Mark 1

Men konmansman Bon Nouvèl ki pale sou Jezikri, Pitit Bondye a.
 神的儿子,耶稣基督福音的起头。
Nan liv pwofèt Ezayi a, men sa ki te ekri: Bondye di: Men m'ap voye mesaje m' lan devan ou. La louvri chemen an pou ou.
正如先知以赛亚(有古卷无以赛亚三个字)书上记著说:看哪,我要差遣我的使者在你前面,预备道路。
Se vwa yon nonm k'ap rele nan dezè a: Pare gran wout Seyè nou an. Plani chemen an byen plani pou li.
在旷野有人声喊著说:预备主的道,修直他的路。
Se konsa Jan te parèt nan dezè a, li t'ap batize, li t'ap mache bay mesaj sa a: -Tounen vin jwenn Bondye. vin resevwa batèm, epi Bondye va padonnen peche nou yo.
照这话,约翰来了,在旷野施洗,传悔改的洗礼,使罪得赦。
Tout moun nan peyi Jide a ansanm ak tout pèp lavil Jerizalèm lan te vin jwenn li: yo te konfese peche yo devan tout moun, epi Jan te batize yo nan larivyè Jouden an.
犹太全地和耶路撒冷的人,都出去到约翰那里,承认他们的罪,在约旦河里受他的洗。
Jan te mete yon rad pwal chamo sou li, ak yon sentiwon an po mare nan ren li. Se krikèt ak gato myèl li te jwenn nan bwa li te manje.
约翰穿骆驼毛的衣服腰束皮带,吃的是蝗虫、野蜜。
Li t'ap mache bay mesaj sa a: -Moun k'ap vin apre m' lan gen plis pouvwa anpil pase m'. Mwen pa bon ase pou m' ta bese demare sapat ki nan pye li.
他传道说:有一位在我以后来的,能力比我更大,我就是弯腰给他解鞋带也是不配的。
Mwen menm, mwen batize nou nan dlo. Men li menm, la batize nou nan Sentespri a.
我是用水给你们施洗,他却要用圣灵给你们施洗。
Menm epòk sa a, Jezi te soti Nazarèt, yon bouk nan peyi Galile. Lè sa a, Jan te batize l' nan larivyè Jouden an.
那时,耶稣从加利利的拿撒勒来,在约旦河里受了约翰的洗。
Antan Jezi t'ap soti nan dlo a, li wè syèl la louvri, epi Lespri Bondye a desann sou li an fòm yon pijon.
他从水里一上来,就看见天裂开了,圣灵彷彿鸽子,降在他身上。
Li tande yon vwa ki soti nan syèl la ki di: -Ou se pitit mwen renmen anpil la. Ou fè kè m' kontan anpil.
又有声音从天上来,说:你是我的爱子,我喜悦你。
Touswit apre sa, Lespri Bondye a pouse Jezi al nan dezè a.
圣灵就把耶稣催到旷野里去。
Li rete la pandan karant jou, epi se la Satan vin tante l'. Jezi t'ap viv nan mitan bèt bwa yo, epi zanj Bondye yo t'ap okipe li.
他在旷野四十天,受撒但的试探,并与野兽同在一处,且有天使来伺候他。
Apre yo te fin mete Jan nan prizon, Jezi ale nan peyi Galile pou l' te fè konnen Bon Nouvèl Bondye voye a.
约翰下监以后,耶稣来到加利利,宣传 神的福音,
Li t'ap di yo konsa: -Jou a rive. Koulye a, Bondye ki wa nan syèl la ap vin pran pouvwa a nan men li. Tounen vin jwenn Bondye. Asepte Bon Nouvèl la.
说:日期满了, 神的国近了。你们当悔改,信福音!
Pandan Jezi t'ap mache bò lanmè Galile a, li wè de pechè pwason, Simon ak Andre, frè li a. Yo t'ap voye privye nan lanmè a.
耶稣顺著加利利的海边走,看见西门和西门的兄弟安得烈在海里撒网;他们本是打鱼的。
Jezi di yo konsa: -vin jwenn mwen. m'a fè nou tounen pechè moun pito.
耶稣对他们说:来跟从我,我要叫你们得人如得鱼一样。
Lamenm, yo kite privye yo, y' ale avèk li.
他们就立刻舍了网,跟从了他。
Jezi vanse pi lwen, li wè de pitit gason Zebede yo, Jak ak Jan, frè li. Yo te chita nan kannòt yo a, yo t'ap repare privye yo.
耶稣稍往前走,又见西庇太的儿子雅各和雅各的兄弟约翰在船上补网。
Lamenm, Jezi rele yo. Yo kite Zebede, papa yo, nan kannòt la ansanm ak ouvrye yo. Y' ale avèk Jezi.
耶稣随即招呼他们,他们就把父亲西庇太和雇工人留在船上,跟从耶稣去了。
Apre sa, Jezi ale ak disip li yo nan yon lavil yo rele Kapènawòm. Jou repo a, Jezi antre nan sinagòg la; li kòmanse moutre moun yo anpil bagay.
到了迦百农,耶稣就在安息日进了会堂教训人。
Yo te sezi tande sa l' t'ap moutre yo. Se pa t' menm jan avèk dirèktè lalwa yo, paske li te pale ak yo tankou yon moun ki otorize.
众人很希奇他的教训;因为他教训他们,正像有权柄的人,不像文士。
Lè sa a, yon nonm ki te gen yon move lespri sou li vin antre nan sinagòg la, li pran rele:
在会堂里,有一个人被污鬼附著。他喊叫说:
-ey Jezi, moun Nazarèt, kisa nou gen avè ou? Ou vin isit la pou detwi nou? Mwen konnen byen pwòp ki moun ou ye. Ou se moun Bondye chwazi a.
说拿撒勒人耶稣,我们与你有什么相干?你来灭我们么?我知道你是谁,乃是 神的圣者。
Jezi pale byen fò ak move lespri ki te sou nonm lan, li di li: -Pe la! Soti sou nonm sa a.
耶稣责备他说:不要作声!从这人身上出来吧。
Move lespri a souke nonm lan byen souke, li bay yon gwo rèl, epi li soti, li ale.
污鬼叫那人抽了一阵疯,大声喊叫,就出来了。
Tout moun yo te sitèlman sezi, yonn t'ap mande lòt: -Sa sa ye la a menm! Sa se yon lòt bagay l'ap moutre nou la a. Menm move lespri yo, li pase yo lòd ak otorite, yo obeyi li.
众人都惊讶,以致彼此对问说:这是什么事?是个新道理啊!他用权柄吩咐污鬼,连污鬼也听从了他。
Se tout moun ki t'ap nonmen non l' nan peyi Galile a.
耶稣的名声就传遍了加利利的四方。
Apre sa, yo soti kite sinagòg la, y' ale ansanm ak Jak ak Jan lakay Simon ak Andre.
他们一出会堂,就同著雅各、约翰,进了西门和安得烈的家。
Bèlmè Simon an te kouche ak lafyèv. Rive Jezi rive lakay la, yo di l' sa.
西门的岳母正害热病躺著,就有人告诉耶稣。
Lè sa a, li pwoche bò madanm lan, li pran men l', li fè l' leve. Latou, lafyèv la kite l', epi madanm lan resevwa yo.
耶稣进前拉著他的手,扶他起来,热就退了,他就服事他们。
Aswè, apre solèy fin kouche, yo mennen tout moun malad yo ansanm ak tou sa ki te gen move lespri sou yo bay Jezi.
天晚日落的时候,有人带著一切害病的,和被鬼附的,来到耶稣跟前。
Tout moun lavil la te sanble devan pòt kay la.
合城的人都聚集在门前。
Lè sa a, Jezi te geri anpil moun ki te soufri divès maladi; li te chase anpil move lespri. Men, li pa t' kite move lespri yo pale, paske yo te konnen ki moun li te ye.
耶稣治好了许多害各样病的人,又赶出许多鬼,不许鬼说话,因为鬼认识他。
Nan granmaten, byen bonè, li pa t' ankò fè klè, Jezi leve, li soti li kite lavil la, li al yon kote ki pa gen moun. La li t'ap lapriyè.
次日早晨,天未亮的时候,耶稣起来,到旷野地方去,在那里祷告。
Simon ak lòt zanmi l' yo soti, yo t'ap chache Jezi.
西门和同伴追了他去,
Lè yo jwenn li, yo di l' konsa: -Tout moun ap chache ou wi.
遇见了就对他说:众人都找你。
Men li reponn yo: -Ann al yon lòt kote, nan lòt bouk yo nan vwazinaj la. Fòk mwen fè yo konnen mesaj la tou. Se pou sa menm mwen vini.
耶稣对他们说:我们可以往别处去,到邻近的乡村,我也好在那里传道,因为我是为这事出来的。
Se konsa li te ale toupatou nan peyi Galile, li t'ap mache bay mesaj la nan sinagòg yo, li t'ap chase move lespri yo.
于是在加利利全地,进了会堂,传道,赶鬼。
Yon nonm ki te gen lalèp vin jwenn Jezi; li tonbe ajenou devan li, li mande l' sekou; li di l' konsa: -Si ou vle, ou kapab geri mwen.
有一个长大痲疯的来求耶稣,向他跪下,说:你若肯,必能叫我洁净了。
Kè Jezi fè l' mal, li lonje men l', li manyen nonm lan, li di li: -Wi, mwen vle ou geri.
耶稣动了慈心,就伸手摸他,说:我肯,你洁净了吧!
Menm lè a, lalèp la kite l', li geri, li te nan kondisyon pou fè sèvis Bondye.
大痲疯即时离开他,他就洁净了。
Apre sa, Jezi voye l' ale, li pase l' lòd byen sevè.
耶稣严严的嘱咐他,就打发他走,
Li di l' konsa: -Piga ou pale sa ak pesonn. Men, al fè prèt la wè ki jan ou ye. Apre sa, wa ofri sa Moyiz te bay lòd pou ofri a. Konsa wa bay tout moun prèv ou geri.
对他说:你要谨慎,什么话都不可告诉人,只要去把身体给祭司察看,又因为你洁净了,献上摩西所吩咐的礼物,对众人作证据。
Men, nonm lan pati, li pran mache fè konnen bagay la toupatou. Li sitèlman gaye nouvèl la, Jezi pa t' kapab antre ankò nan okenn lavil pou moun pa t' wè li. Li te pito rete andeyò, kote ki pa gen moun. Men, moun te soti toupatou vin jwenn li.
那人出去,倒说许多的话,把这件事传扬开了,叫耶稣以后不得再明明的进城,只好在外边旷野地方。人从各处都就了他来。