Leviticus 15

Seyè a pale ak Moyiz ansanm ak Arawon, li di yo konsa:
耶和华对摩西、亚伦说:
-Pale ak pèp Izrayèl la, di yo pou mwen: Lè yon nonm gen ekoulman, li pa nan kondisyon pou fè sèvis Bondye.
「你们晓谕以色列人说:人若身患漏症,他因这漏症就不洁净了。
Kit ekoulman an ap koule, kit li bloke ti pati li, nonm lan pa nan kondisyon pou fè sèvis Bondye.
他患漏症,无论是下流的,是止住的,都是不洁净。
Moun k'ap sèvi Bondye pa ka sèvi ak kabann kote moun malad la kouche ni ak bagay kote l' te chita.
他所躺的床都为不洁净,所坐的物也为不洁净。
Tout moun ki manyen kabann lan gen pou lave rad ki sou yo, yo gen pou yo benyen nan gwo dlo, epi yo p'ap nan kondisyon pou fè sèvis Bondye jouk aswè.
凡摸那床的,必不洁净到晚上,并要洗衣服,用水洗澡。
Konsa tou, tout moun ki chita sou bagay kote li te chita gen pou lave rad ki sou yo, pou yo benyen nan gwo dlo epi yo p'ap nan kondisyon pou fè sèvis Bondye jouk aswè.
那坐患漏症人所坐之物的,必不洁净到晚上,并要洗衣服,用水洗澡。
Tout moun ki manyen yon moun ki gen ekoulman gen pou yo lave rad ki sou yo, pou yo benyen nan gwo dlo epi yo p'ap nan kondisyon pou fè sèvis Bondye jouk aswè.
那摸患漏症人身体的,必不洁净到晚上,并要洗衣服,用水洗澡。
Si nonm malad la krache sou yon moun ki te nan kondisyon pou fè sèvis Bondye, moun sa a gen pou l' lave rad ki te sou li a, li gen pou l' benyen nan gwo dlo epi li p'ap nan kondisyon pou fè sèvis Bondye jouk aswè.
若患漏症人吐在洁净的人身上,那人必不洁净到晚上,并要洗衣服,用水洗澡。
Si nonm malad la moute sou yon sèl chwal, moun ki nan kondisyon pou fè sèvis Bondye pa ka sèvi avèk sèl la.
患漏症人所骑的鞍子也为不洁净。
Tout moun ki manyen nenpòt bagay kote nonm lan te chita a p'ap nan kondisyon pou fè sèvis Bondye jouk aswè. Tout moun ki va pran nenpòt bagay kote nonm lan te chita a pou yo pote l' ak men yo, yo gen pou lave rad sou yo, pou yo benyen nan gwo dlo epi yo p'ap nan kondisyon pou fè sèvis Bondye jouk aswè.
凡摸了他身下之物的,必不洁净到晚上;拿了那物的,必不洁净到晚上,并要洗衣服,用水洗澡。
Si yon nonm ki gen ekoulman manyen yon moun san li pa lave men l' anvan, moun sa a gen pou lave rad ki sou li, li gen pou l' benyen nan gwo dlo epi li p'ap nan kondisyon pou l' fè sèvis Bondye jouk aswè.
患漏症的人没有用水涮手,无论摸了谁,谁必不洁净到晚上,并要洗衣服,用水洗澡。
Depi nonm malad la manyen yon veso fèt an tè, se pou yo kraze veso a. Men, si veso a fèt an bwa, y'a lave l' nan gwo dlo.
患漏症人所摸的瓦器就必打破;所摸的一切木器也必用水涮洗。
Apre nonm ki te gen ekoulman an fin geri, li gen pou l' tann sèt jou anvan li fè sèvis ki pou mete l' nan kondisyon pou fè sèvis Bondye. Lè sa a, l'a lave rad ki sou li, l'a benyen nan dlo dous. Se konsa l'a vin nan kondisyon pou fè sèvis Bondye ankò.
「患漏症的人痊癒了,就要为洁净自己计算七天,也必洗衣服,用活水洗身,就洁净了。
Sou wityèm jou a, l'a pran de toutrèl osinon de pijon, l'a pote yo bay prèt la devan pòt Tant Randevou a.
第八天,要取两只斑鸠或是两只雏鸽,来到会幕门口、耶和华面前,把鸟交给祭司。
Prèt la va ofri yonn ladan yo pou wete peche li yo, lòt la pou yo boule nèt pou Seyè a. Se konsa l'a fè sèvis pou mande Bondye padon pou ekoulman nonm lan te genyen an.
祭司要献上一只为赎罪祭,一只为燔祭;因那人患的漏症,祭司要在耶和华面前为他赎罪。
Lè yon nonm voye sou li, se pou li lave tout kò l' nan dlo epi li p'ap nan kondisyon pou fè sèvis Bondye jouk aswè.
「人若梦遗,他必不洁净到晚上,并要用水洗全身。
Depi dechay la tonbe sou yon bagay fèt an twal osinon an po, se pou yo lave bagay sa yo, epi moun ki nan kondisyon pou fè sèvis Bondye p'ap ka sèvi ak bagay sa yo jouk aswè.
无论是衣服是皮子,被精所染,必不洁净到晚上,并要用水洗。
Lè yon nonm kouche ak yon fanm epi li voye anndan l', tou de gen pou benyen nan gwo dlo, epi yo p'ap nan kondisyon pou fè sèvis Bondye jouk aswè.
若男女交合,两个人必不洁净到晚上,并要用水洗澡。
Lè yon fanm gen règ li, li p'ap nan kondisyon pou fè sèvis Bondye pandan sèt jou. Tout moun ki manyen l' pandan sèt jou sa yo p'ap nan kondisyon tou pou fè sèvis Bondye jouk aswè.
「女人行经,必污秽七天;凡摸她的,必不洁净到晚上。
Lè konsa, moun k'ap sèvi Bondye pa ka sèvi ak kabann kote l' kouche ni ak bagay li te sèvi pou l' chita.
女人在污秽之中,凡她所躺的物件都为不洁净,所坐的物件也都不洁净。
Lè yon moun manyen kabann yon fanm konsa, li gen pou l' lave rad ki sou li, l'a benyen nan gwo dlo, epi li p'ap nan kondisyon pou fè sèvis Bondye jouk aswè.
凡摸她床的,必不洁净到晚上,并要洗衣服,用水洗澡。
Si yon moun manyen yon bagay fanm lan te sèvi pou l' chita, li gen pou l' lave rad ki sou li, l'a benyen nan gwo dlo epi li p'ap nan kondisyon pou l' fè sèvis Bondye jouk aswè.
凡摸她所坐什么物件的,必不洁净到晚上,并要洗衣服,用水洗澡。
Wi, depi se kabann fanm lan osinon yon bagay fanm lan sèvi pou l' chita yon moun manyen, moun sa a p'ap nan kondisyon pou fè sèvis Bondye jouk aswè.
在女人的床上,或在她坐的物上,若有别的物件,人一摸了,必不洁净到晚上。
Si yon nonm kouche ak yon fanm ki gen règ li epi li sal ak san, li p'ap nan kondisyon pou l' fè sèvis Bondye pandan sèt jou. Depi li kouche sou yon kabann, moun k'ap sèvi Bondye p'ap ka sèvi ak kabann sa a.
男人若与那女人同房,染了她的污秽,就要七天不洁净;所躺的床也为不洁净。
Si yon fanm gen règ li pandan plizyè jou lè li pa nan peryòd li, osinon si règ li kontinye koule kèk jou apre peryòd li pase, se va menm jan an tou. Li p'ap nan kondisyon pou l' fè sèvis Bondye pandan tout jou san an ap koule a, tankou lè l' gen règ li nòmal.
「女人若在经期以外患多日的血漏,或是经期过长,有了漏症,她就因这漏症不洁净,与她在经期不洁净一样。
Lè sa a, moun k'ap sèvi Bondye pa ka sèvi ni ak kabann kote l' kouche ni ak bagay li sèvi pou l' chita.
她在患漏症的日子所躺的床、所坐的物都要看为不洁净,与她月经的时候一样。
Si yon moun manyen yonn nan bagay sa yo, li p'ap nan kondisyon pou l' fè sèvis Bondye, l'a gen pou l' lave rad ki sou li, pou l' benyen nan gwo dlo epi li p'ap nan kondisyon pou l' fè sèvis Bondye jouk aswè.
凡摸这些物件的,就为不洁净,必不洁净到晚上,并要洗衣服,用水洗澡。
Lè san an va sispann koule, fanm lan va tann sèt jou. Se apre sa l'a nan kondisyon pou l' fè sèvis Bondye.
女人的漏症若好了,就要计算七天,然后才为洁净。
Sou wityèm jou a, l'a pran de toutrèl osinon de pijon, l'a pote yo bay prèt la devan pòt Tant Randevou a.
第八天,要取两只斑鸠或是两只雏鸽,带到会幕门口给祭司。
Prèt la va ofri yonn ladan yo pou wete peche li yo, l'a ofri lòt la pou boule nèt pou Bondye. Se konsa l'a fè sèvis pou mande Bondye padon pou fanm lan, paske règ la te mete l' nan kondisyon li pa t' ka fè sèvis Bondye.
祭司要献一只为赎罪祭,一只为燔祭;因那人血漏不洁,祭司要在耶和华面前为她赎罪。
Seyè a di Moyiz ankò: -Pale moun Izrayèl yo byen. Lè yo pa nan kondisyon pou fè sèvis Bondye, piga yo pwoche bò Tant Randevou a ki nan mitan kan kote yo rete a. Si yo fè sa y'a mouri.
「你们要这样使以色列人与他们的污秽隔绝,免得他们玷污我的帐幕,就因自己的污秽死亡。」
Men regleman pou yo swiv lè yon nonm pa ka fè sèvis Bondye paske li gen ekoulman osinon paske li voye sou li,
这是患漏症和梦遗而不洁净的,
lè yon fanm gen règ li, osinon lè yon nonm kouche ak yon fanm ki pa nan kondisyon pou fè sèvis Bondye, wi pou tout moun, fanm kou gason, ki gen ekoulman.
并有月经病的和患漏症的,无论男女,并人与不洁净女人同房的条例。