawòl pwofèt Ezayi te di a te ka rive vre:
这是要应验先知以赛亚的话,说:
Bondye pale, li di konsa: Men sèvitè m' lan, se mwen menm ki chwazi li. Men moun mwen renmen anpil la. Li fè kè m' kontan anpil. m'a mete Lespri m' sou li, la fè tout nasyon yo konnen jijman mwen.
看哪!我的仆人,我所拣选,所亲爱,心里所喜悦的,我要将我的灵赐给他;他必将公理传给外邦。
Li p'ap diskite ak pèsonn, li p'ap rele sou pèsonn. Yo p'ap janm tande l' fè diskou nan lari.
他不争竞,不喧嚷;街上也没有人听见他的声音。
Li p'ap fin kase pye wozo ki panche a. Li p'ap tenyen lanp ki prèt pou mouri a. L'ap fè sa konsa, jouk tan li va fè jistis Bondye a kanpe nèt.
压伤的芦苇,他不折断;将残的灯火,他不吹灭;等他施行公理,叫公理得胜。
Lè sa a, tout nasyon yo va mete espwa yo nan li.
外邦人都要仰望他的名。
Apre sa, yo mennen yon nonm bay Jezi. Nonm lan pa t' ka wè, li pa t' ka pale, paske li te gen yon move lespri sou li. Jezi geri nonm lan. Lamenm, nonm lan pale, li wè.
当下,有人将一个被鬼附著、又瞎又哑的人带到耶稣那里,耶稣就医治他,甚至那哑巴又能说话,又能看见。
Foul moun yo te sezi anpil. Yo t'ap di: Nou pa kwè se pitit David la sa?
众人都惊奇,说:这不是大卫的子孙吗?
Lè farizyen yo tande sa, yo di: Si nou wè nonm sa a ap chase move lespri, se paske Bèlzeboul, chèf move lespri yo, ba l' pouvwa pou sa.
但法利赛人听见,就说:这个人赶鬼,无非是靠著鬼王别西卜啊。
Men, Jezi te konnen sa ki te nan tèt yo, li di yo: Yon peyi ki gen divizyon ladan l', pou moun yo ap goumen yonn ak lòt, peyi sa a la pou l' disparèt. Si gen divizyon nan yon lavil osinon nan yon fanmi, pou moun yo ap fè lagè yonn ak lòt, ni lavil sa a, ni fanmi sa a pa la pou lontan.
耶稣知道他们的意念,就对他们说:凡一国自相纷争,就成为荒场;一城一家自相纷争,必站立不住;
Si Satan ap chase moun ki pou li yo, Satan ap goumen ak pwòp tèt li. Pouvwa Satan an pa la pou lontan.
若撒但赶逐撒但,就是自相纷争,他的国怎能站得住呢?
Si se Bèlzeboul ki ban m' pouvwa pou chase move lespri, patizan nou yo, ak ki pouvwa yo menm yo chase move lespri? Se poutèt sa, se yo menm menm k'ap ban nou tò.
我若靠著别西卜赶鬼,你们的子弟赶鬼又靠著谁呢?这样,他们就要断定你们的是非。
Men, si se avek Lespri Bondye m'ap chase move lespri yo, sa vle di pouvwa Gouvènman Bondye ki wa a gen tan rive sou nou.
我若靠著 神的灵赶鬼,这就是 神的国临到你们了。
Pesonn pa ka antre lakay yon nonm vanyan pou vòlò byen l' yo, si li pa mare nonm vanyan an anvan. Lè li fin mare l', se atò la kapab piye kay la.
人怎能进壮士家里,抢夺他的家具呢?除非先捆住那壮士,才可以抢夺他的家财。
Moun ki pa avèk mwen, se kont mwen yo ye. Moun ki p'ap ede m' ranmase, se gaye y'ap gaye.
不与我相合的,就是敌我的;不同我收聚的,就是分散的。
Se poutèt sa, m'ap di nou: Bondye va padonnen moun tout peche yo va fè, tout move pawòl ki va soti nan bouch yo. Men, kanta moun ki va pale mal sou Sentespri a, pa gen padon pou yo.
所以我告诉你们:人一切的罪和亵渎的话都可得赦免,惟独亵渎圣灵,总不得赦免。
Moun ki pale mal sou Moun Bondye voye nan lachè a, y'a padonnen l'. Men, moun ki pale mal sou Sentespri a, li p'ap jwenn padon ni koulye a, ni nan tan k'ap vini apre sa a.
凡说话干犯人子的,还可得赦免;惟独说话干犯圣灵的,今世来世总不得赦免。
Si pyebwa a bon, l'ap bay bon donn. Si pyebwa a pa bon, li p'ap bay bon donn. Yo rekonèt kalite yon pyebwa sou donn li bay.
你们或以为树好,果子也好;树坏,果子也坏;因为看果子就可以知道树。
Bann vèmen! nou twò mechan. Bon pawòl pa ka soti nan bouch nou. Sa ki nan kè yon moun, se sa ki soti nan bouch li.
毒蛇的种类!你们既是恶人,怎能说出好话来呢?因为心里所充满的,口里就说出来。
Yon nonm ki bon, se bon bagay ase li ka rale soti nan tou sa li genyen ki bon yo. Konsa tou, yon nonm ki mechan, se move bagay ase li ka rale soti nan tou sa li genyen ki move yo.
善人从他心里所存的善就发出善来;恶人从他心里所存的恶就发出恶来。
M'ap di nou sa: Jou jijman an, moun gen pou rann kont pou tout pawòl yo di yo pa t' bezwen di.
我又告诉你们,凡人所说的闲话,当审判的日子,必要句句供出来;
Paske, se dapre pawòl ou y'a jije ou: Se pawòl ou k'ap di si ou inonsan, osinon si ou koupab.
因为要凭你的话定你为义,也要凭你的话定你有罪。
Lè sa a, kèk dirèktè lalwa ansanm ak kèk farizyen pran lapawòl. Yo di Jezi: Mèt, nou ta renmen wè ou fè yon mirak pou moutre se Bondye ki ba ou pouvwa sa a.
当时,有几个文士和法利赛人对耶稣说:夫子,我们愿意你显个神迹给我们看。
Jezi reponn yo: Moun alèkile yo, atout yo mechan, atout yo vire do bay Bondye, men y'ap mande mirak! Men, yo p'ap jwenn lòt mirak pase mirak pwofèt Jonas la.
耶稣回答说:一个邪恶淫乱的世代求看神迹,除了先知约拿的神迹以外,再没有神迹给他们看。
Menm jan Jonas te pase twa jou twa nwit nan vant gwo pwason an, konsa tou Moun Bondye voye nan lachè a gen pou pase twa jou twa nwit anba tè.
约拿三日三夜在大鱼肚腹中,人子也要这样三日三夜在地里头。
Jou jijman an, moun lavil Neniv yo va leve kanpe, y'a fè kondannen moun alèkile yo. Paske yo menm, yo te tounen vin jwenn Bondye lè Jonas te fè yo konnen mesaj li a. Men, isit la gen bagay ki pi konsekan pase Jonas.
当审判的时候,尼尼微人要起来定这世代的罪,因为尼尼微人听了约拿所传的就悔改了。看哪,在这里有一人比约拿更大!
Jou jijman an, larenn peyi ki nan sid la va leve kanpe, la fè yo kondannen moun alèkile yo. Paske, li te soti byen lwen, jouk nan dènye bout latè, pou l' te vin tande bèl pawòl bon konprann Salomon yo. Men, isit la gen bagay ki pi konsekan pase Salomon.
当审判的时候,南方的女王要起来定这世代的罪,因为她从地极而来,要听所罗门的智慧话。看哪!在这里有一人比所罗门更大。
Lè yon move lespri soti sou yon moun, li al pwonmennen toupatou nan savann yo, l'ap chache yon kote pou l' pran repo. Men, li pa jwenn.
污鬼离了人身,就在无水之地过来过去,寻求安歇之处,却寻不著。
Lè sa a, li di nan kè l': M'ap tounen lakay mwen, kote m' soti a. Lè l' rive, li jwenn nonm lan tankou yon kay ki vid, men byen bale, byen ranje.
于是说:我要回到我所出来的屋里去。到了,就看见里面空闲,打扫干净,修饰好了,
Lè konsa, li ale, li pran sèt lòt lespri ki pi move pase l', lespri yo vin ansanm avè l', yo antre nan kay la, yo rete. Lè sa a, kondisyon moun lan vin pi mal pase jan l' te ye anvan an. Enben, se sa ki pral rive move moun k'ap viv alèkile yo.
便去另带了七个比自己更恶的鬼来,都进去住在那里。那人末后的景况比先前更不好了。这邪恶的世代也要如此。
Jezi t'ap pale ak foul moun yo toujou lè manman l' ak frè l' yo vin rive. Yo rete deyò, yo t'ap chache yon jan pou yo te pale avè l'.
耶稣还对众人说话的时候,不料他母亲和他弟兄站在外边,要与他说话。
Se konsa yon moun di Jezi: Men manman ou ak frè ou yo deyò a. Yo ta renmen pale avè ou.
有人告诉他说:看哪,你母亲和你弟兄站在外边,要与你说话。
Men Jezi reponn moun ki te di l' sa a: Kilès ki manman m'? Kilès ki frè m'?
他却回答那人说:谁是我的母亲?谁是我的弟兄?
Lè sa a, li lonje men l' sou disip li yo, li di: Gade non: men manman m' ak frè m' yo.
就伸手指著门徒,说:看哪,我的母亲,我的弟兄。
Tout moun ki fè sa Papa m' ki nan syèl la mande pou yo fè, se moun sa yo ki frè m', ki sè m', ki manman m'.
凡遵行我天父旨意的人,就是我的弟兄姊妹和母亲了。