Mark 11

Yo t'ap pwoche bò Jerizalèm, bò bouk Betfaje ak Betani, yo te rive sou mòn Oliv l'a. Lè sa a, Jezi voye de nan disip li yo.
耶稣和门徒将近耶路撒冷,到了伯法其和伯大尼,在橄榄山那里;耶稣就打发两个门徒,
Li di yo: -Ale nan bouk ki devan nou an. Lè n'a rive, n'a jwenn yon jenn ti bourik mare. Pesonn poko janm moute sou li. Lage l', mennen l' ban mwen.
对他们说:你们往对面村子里去,一进去的时候,必看见一匹驴驹拴在那里,是从来没有人骑过的,可以解开,牵来。
Nenpòt moun ki mande nou poukisa n'ap fè sa, nou mèt reponn: Se Mèt la ki bezwen li. L'ap voye ti bourik la tounen touswit.
若有人对你们说:为什么作这事?你们就说:主要用牠。那人必立时让你们牵来。
Lè disip yo ale, yo jwenn jenn ti bourik la mare deyò nan lari a, devan pòt yon kay. Yo lage li.
他们去了,便看见一匹驴驹拴在门外街道上,就把他解开。
Kèk moun ki te la di yo konsa: -Sa n'ap fè la a? Pouki n'ap lage ti bourik la?
在那里站著的人,有几个说:你们解驴驹作什么?
Disip yo reponn jan Jezi te di yo reponn lan. Epi moun yo kite yo ale.
门徒照著耶稣所说的回答,那些人就任凭他们牵去了。
Yo mennen ti bourik la bay Jezi; yo mete rad sou do li, epi Jezi moute chita.
他们把驴驹牵到耶稣那里,把自己的衣服搭在上面,耶稣就骑上。
Anpil moun te tann rad yo atè sou tout chemen an. Gen lòt ki te koupe branch bwa nan jaden pou mete atè nan chemen an.
有许多人把衣服铺在路上,也有人把田间的树枝砍下来,铺在路上。
Ni moun ki t'ap mache devan Jezi yo, ni moun ki t'ap mache dèyè l' yo, yo tout t'ap rele byen fò: -Lwanj pou Bondye! Benediksyon pou moun ki vini nan non Mèt la.
前行后随的人都喊著说:和散那(和散那:原有求救的意思,在此乃是称颂的话)!奉主名来的是应当称颂的!
Wi, benediksyon pou gouvènman k'ap vini an, pou gouvènman wa David, papa nou. Lwanj pou Bondye jouk anwo nan syèl la!
那将要来的我祖大卫之国是应当称颂的!高高在上和散那!
Jezi antre lavil Jerizalèm; li ale nan tanp lan. Li voye je l' sou tout bagay. Apre sa, li ale Betani avèk douz disip li yo paske li te fin ta.
耶稣进了耶路撒冷,入了圣殿,周围看了各样物件。天色已晚,就和十二个门徒出城,往伯大尼去了。
Nan denmen, antan yo t'ap soti Betani, Jezi te grangou.
第二天,他们从伯大尼出来,耶稣饿了。
Depi byen lwen, li wè yon pye fig frans ki te plen fèy. li al wè si li ta jwenn kèk fig frans sou li. Men, lè li rive kote l', se fèy ase li jwenn, paske se pa t' sezon fig frans.
远远的看见一棵无花果树,树上有叶子,就往那里去,或者在树上可以找著什么。到了树下,竟找不著什么,不过有叶子,因为不是收无花果的时候。
Lè sa a, Jezi pale ak pye fig frans lan, li di li: -Pesonn p'ap janm manje fig ou donnen ankò. Disip yo te tande sa l' te di a.
耶稣就对树说:从今以后,永没有人吃你的果子。他的门徒也听见了。
Apre sa, yo rive Jerizalèm, Jezi antre nan tanp lan. Li pran chase tout moun ki t'ap vann ak tout moun ki t'ap achte nan tanp lan. Li chavire tab moun ki t'ap chanje lajan yo ansanm ak chèz moun ki t'ap vann pijon yo.
他们来到耶路撒冷。耶稣进入圣殿,赶出殿里作买卖的人,推倒兑换银钱之人的桌子,和卖鸽子之人的凳子;
Li pa t' pèmèt pesonn travèse tanp lan ak bagay nan men yo.
也不许人拿著器具从殿里经过;
Li t'ap moutre moun yo anpil bagay, li di yo: -Men sa ki ekri, pa vre: y'a rele kay mwen an kay kote moun tout nasyon ka vin lapriyè. Men nou menm, nou fè l' tounen yon kachèt pou vòlò.
便教训他们说:经上不是记著说:我的殿必称为万国祷告的殿吗?你们倒使他成为贼窝了。
Lè chèf prèt yo avèk dirèktè lalwa yo tande sa, yo t'ap chache yon jan pou yo fè touye l'; paske yo te vin pè l', lèfini, pawòl li t'ap moutre moun yo te aji anpil sou foul moun yo.
祭司长和文士听见这话,就想法子要除灭耶稣,却又怕他,因为众人都希奇他的教训。
Lè solèy fin kouche, Jezi soti kite lavil la ansanm ak disip li yo.
每天晚上,耶稣出城去。
Nan denmen maten, byen bonè, antan yo t'ap pase sou wout la, disip yo wè pye fig frans la cheche jouk nan rasen.
早晨,他们从那里经过,看见无花果树连根都枯干了。
Pyè vin chonje sak te pase. Li di Jezi konsa: -Mèt, gade pye fig frans ou te madichonnen an. Li cheche wi.
彼得想起耶稣的话来,就对他说:拉比,请看!你所咒诅的无花果树,已经枯干了。
Lè sa a, Jezi pran lapawòl, li di yo: -Se pou nou toujou gen konfyans nan Bondye.
耶稣回答说:你们当信服 神。
Sa m'ap di nou la a, se vre wi: si yon moun di mòn sa a: Wete kò ou la, al jete ou nan lanmè, si l' pa gen doutans nan kè l' menm, si l' gen fèm konviksyon sa l' di a gen pou rive, la wè l' rive vre.
我实在告诉你们,无论何人对这座山说:你挪开此地,投在海里!他若心里不疑惑,只信他所说的必成,就必给他成了。
Se pou sa mwen di nou: Tou sa n'ap mande lè n'ap lapriyè, si nou gen fèm konviksyon nou resevwa l' deja, n'a wè sa rive vre.
所以我告诉你们,凡你们祷告祈求的,无论是什么,只要信是得著的,就必得著。
Lè nou kanpe poun lapriyè, si nou gen yon moun nan kè nou, padonnen l', pou Papa nou ki nan syèl la ka padonnen peche nou yo tou.
你们站著祷告的时候,若想起有人得罪你们,就当饶恕他,好叫你们在天上的父也饶恕你们的过犯。
Men, si nou pa padonnen lòt moun yo, Papa nou ki nan syèl la p'ap padonnen peche nou yo tou.
你们若不饶恕人,你们在天上的父也不饶恕你们的过犯。(有古卷无此节)
Se konsa, yo tounen lavil Jerizalèm ankò. Pandan Jezi t'ap pwonmennen nan tanp lan, chèf prèt yo, dirèktè lalwa yo ak chèf fanmi yo te vin bò kote li.
他们又来到耶路撒冷。耶稣在殿里行走的时候,祭司长和文士并长老进前来,
Yo di l' konsa: -Ki dwa ou genyen pou w'ap fè tout bagay sa yo? Kilès ki ba ou otorite pou fè yo?
问他说:你仗著什么权柄作这些事?给你这权柄的是谁呢?
Jezi reponn yo: -Mwen pral poze nou yon sèl keksyon tou. Si nou reponn mwen, m'a di nou ak ki otorite m'ap fè bagay sa yo.
耶稣对他们说:我要问你们一句话,你们回答我,我就告诉你们我仗著什么权柄作这些事。
Ki moun ki te voye Jan batize moun: Bondye osinon moun? Reponn mwen non.
约翰的洗礼是从天上来的?是从人间来的呢?你们可以回答我。
Men, yonn t'ap di lòt konsa: -Si nou reponn: Se Bondye ki voye l', la mande nou poukisa nou pa t' kwè li.
他们彼此商议说:我们若说从天上来,他必说:这样,你们为什么不信他呢?
Si nou reponn: Se moun ki voye l'... oum! Yo te pè pèp la, paske tout moun sa yo te pran Jan Batis pou yon bon pwofèt.
若说从人间来,却又怕百姓,因为众人真以约翰为先知。
Lè sa a yo reponn Jezi: -Nou pa konnen. Jezi di yo: -Enben, mwen menm tou, mwen p'ap di nou avèk ki otorite mwen fè bagay sa yo.
于是回答耶稣说:我们不知道。耶稣说:我也不告诉你们我仗著什么权柄作这些事。