Lamentations 4

Gade jan bon lò pa klere ankò! Li chanje, li pèdi kalite li! Gade jan wòch Tanp yo gaye nan tout lari!
黄金何其失光!纯金何其变色!圣所的石头倒在各市口上。
Nan tan lontan nou pa ta bay moun peyi Siyon yo pou pi bon lò ki genyen. Gade! Koulye a, yo pa vo pase krich tè moun fè ak men.
锡安宝贵的众子好比精金,现在何竟算为窑匠手所做的瓦瓶?
Ata manman chat mawon bay pitit yo tete. Men, pèp mwen an mechan tankou otrich k'ap viv nan dezè. Yo pa pran swen pitit yo.
野狗尚且把奶乳哺其子,我民的妇人倒成为残忍,好像旷野的鸵鸟一般。
Lang ti bebe yo kole nan fon bouch yo sitèlman yo swaf dlo. Timoun yo ap rele mande manje. Pa gen pesonn pou ba yo anyen!
吃奶孩子的舌头因干渴贴住上膛;孩童求饼,无人擘给他们。
Moun ki te konn manje bon manje gou ap tonbe faya nan lari. Moun ki te elve nan gran kay ap chache manje nan fatra.
素来吃美好食物的,现今在街上变为孤寒;素来卧朱红褥子的,现今躺卧粪堆。
Peche lavil Jerizalèm pi gwo pase peche lavil Sodòm, ki te rete konsa Bondye disparèt li.
都因我众民的罪孽比所多玛的罪还大;所多玛虽然无人加手于她,还是转眼之间被倾覆。
Nazirit nou yo te san repwòch. Pi bon pase yo pa t' genyen. Yo te anfòm, yo te gwonèg. Yon bèl san wouj t'ap koule nan venn yo!
锡安的贵冑素来比雪纯净,比奶更白;他们的身体比红宝玉(或译:珊瑚)更红,像光润的蓝宝石一样。
Koulye a, se lonbraj yo ase ki la. Yo fini. Pesonn pa rekonèt yo nan lari. Po yo chèch tankou kòs bwa, yo tounen zo ak po.
现在他们的面貌比煤炭更黑,以致在街上无人认识;他们的皮肤紧贴骨头,枯干如同槁木。
Moun ki mouri nan lagè pi bon pase moun ki mouri grangou. Y'ap depafini jouk yo mouri. Yo pa jwenn anyen pou yo manje.
饿死的不如被刀杀的,因为这是缺了田间的土产,就身体衰弱,渐渐消灭。
Manman ki te renmen pitit yo anpil, koulye a, yo kwit yo pou yo manje. Lè malè a tonbe sou pèp mwen an, se sa yo fè pou yo pa mouri grangou.
慈悲的妇人,当我众民被毁灭的时候,亲手煮自己的儿女作为食物。
Seyè a fache nèt. Li limen yon sèl kalite dife nan lavil Siyon. Li boule l' ratè.
耶和华发怒成就他所定的,倒出他的烈怒;在锡安使火著起,烧毁锡安的根基。
Pesonn sou latè, pa menm wa peyi sou latè yo, pa t' vle kwè yon jou, moun ki pa vle wè pèp Bondye a ta antre nan pòtay lavil Jerizalèm!
地上的君王和世上的居民都不信敌人和仇敌能进耶路撒冷的城门。
Men, tou sa rive paske pwofèt li yo ak prèt li yo te peche. Yo te lakòz anpil moun ki mache dwat pèdi lavi yo mal.
这都因他先知的罪恶和祭司的罪孽;他们在城中流了义人的血。
Y'ap mache nan lari tankou moun avèg. Yo bade ak san. Pesonn pa gen dwa manyen rad yo.
他们在街上如瞎子乱走,又被血玷污,以致人不能摸他们的衣服。
Kote yo pase moun ap rele: Wete kò nou la! Nou pa pwòp! Pa pwoche! Pa manyen m'! Se konsa y'ap plede kouri sot nan yon peyi al nan yon lòt. Pesonn pa vle resevwa yo.
人向他们喊著说:!不洁净的,躲开,躲开!不要挨近我!他们逃走飘流的时候,列国中有人说:他们不可仍在这里寄居。
Seyè a pa vle wè yo ankò, se li menm ki gaye yo konsa. Li pa gen konsiderasyon ni pou pè yo ni pou chèf yo.
耶和华发怒,将他们分散,不再眷顾他们;人不重看祭司,也不厚待长老。
Je nou wouj afòs nou kriye. N'ap tann yon sekou ki pa janm vini. M'ap veye tann yon nasyon ki pa ka fè anyen pou delivre nou.
我们仰望人来帮助,以致眼目失明,还是枉然;我们所盼望的,竟盼望一个不能救人的国!
Lènmi ap veye kote nou prale. Nou pa menm gen dwa soti nan lari. Jou lanmò nou rive. Sa ki rete pou nou mouri a pa anyen.
仇敌追赶我们的脚步像打猎的,以致我们不敢在自己的街上行走。我们的结局临近;我们的日子满足;我们的结局来到了。
Moun ki t'ap kouri dèyè nou yo te pi rapid pase malfini k'ap plonje dèyè poul. Y'ap kouri dèyè nou nan tout mòn yo. Yo tann pèlen pou nou nan tout dezè a.
追赶我们的比空中的鹰更快;他们在山上追逼我们,在旷野埋伏,等候我们。
Moun Seyè a te chwazi a, li menm ki tout souf lavi nou, li menm nou te konprann ki ta ka toujou pwoteje nou pou lòt nasyon pa anvayi nou, yo pran l', yo mete l' nan prizon!
耶和华的受膏者好比我们鼻中的气,在他们的坑中被捉住;我们曾论到他说:我们必在他荫下,在列国中存活。
Nou menm, moun peyi Edon ki rete lavil Ouz, nou mèt fè kè nou kontan, nou mèt fè fèt! Tou pa nou dèyè, tande! Jou sa a, nou pral titibe toutouni nan tout lari.
住乌斯地的以东民哪,只管欢喜快乐;苦杯也必传到你那里;你必喝醉,以致露体。
Nou menm, moun lavil Siyon, nou fin peye pou peche nou yo. Bondye ap sispann pini nou! Men, nou menm moun Edon, Seyè a pral pini nou pou peche nou yo. L'ap denonse tou sa nou fè ki mal.
锡安的民哪,你罪孽的刑罚受足了,耶和华必不使你再被掳去。以东的民哪,他必追讨你的罪孽,显露你的罪恶。