Mark 9

Li di yo ankò: -Sa m'ap di nou la a, se vre wi: Nan moun ki la koulye a gen ladan yo ki p'ap mouri san yo pa wè Bondye vin pran gouvènman an nan men l' avèk pouvwa.
耶稣又对他们说:我实在告诉你们,站在这里的,有人在没尝死味以前,必要看见 神的国大有能力临到。
Sis jou apre sa, Jezi pran Pyè, Jak ak Jan; li mennen yo pou kont yo sou tèt yon mòn byen wo. Figi l' chanje la devan yo;
过了六天,耶稣带著彼得、雅各、约翰暗暗的上了高山,就在他们面前变了形像,
rad li vin klere tou blan. Pa gen lesivyèz sou latè ki kapab blanchi konsa.
衣服放光,极其洁白,地上漂布的,没有一个能漂得那样白。
Twa disip yo wè Eli ak Moyiz parèt, yo t'ap koze avèk Jezi.
忽然,有以利亚同摩西向他们显现,并且和耶稣说话。
Pyè pran lapawòl, li di Jezi konsa: -Mèt, sa te bon nèt pou nou te la. N'ap moute twa ti kay, yonn pou ou, yonn pou Moyiz, yonn pou Eli.
彼得对耶稣说:拉比(就是夫子),我们在这里真好!可以搭三座棚,一座为你,一座为摩西,一座为以利亚。
Li pa t' konnen sa pou l' te di tèlman yo te pè.
彼得不知道说什么才好,因为他们甚是惧怕。
Yon nwaj vin kouvri yo, epi yon vwa moun soti nan nwaj la, li di: -Sa se pitit mwen renmen anpil la. Koute li.
有一朵云彩来遮盖他们;也有声音从云彩里出来,说:这是我的爱子,你们要听他。
Menm lè a, disip yo vire tèt yo, yo gade adwat, yo gade agoch, men yo pa wè pesonn pase Jezi ki te pou kont li avèk yo.
门徒忽然周围一看,不再见一人,只见耶稣同他们在那里。
Antan yo t'ap desann mòn lan, Jezi pale sevè avèk yo: -Pa di pesonn sa nou sot wè la a, jouk mwen menm, Moun Bondye voye nan lachè a, m'a leve soti vivan pami mò yo.
下山的时候,耶稣嘱咐他们说:人子还没有从死里复活,你们不要将所看见的告诉人。
Yo te kenbe pawòl la sekrè, men yonn t'ap di lòt: -Sa sa vle di menm: leve soti vivan pami mò yo?
门徒将这话存记在心,彼此议论从死里复活是什么意思。
Twa disip yo poze l' keksyon sa a: -Poukisa dirèktè lalwa yo di: Se pou Eli vin anvan.
他们就问耶稣说:文士为什么说以利亚必须先来?
Li reponn yo: -Se vre wi. Eli gen pou l' vin anvan pou l' mete tout bagay nan lòd. Men, ki jan yo te fè ekri tou: Moun Bondye voye nan lachè a gen pou l' soufri anpil, yo p'ap manke pase l' nan betiz?
耶稣说:以利亚固然先来复兴万事;经上不是指著人子说,他要受许多的苦被人轻慢呢?
Men mwen menm, mwen di nou: Eli vini deja, yo fè sa yo te vle ave l', jan sa te ekri sou li a.
我告诉你们,以利亚已经来了,他们也任意待他,正如经上所指著他的话。
Lè yo rive bò kote lòt disip yo, yo wè yo nan mitan yon mas moun. Te gen kèk dirèktè lalwa la tou ki t'ap diskite avèk yo.
耶稣到了门徒那里,看见有许多人围著他们,又有文士和他们辩论。
Lè foul moun yo wè Jezi, sezisman pran yo, yo tout kouri vin di l' bonjou.
众人一见耶稣,都甚希奇,就跑上去问他的安。
Li mande disip li yo: -Sa n'ap diskite konsa?
耶稣问他们说:你们和他们辩论的是什么?
Yon nonm nan foul moun yo reponn li: -Mèt, mwen te mennen ti gason m' lan ba ou; li anba yon move lespri ki rann li bèbè.
众人中间有一个人回答说:夫子,我带了我的儿子到你这里来,他被哑巴鬼附著。
Nenpòt ki kote lespri a pran l', li fese l' atè. Lè konsa, tibway la kimen, li manje dan l', epi li vin tou rèd. Mwen te mande disip ou yo pou yo chase lespri a sot sou li, men yo pa t' kapab.
无论在那里,鬼捉弄他,把他摔倒,他就口中流沫,咬牙切齿,身体枯干。我请过你的门徒把鬼赶出去,他们却是不能。
Jezi di yo: -Ala moun san konfyans nan Bondye! Jouk kilè pou m' rete nan mitan nou? Jouk kilè pou m' sipòte nou? Mennen tibway la ban mwen.
耶稣说:嗳!不信的世代啊,我在你们这里要到几时呢?我忍耐你们要到几时呢?把他带到我这里来吧。
Yo mennen l' ba li. Kou ti nonm lan wè Jezi, move lespri a souke l' byen souke. Ti gason an tonbe atè, li woule, li kimen.
他们就带了他来。他一见耶稣,鬼便叫他重重的抽疯,倒在地上,翻来覆去,口中流沫。
Jezi mande papa a: -Depi konbe tan li konsa? Papa a reponn li: -Depi li tou piti wi.
耶稣问他父亲说:他得这病有多少日子呢?回答说:从小的时候。
Anpil fwa menm, move lespri a jete l' nan dife, osinon nan dlo pou touye li. Men, si ou kapab fè kichòy, tanpri, ede nou. Gen pitye pou nou!
鬼屡次把他扔在火里、水里,要灭他。你若能做什么,求你怜悯我们,帮助我们。
Jezi di li: -Si m' kapab menm! ...Tout bagay posib wi pou moun ki met konfyans yo nan Bondye.
耶稣对他说:你若能信,在信的人,凡事都能。
Menm lè a, papa tibway la di byen fò: -Mwen gen konfyans nan Bondye! Men, vin ede m' pou m' sa gen plis konfyans toujou.
孩子的父亲立时喊著说(有古卷:立时流泪的喊著说):我信!但我信不足,求主帮助。
Lè Jezi wè foul moun yo ap kouri vini, li pale sevè avèk move lespri a, li di li: -Espri bèbè, espri soudè, se mwen k'ap kòmande ou: soti sou tibway la, pa janm antre sou li ankò.
耶稣看见众人都跑上来,就斥责那污鬼说:你这聋哑的鬼,我吩咐你从他里头出来,再不要进去!
Move lespri a souke tibway la byen souke; li bay yon gwo rèl, epi li soti, li ale. Ti gason an te rete tankou si l' te mouri atè a, kifè anpil moun te gen tan ap di: -Li mouri wi.
那鬼喊叫,使孩子大大的抽了一阵疯,就出来了。孩子好像死了一般。以致众人多半说:他是死了。
Men Jezi pran men l', li fè l' leve. Lamenm, ti gason an kanpe.
但耶稣拉著他的手,扶他起来,他就站起来了。
Antre Jezi antre nan kay la, disip yo pran l' apa, epi yo di li: -Poukisa nou pa t' kapab chase lespri sa a?
耶稣进了屋子,门徒就暗暗的问他说:我们为什么不能赶出他去呢?
Li di yo: -Se lapriyè sèlman ki pou fè kalite lespri sa a soti.
耶稣说:非用祷告(有古卷在此有:禁食二字),这一类的鬼总不能出来(或作:不能赶出他去来)。
Yo soti kote yo te ye a, yo travèse peyi Galile. Jezi pa t' vle moun konnen kote li te ye,
他们离开那地方,经过加利利;耶稣不愿意人知道。
paske li t'ap moutre disip li yo anpil bagay. Li di yo: -Mwen menm, Moun Bondye voye nan lachè a, mwen pral tonbe anba men lèzòm, yo pral touye mwen. Men, sou twa jou mwen gen pou m' leve soti vivan nan lanmò.
于是教训门徒,说:人子将要被交在人手里,他们要杀害他;被杀以后,过三天他要复活。
Men, disip yo pa t' konprann sans pawòl sa a: epi yo te pè poze l' keksyon.
门徒却不明白这话,又不敢问他。
Yo rive Kapènawòm. Rive li rive nan kay la, Jezi mande yo: -Kisa nou t'ap pale konsa nan chemen an?
他们来到迦百农,耶稣在屋里问门徒说:你们在路上议论的是什么?
Pesonn pa louvri bouch yo reponn, paske nan chemen an, yo t'ap diskite pou konnen kilès nan yo ki te pi grannèg.
门徒不作声,因为他们在路上彼此争论谁为大。
Lè sa a Jezi chita, li rele douz disip yo, li di yo konsa: -Si yon moun vle pou l' nan premye plas la, fòk li mete l' dèyè nèt, fòk li sèvi tout moun.
耶稣坐下,叫十二个门徒来,说:若有人愿意作首先的,他必作众人末后的,作众人的用人。
Epi li pran yon timoun piti, li mete l' nan mitan yo. Li pran timoun lan nan bra l', li di yo konsa:
于是领过一个小孩子来,叫他站在门徒中间,又抱起他来,对他们说:
-Nenpòt moun ki resevwa yon timoun konsa poutèt mwen, se mwen menm menm li resevwa. Nenpòt moun ki resevwa m', se pa mwen li resevwa, men se moun ki voye m' lan li resevwa.
凡为我名接待一个像这小孩子的,就是接待我;凡接待我的,不是接待我,乃是接待那差我来的。
Jan di l' konsa: -Mèt, nou te wè yon nonm ki pran non ou pou chase move lespri. Nou te vle anpeche l' fè sa, paske li pa t'ap mache avèk nou.
约翰对耶稣说:夫子,我们看见一个人奉你的名赶鬼,我们就禁止他,因为他不跟从我们。
Jezi reponn li: -Kite l' non. Paske yon moun ki pran non m' pou fè mirak pa kapab pale m' mal apre sa.
耶稣说:不要禁止他;因为没有人奉我名行异能,反倒轻易毁谤我。
Moun ki pa kont nou, se moun pa nou li ye.
不敌挡我们的,就是帮助我们的。
Sa m'ap di la a, se vre wi: nenpòt moun ki va ban nou yon gode dlo paske se moun Kris la nou ye, li pa gen dwa pèdi rekonpans li.
凡因你们是属基督,给你们一杯水喝的,我实在告诉你们,他不能不得赏赐。
Kanta moun ki fè yonn nan timoun sa yo ki kwè nan mwen tonbe nan peche, li ta pi bon pou li si yo te mare yon gwo wòl moulen nan kou l', voye li jete nan lanmè.
凡使这信我的一个小子跌倒的,倒不如把大磨石拴在这人的颈项上,扔在海里。
Si se men ou ki pou ta fè ou tonbe nan peche, koupe l', voye l' jete. Pito ou antre nan lavi a ak yon sèl men, pase pou ou rete ak tou de men ou, apre sa pou ou al nan lanfè, kote dife a pa janm mouri.
倘若你一只手叫你跌倒,就把它砍下来;
Nan lanfè, dife sa a ansanm ak vè k'ap manje kadav yo pa janm mouri.
你缺了肢体进入永生,强如有两只手落到地狱,入那不灭的火里去。
Si se pye ou ki pou ta fè ou tonbe nan peche, koupe l', voye li jete. Pito ou antre nan lavi a ak yon sèl pye, pase pou ou rete ak de pye ou, apre sa pou yo jete ou nan lanfè.
倘若你一只脚叫你跌倒,就把它砍下来;
Nan lanfè, dife sa a ansanm ak vè k'ap manje kadav yo pa janm mouri.
你瘸腿进入永生,强如有两只脚被丢在地狱里。
Si se je ou ki pou ta fè ou tonbe nan peche, rache l' voye l' jete. Pito ou antre nan Peyi kote Bondye Wa a ak yon sèl je, pase pou ou rete ak tou de je ou, apre sa pou yo jete ou nan lanfè.
倘若你一只眼叫你跌倒,就去掉它;你只有一只眼进入 神的国,强如有两只眼被丢在地狱里。
La, dife a ansanm ak vè k'ap manje kadav yo pa janm mouri.
在那里,虫是不死的,火是不灭的。
Paske, tout moun ap sale ak dife.
因为必用火当盐醃各人。(有古卷在此有:凡祭物必用盐醃。)
Sèl, se yon bon bagay. Men, si sèl la pèdi gou l', ak kisa poun sale l' ankò? Mete sèl nan kè nou, epi viv byen yonn ak lòt.
盐本是好的,若失了味,可用什么叫它再咸呢?你们里头应当有盐,彼此和睦。