Luke 18

Jezi rakonte yo parabòl sa a pou l' te moutre yo nesesite pou yo toujou lapriyè san yo pa janm dekouraje:
耶稣设一个比喻,是要人常常祷告,不可灰心。
Vwala, se te yon jij ki te rete nan yon lavil; li pa t' pè Bondye ni li pa t' respekte pesonn.
说:某城里有一个官,不惧怕 神,也不尊重世人。
Nan menm lavil sa a, te gen yon vèv ki te konn vin bò kot jij la. Vèv la te toujou ap di li: Rann mwen jistis kont moun ki nan kont avè m' lan non.
那城里有个寡妇,常到他那里,说:我有一个对头,求你给我伸冤。
Pandan lontan jij la te refize fè sa pou li. Men, yon lè li di nan kè l': Se vre, mwen pa pè Bondye, ni mwen pa rete ak moun.
他多日不准。后来心里说:我虽不惧怕 神,也不尊重世人,
Men, fanm sa a ap plede nwi mwen. M'ap rann li jistis, konsa la sispann anbete mwen.
只因这寡妇烦扰我,我就给她伸冤吧,免得她常来缠磨我!
Jezi di: Nou tande sa move jij la di!
主说:你们听这不义之官所说的话。
Bon! Eske Bondye pa ta regle zafè pitit li yo, moun li menm li chwazi yo, lè y'ap rele nan pye l' lajounen kou lannwit? Eske l'ap pran anpil tan pou l' ede yo?
 神的选民昼夜呼籲他,他纵然为他们忍了多时,岂不终久给他们伸冤吗?
M'ap di nou sa: L'ap regle zafè yo vit vit. Men, lè Moun Bondye voye nan lachè a va vini, èske la jwenn moun ki gen konfyans nan Bondye ankò sou latè?
我告诉你们,要快快的给他们伸冤了。然而,人子来的时候,遇得见世上有信德吗?
Jezi di parabòl sa a pou moun ki te kwè yo bon devan Bondye epi ki t'ap meprize lòt moun:
耶稣向那些仗著自己是义人,藐视别人的,设一个比喻,
Dezòm moute nan tanp lan al lapriyè. Yonn te yon farizyen, lòt la yon pèseptè kontribisyon.
说:有两个人上殿里去祷告:一个是法利赛人,一个是税吏。
Farizyen an te kanpe apa, li t'ap lapriyè konsa: Bondye, m'ap di ou mèsi dapre mwen pa vòlò, ni visye, ni adiltè tankou lòt yo; mèsi dapre mwen pa tankou pèseptè kontribisyon sa a.
法利赛人站著,自言自语的祷告说: 神啊,我感谢你,我不像别人勒索、不义、奸淫,也不像这个税吏。
Chak senmenn mwen pase de jou ap fè jèn, mwen bay ladim nan tou sa mwen genyen.
我一个礼拜禁食两次,凡我所得的都捐上十分之一。
Pèseptè kontribisyon an menm te rete dèyè, li pa t' menm gen kouraj leve je l' nan syèl; li t'ap bat lestonmak li, li t'ap di: Bondye, gen pitye pou mwen ki fè anpil peche.
那税吏远远的站著,连举目望天也不敢,只捶著胸说: 神啊,开恩可怜我这个罪人!
Lè sa a, Jezi di yo: M'ap di nou sa, se pa farizyen an non, men se pèseptè kontribisyon an ki tounen lakay li ak padon Bondye. Paske, yon moun ki vle leve tèt li, y'a desann li, yon moun ki desann tèt li, y'a leve li.
我告诉你们,这人回家去比那人倒算为义了;因为,凡自高的,必降为卑;自卑的,必升为高。
Yo te mennen ata tibebe bay Jezi pou l' te mete men sou tèt yo. Lè disip yo wè sa, yo t'ap di moun yo pa fè sa.
有人抱著自己的婴孩来见耶稣,要他摸他们;门徒看见就责备那些人。
Men, Jezi rele timoun yo vin jwenn li, li di: Kite timoun yo vin jwenn mwen. Pa anpeche yo vini, paske peyi kote Bondye Wa a, se pou tout moun ki tankou timoun sa yo li ye.
耶稣却叫他们来,说:让小孩子到我这里来,不要禁止他们;因为在 神国的正是这样的人。
Sa m'ap di nou la a, se vre wi: si yon moun pa asepte otorite Bondye a tankou yon timoun, li p'ap janm mete pye l' nan peyi kote Bondye Wa a.
我实在告诉你们,凡要承受 神国的,若不像小孩子,断不能进去。
Yonn nan chèf jwif yo mande Jezi: Bon Mèt, kisa pou m' fè pou m' resevwa lavi ki p'ap janm fini an?
有一个官问耶稣说:良善的夫子,我该做什么事才可以承受永生?
Jezi di li: Poukisa ou rele m' bon? Se yon sèl bon ki genyen, se Bondye.
耶稣对他说:你为什么称我是良善的?除了 神一位之外,再没有良善的。
Ou konn kòmandman yo: Piga ou fè adiltè, piga ou touye moun, piga ou vòlò, piga ou fè manti sou moun, respekte papa ou ak manman ou.
诫命你是晓得的:不可奸淫;不可杀人;不可偷盗;不可作假见证;当孝敬父母。
Nonm lan reponn: Mwen swiv tout bagay sa yo depi m' te tikatkat.
那人说:这一切我从小都遵守了。
Lè Jezi tande sa, li di l': Ou manke yon bagay toujou: vann tou sa ou genyen, separe lajan an bay pòv. Apre sa, wa gen yon richès nan syèl la. Epi vin swiv mwen.
耶稣听见了,就说:你还缺少一件:要变卖你一切所有的,分给穷人,就必有财宝在天上;你还要来跟从我。
Men, pawòl sa a te fè nonm lan lapenn anpil paske li te gen anpil byen.
他听见这话,就甚忧愁,因为他很富足。
Jezi wè jan sa te fè nonm lan lapenn, li di konsa: Sa ap difisil nèt pou moun rich antre nan peyi kote Bondye Wa a.
耶稣看见他,就说:有钱财的人进 神的国是何等的难哪!
L'ap pi fasil pou gwo bèt yo rele chamo a pase nan je yon zegwi pase pou yon rich antre nan peyi kote Bondye Wa a.
骆驼穿过针的眼比财主进 神的国还容易呢!
Moun ki t'ap koute l' yo di l': Nan kondisyon sa a, ki moun ki ka sove?
听见的人说:这样,谁能得救呢?
Jezi reponn yo: Sa lèzòm pa ka fè, Bondye ka fè li.
耶稣说:在人所不能的事,在 神却能。
Lè sa a, Pyè di l': Tande, men nou kite tou sa nou te genyen pou nou swiv ou.
彼得说:看哪,我们已经撇下自己所有的跟从你了。
Jezi di yo: Sa m'ap di nou la a, se vre wi: Nenpòt moun ki kite kay li, osinon madanm li, osinon frè l', osinon papa l' ak manman l', osinon pitit li poutèt peyi kote Bondye Wa a,
耶稣说:我实在告诉你们,人为 神的国撇下房屋,或是妻子、弟兄、父母、儿女,
moun sa a gen pou l' resevwa plis pase sa depi nan tan sa a, epi nan tan k'ap vini apre sa a li gen pou l' resevwa lavi ki p'ap janm fini an.
没有在今世不得百倍,在来世不得永生的。
Jezi pran douz disip yo apa, li di yo: Tande, men n'ap moute Jerizalèm kote tou sa pwofèt yo te ekri sou Moun Bondye voye nan lachè a pral rive.
耶稣带著十二个门徒,对他们说:看哪,我们上耶路撒冷去,先知所写的一切事都要成就在人子身上。
Yo pral lage l' nan men moun lòt nasyon yo, y'a pase l' nan rizib, y'a joure l', y'a krache sou li.
他将要被交给外邦人,他们要戏弄他,凌辱他,吐唾沫在他脸上,
Apre sa, y'a bat li byen bat, y'a touye l'; men sou twa jou la leve soti vivan nan lanmò.
并要鞭打他,杀害他;第三日他要复活。
Men, disip yo pa t' konprann anyen nan sa; sans pawòl la te kache pou yo, yo pa t' kapab konnen sa Jezi t'ap di yo konsa.
这些事门徒一样也不懂得,意思乃是隐藏的;他们不晓得所说的是什么。
Lè sa a, Jezi te prèt pou antre Jeriko; te gen yon nonm avèg chita bò chemen an ki t'ap mande charite.
耶稣将近耶利哥的时候,有一个瞎子坐在路旁讨饭。
Lè l' tande foul moun yo ap pase, li mande sak genyen.
听见许多人经过,就问是什么事。
Yo di li: Se Jezi, moun Nazarèt la, k'ap pase.
他们告诉他,是拿撒勒人耶稣经过。
Li pran rele: Jezi, pitit David la, pitye pou mwen.
他就呼叫说:大卫的子孙耶稣啊,可怜我吧!
Moun ki t'ap mache devan yo t'ap kouri dèyè l' pou te fè l' pe bouch li. Men, li t'ap rele pi rèd: Pitit David la, pitye pou mwen.
在前头走的人就责备他,不许他作声;他却越发喊叫说:大卫的子孙,可怜我吧!
Jezi rete, li bay lòd pou yo mennen l' ba li. Lè avèg la pwoche, Jezi mande li:
耶稣站住,吩咐把他领过来,到了跟前,就问他说:
Kisa ou vle m' fè pou ou? Li reponn: Mèt, fè m' wè ankò.
你要我为你做什么?他说:主啊,我要能看见。
Epi Jezi di li: Wè non. Se konfyans ou nan Bondye ki geri ou.
耶稣说:你可以看见!你的信救了你了。
Menm lè a, avèg la wè. Apre sa, li t'ap swiv Jezi. Li t'ap fè lwanj Bondye. Lè pèp la wè sa, yo tout pran fè lwanj Bondye tou.
瞎子立刻看见了,就跟随耶稣,一路归荣耀与 神。众人看见这事,也讚美 神。