Leviticus 21

Seyè a di Moyiz konsa: -Pale ak pitit Arawon yo, prèt yo. W'a di yo konsa: Lè yon prèt gen yon moun mouri nan fanmi l', piga li patisipe nan ankenn seremoni yo fè pou mò, pou sa pa mete l' nan kondisyon pou l' pa ka fè sèvis Bondye,
耶和华对摩西说:「你告诉亚伦子孙作祭司的说:祭司不可为民中的死人沾染自己,
esepte pou fanmi pre anpil tankou manman, papa, pitit fi, pitit gason, frè.
除非为他骨肉之亲的父母、儿女、弟兄,
Pou yon sè, si sè a poko fè zafè, li gen dwa mete tèt li nan kondisyon pou l' pa ka fè sèvis Bondye.
和未曾出嫁、作处女的姊妹,才可以沾染自己。
Yon prèt pa gen dwa mete tèt li nan kondisyon pou l' pa ka fè sèvis Bondye lè se yon sè li ki deja marye ki mouri.
祭司既在民中为首,就不可从俗沾染自己。
Prèt yo pa gen dwa kale ankenn pati nan tèt yo, ni yo pa gen dwa taye pwent bab yo, ni yo pa gen dwa make kò yo avèk kouto, pou fè wè yo gen moun mouri.
不可使头光秃;不可剃除胡须的周围,也不可用刀划身。
Se pou yo viv apa nèt pou Bondye yo. Yo pa dwe derespekte non mwen. Paske se yo menm k'ap mete nan dife ofrann yo fè pou Seyè a, se manje Bondye y'ap ofri. Se pou yo toujou rete apa pou mwen.
要归 神为圣,不可亵渎 神的名;因为耶和华的火祭,就是 神的食物,是他们献的,所以他们要成为圣。
Yon prèt pa gen dwa marye ni ak yon fanm ki t'ap fè jennès, ni ak yon fanm ki konn gason deja, ni ak yon fanm mari l' kite l', paske yo mete yo apa pou fè sèvis mwen.
不可娶妓女或被污的女人为妻,也不可娶被休的妇人为妻,因为祭司是归 神为圣。
Tout moun dwe konsidere prèt yo tankou moun yo mete apa pou Bondye, paske se yo menm k'ap fè ofrann pou Bondye nou an. Mwen menm Seyè a, mwen yon Bondye apa. Se mwen k'ap fè nou viv apa pou mwen. Wi, se pou nou konsidere prèt yo tankou moun yo mete apa pou Bondye.
所以你要使他成圣,因为他奉献你 神的食物;你要以他为圣,因为我─使你们成圣的耶和华─是圣的。
Si pitit fi yon prèt tonbe nan fè jennès, l'ap avili papa l', y'a boule l' nan dife pou touye l'.
祭司的女儿若行淫辱没自己,就辱没了父亲,必用火将她焚烧。
Granprèt la, se chèf li ye nan mitan tout prèt yo. Se moun yo te vide lwil sou tèt li a, moun yo te mete apa pou mete rad prèt la sou li a. Li pa fèt ni pou kite tèt li san penyen, ni pou l' chire rad sou li lè li gen moun mouri.
「在弟兄中作大祭司、头上倒了膏油、又承接圣职,穿了圣衣的,不可蓬头散发,也不可撕裂衣服。
Yo mete kouwòn mwen sou tèt li, yo vide lwil sou tèt li pou mete l' apa pou mwen. Li pa fèt pou l' fè bagay ki pou mete l' nan kondisyon pou li pa ka fè sèvis Bondye, pou l' derespekte kay yo mete apa pou Bondye a.
不可挨近死尸,也不可为父母沾染自己。
Li pa fèt pou l' kite kay Bondye a pou l' al antre nan yon kay kote gen kadav moun mouri, menm si se papa l' osinon manman l' ki mouri a. Se mwen menm ki Seyè a!
不可出圣所,也不可亵渎 神的圣所,因为 神膏油的冠冕在他头上。我是耶和华。
Granprèt la va marye ak yon jenn fi ki tifi.
他要娶处女为妻。
Li p'ap pran pou madanm yon fanm vèv, ni yon fanm divòse, ni yon fanm ki konn gason deja, osinon yon fanm ki t'ap fè jennès. Se sèlman yon jenn fi ki soti nan menm branch fanmi avè l' pou li pran pou madanm.
寡妇或是被休的妇人,或是被污为妓的女人,都不可娶;只可娶本民中的处女为妻。
Sinon, pitit li yo va yon wont pou fanmi an. Se mwen menm, Seyè a, ki mete li apa pou sèvis mwen.
不可在民中辱没他的儿女,因为我是叫他成圣的耶和华。」
Seyè a pale ak Moyiz, li di l' konsa:
耶和华对摩西说:
-Pale ak Arawon, w'a di li: Si gen yon moun nan fanmi ou ki gen yon enfimite, li p'ap janm ka pwoche pou l' fè ofrann manje pou Bondye li. Regleman sa a ou fèt pou swiv li tout tan de pitit an pitit.
「你告诉亚伦说:你世世代代的后裔,凡有残疾的,都不可近前来献他 神的食物。
Ankenn gason enfim pa gen dwa prezante ofrann bay Bondye, kit li avèg, kit li bwete, kit li domaje nan figi, kit li difòm,
因为凡有残疾的,无论是瞎眼的、瘸腿的、塌鼻子的、肢体有余的、
kit li enfim nan men osinon nan pye,
折脚折手的、
kit li gen boul nan do, kit li rachitik, kit li malad nan je, kit li gen maladi po, kit grenn li kraze.
驼背的、矮矬的、眼睛有毛病的、长癣的、长疥的,或是损坏肾子的,都不可近前来。
Depi yon gason nan ras prèt Arawon an enfim yon kote nan kò li, li p'ap ka pwoche pou fè ofrann pou boule nan dife pou Seyè a. Wi, si li gen yon enfimite, li p'ap ka pwoche devan Bondye pou fè ofrann pou li.
祭司亚伦的后裔,凡有残疾的,都不可近前来,将火祭献给耶和华。他有残疾,不可近前来献 神的食物。
Yon nonm konsa ka toujou manje nan manje yo ofri ban mwen, kit se nan manje yo ofri m' lan osinon nan manje yo mete apa pou mwen an.
 神的食物,无论是圣的,至圣的,他都可以吃。
Men, li pa gen dwa pwoche bò rido a ni vin bò lotèl la paske li enfim nan kò l'. Li pa fèt pou derespekte bagay ki apa pou mwen yo paske se mwen menm Seyè a ki mete yo apa pou mwen.
但不可进到幔子前,也不可就近坛前;因为他有残疾,免得亵渎我的圣所。我是叫他成圣的耶和华。」
Se konsa, Moyiz pale ak Arawon, ak pitit gason l' yo ansanm ak tout moun pèp Izrayèl yo, li di yo tou sa.
于是,摩西晓谕亚伦和亚伦的子孙,并以色列众人。