Mark 13

Antan Jezi t'ap soti nan tanp lan, yonn nan disip li yo di l' konsa: -Mèt, gade. Ala de bèl wòch! Ala yon gwo batisman!
耶稣从殿里出来的时候,有一个门徒对他说:夫子,请看,这是何等的石头!何等的殿宇!
Jezi reponn li: -Ou wè gwo batisman sa a: yon lè, p'ap gen de wòch k'ap rete kanpe yonn sou lòt ladan li. Tou sa pral kraze nèt vide atè.
耶稣对他说:你看见这大殿宇吗?将来在这里没有一块石头留在石头上,不被拆毁了。
Jezi te chita sou mòn Oliv la, vizaviz ak tanp lan. Pyè, Jak ak Andre te pou kont yo avèk li. Yo poze l' keksyon sa a:
耶稣在橄榄山上对圣殿而坐,彼得、雅各、约翰,和安得烈暗暗的问他说:
-Di nou kilè sa va rive non? Ki siy ki va fè nou konnen lè tout bagay sa a yo gen pou rive?
请告诉我们,什么时候有这些事呢?这一切事将成的时候有什么豫兆呢?
Lè sa a Jezi pran di yo: -Atansyon pou pesonn pa twonpe nou.
耶稣说:你们要谨慎,免得有人迷惑你们。
Paske, anpil moun va vini sou non mwen, y'a di se yo menm ki Kris la. y'a twonpe anpil moun.
将来有好些人冒我的名来,说:我是基督,并且要迷惑许多人。
Lè n'a tande lagè ap fèt toupre nou, ansanm ak nouvèl lagè k'ap fèt byen lwen, nou pa bezwen pè. Fòk bagay sa yo rive. Men, se p'ap ankò lafen an sa.
你们听见打仗和打仗的风声,不要惊慌。这些事是必须有的,只是末期还没有到。
Yon pèp va goumen ak yon lòt pèp. Yon peyi va atake yon lòt peyi; va gen tranblemanntè divès kote. Va gen anpil grangou. Tou sa, se va tankou tranche anvan akouchman.
民要攻打民,国要攻打国;多处必有地震、饥荒。这都是灾难(灾难:原文是生产之难)的起头。
Men, nou menm, kenbe kò nou. Y'ap trennen nou devan tribinal, y'ap bat nou nan sinagòg yo, n'ap konparèt devan chèf gouvènman ak devan wa poutèt mwen, pou nou ka sèvi m' temwen devan yo.
但你们要谨慎;因为人要把你们交给公会,并且你们在会堂里要受鞭打,又为我的缘故站在诸侯与君王面前,对他们作见证。
Anvan sa, fòk yo anonse bon nouvèl la bay tout nasyon yo.
然而,福音必须先传给万民。
Lè y'a arete nou pou mennen nou nan tribinal, pa kase tèt nou pou nou chache konnen davans sa n'a pral di; men, n'a di pawòl ki va vin nan bouch nou: paske lè sa a, se pa nou menm ki va pale, se Sentespri a ki va mete pawòl yo nan bouch nou.
人把你们拉去交官的时候,不要预先思虑说什么;到那时候,赐给你们什么话,你们就说什么;因为说话的不是你们,乃是圣灵。
Frè va denonse frè pou fè touye li. Papa va denonse pitit, pitit va leve kont manman l' ak papa l', la fè touye yo.
弟兄要把弟兄,父亲要把儿子,送到死地;儿女要起来与父母为敌,害死他们;
Tout moun pral rayi nou poutèt mwen; men, moun ki va kenbe fèm jouk sa kaba, se li ki va sove.
并且你们要为我的名被众人恨恶。惟有忍耐到底的,必然得救。
Nou gen pou nou wè bagay nou pa ta renmen wè a, bagay k'ap bay gwo lapenn lan, chita kote l' pa t' dwe ye. (Se pou tout moun k'ap li sa a chache konprann.) Lè sa a, tout moun ki nan peyi Jide va blije al nan mòn.
你们看见那行毁坏可憎的,站在不当站的地方(读这经的人须要会意)。那时,在犹太的,应当逃到山上;
Moun ki va sou tèt kay yo va kouri met deyò san yo p'ap bezwen antre pran zafè yo.
在房上的,不要下来,也不要进去拿家里的东西;
Moun ki nan jaden p'ap bezwen tounen lakay yo pou pran rechanj yo.
在田里的,也不要回去取衣裳。
Lè sa a, se p'ap de lapenn pou fanm ansent ak nouris yo.
当那些日子,怀孕的和奶孩子的有祸了!
Lapriyè Bondye pou bagay sa yo pa rive nan tan fredi.
你们应当祈求,叫这些事不在冬天临到。
Paske lè sa a, n'a wè yon lafliksyon moun poko janm wè, depi nan konmansman lè Bondye t'ap kreye latè jouk koulye a. p'ap janm gen yon lòt tankou l' ankò.
因为在那些日子必有灾难,自从 神创造万物直到如今,并没有这样的灾难,后来也必没有。
Si Mèt la pa t' deside wete kèk jou sou jou sa yo, pesonn pa t'ap sove. Men, li wete sou jou sa yo poutèt moun li chwazi pou la ak li yo.
若不是主减少那日子,凡有血气的,总没有一个得救的;只是为主的选民,他将那日子减少了。
Lè sa a, si yon moun di nou: Gade, men Kris la bò isit, osinon: Gade, men li lòt bò a, pa kwè li.
那时若有人对你们说:看哪,基督在这里,或说:基督在那里,你们不要信!
Lè sa a, gen fo Kris ak fo pwofèt k'ap parèt; y'a fè mèvèy ak mirak pou twonpe ata moun Bondye chwazi yo, si yo ta kapab.
因为假基督、假先知将要起来,显神迹奇事,倘若能行,就把选民迷惑了。
Veye kò nou. Mwen tou di nou tout bagay sa yo davans.
你们要谨慎。看哪,凡事我都预先告诉你们了。
Men nan tan sa a, apre jou lafliksyon sa yo, solèy la p'ap klere ankò, lalen lan p'ap bay limyè.
在那些日子,那灾难以后,日头要变黑了,月亮也不放光,
Zetwal yo va sot tonbe nan syèl la, pouvwa yo ki nan syèl la va tranble.
众星要从天上坠落,天势都要震动。
Lè sa a, y'a wè m', mwen menm, Moun Bondye voye nan lachè a, ap vini sou tèt nwaj yo, avèk anpil pouvwa nan mitan yon bann bèl bagay.
那时,他们(马太二十四章三十节是地上的万族)要看见人子有大能力、大荣耀,驾云降临。
m'a voye zanj mwen yo nan kat kwen latè a pou sanble tout moun Bondye te chwazi yo, depi yon bout tè a jouk nan lòt bout syèl la.
他要差遣天使,把他的选民,从四方(方:原文是风),从地极直到天边,都招聚了来。
Pran leson sou pye fig frans lan. Kou l' kòmanse boujonnen, kou l' pouse fèy, nou konnen lete sou nou.
你们可以从无花果树学个比方:当树枝发嫩长叶的时候,你们就知道夏天近了。
Menm jan an tou, lè n'a wè bagay sa yo rive, nou mèt konnen Moun Bondye te voye nan lachè a toupre, li la nan papòt la.
这样,你们几时看见这些事成就,也该知道人子(人子:或作 神的国)近了,正在门口了。
Sa m'ap di nou la a, se vre wi: gen moun k'ap viv koulye a ki p'ap gen tan mouri anvan tout bagay sa yo rive.
我实在告诉你们,这世代还没有过去,这些事都要成就。
Syèl la ak tout tè a va pase, men pawòl mwen yo p'ap janm pase.
天地要废去,我的话却不能废去。
Pesonn pa konnen ni ki jou ni ki lè bagay sa yo ap rive, pa menm zanj yo ki nan syèl la, pa menm Pitit la. Sèl Papa a konn sa.
但那日子,那时辰,没有人知道,连天上的使者也不知道,子也不知道,惟有父知道。
Kenbe kò nou; pa kite dòmi pran nou; paske nou pa konnen ki lè lè a va rive.
你们要谨慎,儆醒祈祷,因为你们不晓得那日期几时来到。
Se tankou lè yon nonm pati li al nan vwayaj. Li kite kay li nan men domestik yo pou yo okipe l' pou li. Li bay chak moun travay pa yo pou yo fè; li bay gadyen pòt la lòd pou l' pa dòmi.
这事正如一个人离开本家,寄居外邦,把权柄交给仆人,分派各人当作的工又吩咐看门的儆醒。
Se poutèt sa, pa kite dòmi pran nou, paske nou pa konnen ki lè mèt kay la va vini. Se ka aswè, nan mitan lannwit, lè kòk chante, osinon nan maten.
所以,你们要儆醒;因为你们不知道家主什么时候来,或晚上,或半夜,或鸡叫,或早晨;
Si l' rive yon lè nou pa t'ap tann li, piga li jwenn nou ap dòmi.
恐怕他忽然来到,看见你们睡著了。
Sa m' di nou la a, mwen di l' pou tout moun: Pa kite dòmi pran nou.
我对你们所说的话,也是对众人说:要儆醒!