Leviticus 4

Seyè a pale ak Moyiz, li di l' konsa:
耶和华对摩西说:
-Men sa pou ou di moun pèp Izrayèl yo: Si yon moun fè yon peche san li pa konnen, si li pa swiv lòd Seyè a bay epi li fè sa l' pa t' dwe fè, men sa pou yo fè l':
「你晓谕以色列人说:若有人在耶和华所吩咐不可行的什么事上误犯了一件,
Si se granprèt la ki fè yon peche konsa epi ki lakòz tout pèp la ap sibi chatiman, granprèt la va mennen yon ti towo bèf san ankenn enfimite, l'a ofri l' bay Seyè a pou peche l' la.
或是受膏的祭司犯罪,使百姓陷在罪里,就当为他所犯的罪把没有残疾的公牛犊献给耶和华为赎罪祭。
L'a mennen towo a devan pòt Tant Randevou a, l'a mete men l' sou tèt towo a, epi l'a touye l' la devan Seyè a.
他要牵公牛到会幕门口,在耶和华面前按手在牛的头上,把牛宰于耶和华面前。
Apre sa, granprèt la va pran ti gout nan san towo a, l'a pote l' anba Tant Randevou a,
受膏的祭司要取些公牛的血带到会幕,
l'a tranpe dwèt li nan san an, epi l'a voye san an sèt fwa devan rido kote ki apa pou Seyè a.
把指头蘸于血中,在耶和华面前对著圣所的幔子弹血七次,
Apre sa, l'a pran ti gout nan san an, l'a mete l' sou kat kòn lotèl lansan an ki anndan Tant Randevou a. L'a vide rès san an nan pye lotèl kote yo boule bèt yo ofri yo, ki bò pòt kote yo antre nan tant lan.
又要把些血抹在会幕内、耶和华面前香坛的四角上,再把公牛所有的血倒在会幕门口、燔祭坛的脚那里。
Apre sa, l'a wete tout grès ki nan towo yo te ofri pou peche a. Y'a wete tout grès ki vlope tripay la,
要把赎罪祭公牛所有的脂油,乃是盖脏的脂油和脏上所有的脂油,
de wonyon yo ak tout grès ki sou yo a, ansanm ak mas grès ki sou fwa a.
并两个腰子和腰子上的脂油,就是靠腰两旁的脂油,与肝上的网子和腰子,一概取下,
L'a wete yo menm jan yo fè sa lè y'ap fè ofrann bèt pou di Bondye mèsi. Prèt la va boule tout grès la sou lotèl ki la pou boule kalite ofrann bèt sa yo.
与平安祭公牛上所取的一样;祭司要把这些烧在燔祭的坛上。
Men, l'a pran po towo a ansanm ak tout vyann lan, tèt la, pye yo, tout tripay la avèk tout poupou a ladan l'.
公牛的皮和所有的肉,并头、腿、脏、腑、粪,
Wi, l'a pran tout rès towo a, l'a fè yo pote l' andeyò limit kote yo rete a. Lè y'a rive kote ki rezève pou jete sann lotèl yo, y'a fè yon dife bwa, y'a boule rès towo a sou li. Wi, kote yo jete sann dife a, se la pou yo boule vyann towo a.
就是全公牛,要搬到营外洁净之地、倒灰之所,用火烧在柴上。
Si se tout pèp Izrayèl la ki fè peche san yo pa fè espre, si yo antò devan Bondye paske, san yo pa konnen, yo fè yon bagay Seyè a te ba yo lòd pou yo pa fè,
「以色列全会众若行了耶和华所吩咐不可行的什么事,误犯了罪,是隐而未现,会众看不出来的,
lè y'a vin wè yo te fè yon peche, y'a mennen yon jenn towo, y'a ofri l' bay Bondye pou l' ka wete peche yo a. Y'a mennen l' devan Tant Randevou a.
会众一知道所犯的罪就要献一只公牛犊为赎罪祭,牵到会幕前。
Lè y'a rive la, chèf fanmi pèp Izrayèl yo va mete men yo sou tèt towo a, epi y'a touye l' la devan lotèl Seyè a.
会中的长老就要在耶和华面前按手在牛的头上,将牛在耶和华面前宰了。
Granprèt la va pran ti gout nan san towo a, l'a pote l' anndan Tant Randevou a.
受膏的祭司要取些公牛的血带到会幕,
L'a tranpe dwèt li nan san an sèt fwa, l'a voye l' sèt fwa sou devan rido kote ki apa pou Seyè a.
把指头蘸于血中,在耶和华面前对著幔子弹血七次,
Apre sa, l'a pran ti gout nan san an, l'a mete l' sou kat kòn lotèl ki devan Seyè a, anndan Tant Randevou a. L'a vide rès san an nan pye lotèl kote yo boule bèt yo ofri yo, lotèl ki bò pòt kote yo antre nan tant lan.
又要把些血抹在会幕内、耶和华面前坛的四角上,再把所有的血倒在会幕门口、燔祭坛的脚那里。
Apre sa, l'a pran tout grès towo a, l'a boule l' sou lotèl la.
把牛所有的脂油都取下,烧在坛上;
Menm sa li gen pou l' fè pou towo li ta ofri pou pwòp peche li fè, l'a fè l' pou towo sa a tou. Konsa, prèt la va fè ofrann bèt pou peche pèp la te fè san yo pa konnen an, epi Bondye va padonnen peche yo a.
收拾这牛,与那赎罪祭的牛一样。祭司要为他们赎罪,他们必蒙赦免。
Lèfini, l'a pran rès towo a, l'a pote l' andeyò limit kote yo rete a, l'a boule l' menm jan li gen pou l' boule towo li ta ofri pou pwòp peche li fè. Se sa yo rele ofrann bèt yo fè pou wete peche tout pèp la te fè san li pa konnen.
他要把牛搬到营外烧了,像烧头一个牛一样;这是会众的赎罪祭。
Si se yon chèf ki fè peche, ki rive antò devan Bondye li a paske, san li pa fè espre, li pa swiv yonn nan lòd Seyè a te bay la,
「官长若行了耶和华─他 神所吩咐不可行的什么事,误犯了罪,
rive li rive konnen sa l' fè a pa bon, se pou l' mennen yon ti bouk kabrit ki pa gen ankenn enfimite, l'a ofri l' pou yo touye l' bay Seyè a.
所犯的罪自己知道了,就要牵一只没有残疾的公山羊为供物,
L'a mete men l' sou tèt kabrit la, l'a touye l' sou bò nò lotèl la, kote yo konn touye bèt yo ofri pou boule nèt pou Seyè a. Se sa yo rele yon ofrann bèt pou wete peche moun fè san yo pa konnen.
按手在羊的头上,宰于耶和华面前、宰燔祭牲的地方;这是赎罪祭。
Prèt la va tranpe dwèt li nan san bèt yo ofri pou peche a, l'a mete san sou kat kòn lotèl kote yo boule bèt yo ofri bay Bondye yo, l'a vide rès san an nan pye lotèl la.
祭司要用指头蘸些赎罪祭牲的血,抹在燔祭坛的四角上,把血倒在燔祭坛的脚那里。
Apre sa, l'a boule tout grès la sou lotèl la, menm jan yo fè l' pou grès bèt yo ofri pou di Bondye mèsi a. Se konsa prèt la va fè ofrann bèt pou wete peche chèf la te fè san li pa konnen an, epi Bondye va padonnen l' sa.
所有的脂油,祭司都要烧在坛上,正如平安祭的脂油一样。至于他的罪,祭司要为他赎了,他必蒙赦免。
Si se nenpòt lòt moun nan pèp la ki fè peche san li pa fè espre, ki vle di li antò paske li fè yon bagay Seyè a te bay lòd pa fè men li fè l' san l' pa konnen,
「民中若有人行了耶和华所吩咐不可行的什么事,误犯了罪,
rive moun sa a rive konnen sa l' fè a pa bon, se pou l' mennen yon fenmèl kabrit ki pa gen ankenn enfimite, l'a ofri l' pou yo touye l' bay Seyè a pou peche li a.
所犯的罪自己知道了,就要为所犯的罪牵一只没有残疾的母山羊为供物,
L'a mete men l' sou tèt kabrit la, l'a touye l' sou bò nò lotèl la, kote yo konn touye bèt yo ofri pou boule nèt pou Seyè a.
按手在赎罪祭牲的头上,在那宰燔祭牲的地方宰了。
Prèt la va tranpe dwèt li nan san bèt yo ofri a, l'a mete san sou kat kòn lotèl kote yo boule bèt yo ofri bay Bondye yo, l'a vide rès san an nan pye lotèl la.
祭司要用指头蘸些羊的血,抹在燔祭坛的四角上,所有的血都要倒在坛的脚那里,
Lèfini, l'a wete tout grès la, menm jan yo fè l' pou bèt yo ofri pou di Bondye mèsi a, y'a boule l' sou lotèl la pou fè Bondye plezi ak bon sant li. Se konsa prèt la va fè ofrann bèt pou wete peche moun lan te fè san li pa t' konnen an, epi Bondye va padonnen l' sa.
又要把羊所有的脂油都取下,正如取平安祭牲的脂油一样。祭司要在坛上焚烧,在耶和华面前作为馨香的祭,为他赎罪,他必蒙赦免。
Si se yon ti mouton moun lan ap ofri pou wete peche li fè a, se yon ti fenmèl ki pa gen ankenn enfimite pou l' mennen.
「人若牵一只绵羊羔为赎罪祭的供物,必要牵一只没有残疾的母羊,
L'a mete men l' sou tèt bèt li ofri pou wete peche li a, l'a touye l' sou bò nò lotèl la, kote yo konn touye bèt yo ofri pou boule nèt pou Seyè a.
按手在赎罪祭牲的头上,在那宰燔祭牲的地方宰了作赎罪祭。
Prèt la va tranpe dwèt li nan san bèt yo ofri a, l'a mete san sou kat kòn lotèl kote yo boule bèt yo ofri bay Bondye yo, epi l'a vide rès san an nan pye lotèl la.
祭司要用指头蘸些赎罪祭牲的血,抹在燔祭坛的四角上,所有的血都要倒在坛的脚那里,
Apre sa, l'a wete tout grès la, menm jan yo fè l' pou mouton yo ofri pou di Bondye mèsi a, l'a boule l' sou lotèl la ansanm ak lòt ofrann y'ap boule pou Seyè a. Se konsa prèt la va fè ofrann bèt pou wete peche moun lan te fè san l' pa t' konnen an, epi Bondye va padonnen l' sa.
又要把所有的脂油都取下,正如取平安祭羊羔的脂油一样。祭司要按献给耶和华火祭的条例,烧在坛上。至于所犯的罪,祭司要为他赎了,他必蒙赦免。